Nouvo Kowonaviris (COVID-19)

Revize 23 mas 2020

Avi ijan Konsènan Nouvo Kowonaviris la (COVID-19)

cdc bloke mikwòb

Jou ki te 10 mas la, Gouvènè Charlie Becker te deklare yon Eta Dijans pou bay biwo ki ofri sèvis leta yo ak ajans leta yo plis libète pou yo ka reponn a epidemi Maladi Kowonaviris 2019 (COVID-19) la.

Pwogram èd jiridik nan Massachusetts yo toujou ap ede kliyan yo pandan ijans COVID-19 la. Men, biwo yo p ap louvri pou piblik la vini san randevou. Si ou bezwen èd, rele pwogram èd jiridik lokal ou a nan telefòn oswa kontakte yo sou entènèt la.

Tribinal yo ak plizyè ajans te chanje fason yo opere oswa ba ou sèvis. Nou fè yon rezime gwo chanjman ou bezwen konnen yo. Men, se chak jou pwosedi yo ap chanje. Se poutèt sa n ap mande w pou ou suiv lyen ki mennen ou nan plizyè lòt paj yo pou w asire ou jwenn enfòmasyon ki pi resan yo.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).