Pa genyen tan paran oswa vizit
Eske tan paran, vizit, avèk sipò konekte?
Kisa “tan ak paran ye?”
Tribinal Famiy Avèk Siksesyon (The Probate and Family Court) te toujou konn rele tan timoun pase avèk paran yo pa abite avèk yo “vizit”. An jiyè 2015 tribinal la chanje mo yo itilize nan fòm yo pou mo "tan avèk paran."
Tribinal la di “tan avèk paran” (“parenting time”) se tan timoun pase avèk paran yo pa abite avèk yo. Tribinal la ankò itilize mo “vizit” pou vizit sipèvize avèk vizit ak gran paran.
Ki tribinal ki pran desizyon pou tan paran avèk vizit?
Tribinal Fanmiy avèk Siksesyon pase lòd pou tan paran avèk vizit.
Desizyon sou tan paran avèk vizit kapab fè pati yon pli gwo ka, kankou divòs, oswa kapab toujis pou tan paran ak vizit.
Tribinal Fanmiy avèk Siksesyon fè ka sou "lwa pou fanmiy", kankou divòs, deside sou patènite pou timoun paran yo pa marye yonn ak lòt, ka sipò pou timoun, ak separasyon legal.
Tribinal Fanmiy avèk Siksesyon fè ka lòd restriksyon 209A tou, e yo kapab pase lòd pou vizit nan ka sa yo, men sèlman si pleyan an mande sa.
Nòt
Tribinal Distrik ak Tribinal Minisipal Boston nan fè ka 209A, men yo pa kapab pase lòd pou vizit nan yon ka pou restriksyon 209A.
Kòman jij pran desizyon sou tan paran avèk vizit?
Jij baze yo sou “meyè enterè timoun nan” pou yo pran desizyon sa yo. “Meyè enterè timoun nan” oblije tribinal la pou li santralize li sou bezwen timoun nan. Al wè sitwèb Tribinal Fanmiy ak Siksesyon (Probate and Family Court) pou plis enfòmasyon sou "meyè enterè" timoun nan.
Orè pou tan paran
Tribinal la avèk oumenm deside souvan sou yon orè pou tan paran. Yon ekzanp orè tan paran se:
- chak fendsemèn nan 6:00 è diswa nan Vandredi, al nan 3:00 è aprèmidi nan Dimanch avèk
- nan fendsemèn altène lè Samdi nan 9:00 è dimaten al nan 5:00 è aprèmidi avèk
- yonfwa pa semèn aprè lekòl lè Mèkredi nan 3:00 è aprèmidi jiska 6:00 è diswa.
Sa se jis yon ekzanp sou orè tan pou paran. Orè ou dwe baze sou bezwen pitit ou avèk orè kotidyen chak paran.
Tan “rezonab” pou paran
Si paran kapab kominike fasilman, pafwa ou kapab pa bezwen yon orè pou tan paran. Olyedsa tan paran ou kapab fleksib e ou kapab ranje visit yo ant noumenm. Sa rele "tan paran rezonab."
Si pa genyen bòn kominikasyon ant oumenm avèk lòt paran an, li preske toujou pibon pou w genyen yon orè detaye pou tan paran an pou nou pa oblije nan kontak tout tan pou n eseye antann nou e dakò sou orè a.
Transpòtasyon pou tan paran oswa vizit
Lalwa pa di ki paran kid we bay transpòtasyon pou tan avèk paran an oswa vizit. Konsa oud we rive ak yon antant sou transpòtasyon.
Si nou pa kapab dakò, tribinal la kapab pase yon lòd ki di kilès ki responsab pou transpòtasyon nan ka w la.
Vizit sipèvize
Pafwa li kab pa pridan pou w kite pitit ou sèl avèk yon paran pandan vizit. Nan sitiyasyon sa yo, tribibal kapab òdone visit sipèvize.
Vizit sipèvize vle yon lòt moun rete avèk paran vizitè a pandan vizit yo. Se djòb sipèvizè a pou asire l pitit ou a ansirte e li santi ansirte.
Sipèvizè a asire li tou ke paran vizitè a aji nan fason apwopriye. Tribinal prefere òdone yon sipèvizè toulède paran yo kapab dakò sou li. Tribinal panse tou li enpòtan pou pitit ou a konfòtab avèk sipèvizè a.
Jeneralman, sipèvizè a kapab estope vizit la si li kwè pitit ou a pa ansirte pandan vizit la.
Sant pou vizit sipèvize avèk lòt ajans bay vizit sipèvize nan Massachusetts.
Vizit sipèvize enpòtan si paran vizitè a abizif, pwoblèm alkòl, dwòg, oswa lòt pwoblèm ki kapab mete pitit ou andanje.
Tan paran avèk vizit lè yon paran te abize lòt la
Si te genyen vyolans ant nou, li pa souvan pridan pou n genyen kontak ant nou pandan tan paran an oswa vizit. Pafwa paran abizè a itilize tan paran an oswa vizit la genyen kontak e kontwole lòt paran an.
Pitit ou a kapab anrisk pandan visit yon paran ki te abizif. Nan sitiyasyon sa yo, panse ak visit sipèvize.
