Enprime  |    Imèl

HomeBASE avèk Lojman pou Ijans pou Fanmi Sanzabri ak Timoun yo avèk Fanm Ansent

 

Kisa HomeBASE ye?

HomeBASE se yon nouvo pwogram lojman pou fanmiy san kay avèk timoun yo ak pou fanm ansent. Li kòmanse nan 1mye Out 2011.

HomeBASE kapab ede peye lwaye avèk lòt depans lojman pou jis nan 3 zan. Ou dwe swiv yon plan estabilizasyon.

Kisa HomeBASE kapab peye?

Yon apatman pou ou rete pandan wap chèche lojman (si ou pa genyen okenn lòt kote ansite pou ou rete) e oubyen

A. Jiska $4,000 pa ane pou ede ou rantre nan nouvo apatman ou oswa rete avèk lòt moun oswa

B. Yon sibvansyon pou ede w lwe yon apatman bapri. Wap gen pou ou peye 35% revni ou pou lwaye avèk itilite.

Kisa yon Plan Estabilizasyon ye?

Yon Plan Estabilizasyon se yon plan pou ede ou rete nan lojman sibvansyone.

Ou dwe peye lwaye ou alè e ou fèt pou ou yon bon lokatè. Ou kapab genyen pou ou al travay oswa ale nan trening, ekonomize lajan ou e kenbe pitit ou lekòl.

Anvan ou siyen yon Plan Estabilizasyon, asire ou pou:

  1. ou konprannn plan an eke
  2. ou kapab fè sa ki nan plan an.

Si w pa swiv plan sa a, fanmiy ou kapab pèdi HomeBASE la. Ou ka pa kapab jwenn  èd ankò pou 2 zan plen.

Kòman m kapab jwenn HomeBASE?

Aplike pou Assistans pou Ijans(AI) nan biwo DTA (Welfè) ou a avèk yon Travayè Sosyal nan yon Depatman Lojman avèk Devlopman Kominite (DLDC).

Ou dwe:

  • genyen timoun oswa ou ansent
  • genyen revni trè ba
  • ou sanzabri oswa ou pral vin sanzabri nan kèk jou
  • pa genyen yon kote ansite pou ou rete, epwi
  • ou dwe konfòm ak lòt regleman AI.

Eske fanmiy m kab ankò jwenn lojman nan ijans si nou bezwen li?

Si ou pa genyen yon kote ansite pou ou rete e ou sanble w elijib, DLDK (DHCD) dwe mete ou nan lojman AI (EA) oswa yon HomeBASE pou tan-kout touswit.

Si DLDK (DHCD) ba ou yon lojman ansite pou ou rete pa entèmèdyè HomeBASE la, ou pap kapab jwenn lojman AI (EA).

Si ou se yon paran nan laj mwenske 21 nan,  DLDK (DHCD) ap mete ou nan yon lojman AI (EA) avan yo ba ou pwogram HomeBASE la.

E si DLDK (DHCD) pap ban mwen lojman oswa kalite èd HomeBASE la mwen bezwen an?

Pa refize yon plasman HomeBASE. Ou kapab pèdi chans ou pou lòt èd.  Men ou dwe rele mande konsèy:

Pou lokalize biwo sèvis legal ou yo, rele Sant Entèsesyon ak Resous Legal la (Legal Advocacy & Resource Center) nan 1-800-342-5297, oswa rele Koalisyon Massachusetts pou Sanzabri nan 781-595-7570 ext. 17 (Massachusetts Coalition for the Homeless at 781-595-7570 ext. 17) .


Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Jiyè 2011