Enprime  |    Imèl

Yon Nòt pou Lektè yo

 

Nan gid sa a tèm “vyolans konjigal” la vle di abi yon mari, madanm, menaj, patnè, oswa yon moun wap sòti avèk li fè ou. De moun pa bezwen rete ansanm pou abi ant yo kapab vyolans konjigal. Nou anploye tèm “vyolans konjigal” la pou l vle di menm bagay lòt otè yo vle di avèk tèm (“vyolans ant patnè entim”) “intimate partner violence” (IPV) avèk “abi konjigal” yo.


Nan gid sa a nou itilize pwonon feminen ( li ) (her, she ) pou refere nou avèk sivivan vyolans konjigal avèk pwonon maskilin (his, him) pou refere ak patnè kap fè abi a. Nou fè sa paske li pi fasil epwi li mwens bouye moun ke lè nou mele pwonon yo. Statistik montre plis vyolans konjigal yo se gason ki fè yo sou fanm. Genyen ka kote fanm abize gason, gason abize gason, fanm abize fanm. Enfòmasyon nan gid sa a kapab ede ou si ou se yon victim nan vyolans konjigal, ke ou fanm oswa ou gason, o ke patnè w la se yon fanm oswa yon gason.

"Apati isi a Kote nou prale a?" te enprime orijinèman an 1996 kòm yon manyel ekri yon goup avoka AmeriCorps nan Western Mass Legal Services (WMLS) nan yon pwojè National Services Legal Corps Battered Women’s Legal Assistance Project. Atravè ane yo, lòt goup avoka Amerika Corps te mete l ajou twa fwa.  An 2008, Massachusetts Law Reform Institute an kolaborasyon avèk WMLS te revize e mete ajou vèsyon anliy sa a. Tout opinion yo ki nan gid sa a, se opinion WMLS ake MLRI yo ye, amawenke nou ta di otreman. Gid sa a eksplike lwa a jan nou te konprann li lè nou tap fè piblikasyon an. Lalwa chanje souvan. Gen pati nan gid la ki kab pa kòrèk oswa ki depase tan yo lè wap itilize li. ou fèt pou w toujou tcheke ak yon avoka si w kapab. Gid la pa vle di li kab ranplase konsèy yon avoka. Si salè w ba ou petèt kapab jwenn èd legal gratis nan pwogram sèvis legal ki pre ou yo (local legal service office).


Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts
Dènye Mizajou 2008


Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).