Ou kapab ran visit plis ansirte pou ou avèk pitit ou nan panse sou:
Yon orè klè
Yon orè klè rann yon relasyon ant paran-pitit posib pou w pa oblije nan yon konstan yonn avèk lòt.
Yon bòn fason pou evite kontak avèk yon paran abizè pandan tan paran oswa vizit se pou genyen yon lòt moun vinn pran e retounen pitit la pou tan paran o vizit. Fòk moun sa a yon endividi nou toude fè konfyans e nou dakò sou li.
Oswa, si visit yo sipèvize, yo paran kapab depose timoun nan e ale avan lòt paran an rive.
Yon lòt fason pou ede w kominike sou tan paran oswa vizit
Menm avèk yon orè, ap genyen lè ou dwe kominike yonn ak lòt. Li souvan pibon pou n pa kominike dirèteman. Ou kapab chwazi you moun nou toulède fè konfyans pou kontakte lòt paran an si nenpòt nan nou bezwen chanje plan yo. Aranjman sa a pèmèt ou jere chanjman yo e pou w pa oblije nan kontak dirèk avèk lòt paran an.
Vizit sipèvize
Souvan, li enpòtan pou sirte nou toulède oumenm ak pitit ou pou vizit yo sipèvize. Paran abizè a kapab te abize pitit ou a otrefwa. Oswa ou kapab enkyè pou lavni.
Abi efreye timoun. Yo santi yo pè pou yo avèk paran abizè a si yon lòt moun pa la.
Si lòt paran pitit ou apa dakò ak aranjman sa yo, eke ou kwè yo nesesè pou sirte w avèk pitit ou, mande tribinal la pou òdone yo.
Si tribunal la deside te genyen abi
Si tribunal la deside yonn nan paran yo se yon paran abizè, tribunal la dwe ffouni sekirite ak byenèt pitit ou a avèk sekirite paran abize a nan lòd pou visit yo.
Tribinal la kapab pase lòd:
- pou depoze e al pran pitit ou nan yon kote sir oswa an prezans moun apwopriye;
- pou vizit sou sipèvizyon yon moun apwopriye, sant oswa ajans pou vizit;
- pou paran abizè a ale e konplete yon pwogram tretman sètifye pou batè pou li genyen vizit;
- pou paran abizè a pa genyen oswa itilize alkòl oswa dwòg pandan oswa 24 è avan vizit la;
- pou paran abiszè a peye pou vizit sipèvize a;
- pa gen visit ret dòmi;
- pou paran abizè a genyen yon kosyon pou retou pitit ou avèk sirte;
- pou envestigasyon oswa pou deziye yon
genvestigatè (guardian ad litem) oswa yon avoka pou pitit ou a;
- pou tout lòt bagay ki nesesè pou sirte ou avèk pou sirte ak byenèt pitit ou.
Eske pitit mwen an kapab vizite lòt paran an si mwen pran yon lòd pou restriksyon?
Yon lòd pou restriksyon kapab ranpli bezwen w pou sekirite ou e ankò pèmèt vizit pou pitit ou.
Pa ekzanp, si ou vle pou pitit ou wè lòt paran an oswa genyen kontak avèk lòt paran an, ou kapab mande jij la pou pase lòd pou "no kontak" nan lòd pou restriksyon an aplikab pou ou men pa pou timoun yo.
Pale avèk yon avoka oswa yon asistan pou vyolans domestik apwopo yon lòd pou restriksyon ki kapab kenbe w ansirte e ankò pèmèt timoun ou genyen vizit oswa kontak avèk lòt paran yo.
Si yon lòd pou restriksyon pèmèt paran abizè a genyen kontak avèk pitit ou yo, sa pa menm bagay ak bay paran abizè a dwa pou vizit.
Tribinal pa sipoze bay yon akize dwa vizit nan yon pou lòd pou restriksyon.
Pa genyen tan paran oswa vizit
Nan sèten sitiyasyon ra, li kapab nan pibon enterè pitit ou a pou l pa genyen okenn kontak avèk yon paran. Yon ekzanp sèke lè yon paran te abize pitit ou a, menm nan vizit sipèvize a pitit la ap tromatize lè li wè paran sa a. Lòd kote yo refize yon paran okenn tan paran oswa vizit yo ra. Men yon tribunal kapab pase lòd la pou pwoteje pitit ou kont plis domaj.
Pale avèk yyon avoka si ou bezwen pou tribunal la pa bay lòd pou tan paran oswa vizit.
Tan paran, vizit, avèk sipò timoun- eske genyen yon koneksyon?
Pèman sipò pou timoun avèk tan paran oswa vizit pa konekte.
Peye sipò timoun pa otomatikman ba ou dwa pou w genyen tan paran oswa vizit.
Anmenm tan an, yon paran pa oblije peye sipò pou yon timoun pou li genyen tan paran oswa visit. Si yon paran pa peye sipò eke ou genyen yon akò oswa lòd tribunal pou tan paran oswa vizit paran sa a ankò genyen dwa pou tan paran oswa vizit.
Tribinal akòde tan paran oswa vizit lè yon jij deside li nan meyè enterè timoun nan. Tribinal aplike “Direktif pou Sipò Timoun Massachusetts (Massachusetts Child Support Guidelines)” pou pase lòd pou sipò timoun.