You are here

Lis Kontwòl pou Fòm yo- Pou w mande yon Lòd pou Entèdiksyon 209A

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize Jen 2020

Si e ou bezwen yon lòd pou entèdiksyon 20A, ou bezwen omwen ranpli 5 fòm:

  1. Plent pou pwoteksyon kont Abi  (G.L. c. 209A) Paj 1
  2. Plent pou Pwoteksyon kont Abi (G.L. c. 209A) Paj 2 (Si ou genyen timoun mwenske 18 tan) 

     

     
  3. Fòm Enfòmasyon konfidansyèl pou Pleyan
  4. Fòm Enfòmasyon pou Akize
  5. Deklarasyon Sou Sèman Pou Divilge Pwosedi Pou Swen Oswa Pou Gadyenaj (Si ou genyen timoun mwenske 18 tan)

Tribinal la tradwi an Kreyòl Ayisyen prèske tout fòm ou bezwen nan laplipa ka lòd pou entèdiksyon.

Itilize fòm Kreyòl Ayisyen an pou ede w konpran e ranpli fòm Anglè yo. Tribinal yo aksepte fòm Anglè yo sèlman. E tout fòm Anglè yo eksepte AFIDAVI a dwe ranpli konplètman an Anglè.

Si ou bezwen èd pou w tradwi enfòmasyon w yo pou fòm an Anglè yo, grefye a ap ba ou yon entèprèt lè ou ale depoze fòm yo.

  • Plent pou Pwoteksyon kont abi ( G.L.c. 209A) Paj 1 Se fòm prensipal ou ranpli a pou w jwenn yon lòd entèdiksyon. Li genyen kare pou w tcheke avèk espas pou w ranpli non avèk enfòmasyon bazik sou ou, relasyon ou avèk akize a, e sa wap mande tribinal la pou li òdone. Itilize fòm sa pou ede ou ranpli premye paj "Complaint for Protection from Abuse (G.L. c. 209A) Page 1".
  • Deklarasyon sou Sèman se AFFIDAVIT Kreyòl Ayisyen. Itilize li sèlman pou w konprann sa fòm AFIDAVIT a di. AFIDAVIT a nan twazyèm paj "Complaint for Protection from Abuse (G.L. c. 209A) Page 1."
  • Complaint for Protection from Abuse (G.L. c. 209A) Page 1
    Fòm Anglè a genyen 1 paj. Itilize Mande yon Lòd pou Pwoteksyon Kont Abi (chap. 209A Lwa Jeneral yo) pou ede w ranpli premye paj la. Paj 4 se AFFIDAVIT. Se sèl fòm Anglè wap ranpli an Kreyòl Ayisyen. Gade Deklarasyon sou Sèman an pou w konprann sa AFFIDAVIT Anglè a di. Men ekri sou fòm AFFIDAVIT an Anglè a. Nan AFFIDAVIT a, di jij la, an Kreyòl Ayisyen sa ki te pase ak poukisa ou bezwen yon lòd 209A. Ekri sak te pase a ekzakteman. Pa sèlman di, "Li menase mwen." Ekri sal di oubyen sal fè: "Li di mwen lap pran revolvè li lap tire mwen."Kòmanse ak ensidan ki plis resan an. Eksplike poukisa ou bezwen yon Lòd pou Entèdiksyon. Di jij la ou pè. Enkli enfòmasyon sou frakti, si timoun yo te la oswa yo te blese, polis ki te la, tretman medikal, lòt èd ou te jwenn, oswa bagay ou ki kraze.
    Lè ou siyen AFFIDAVIT a, ou sèmante sa ou di nan AFFIDAVIT a avèk nan plent la se laverite pou lemye ou konnen. Si ou te pran fòm lan nan tribinal la AFFIDAVIT a nan do paj 1 an.

    Paj 1 se Instructions to the Plaintiff (Enstriksyon pou Pleyan) Ou se "pleyan an." Fòm sa di ou kòman pou w ranpli lòt fòm yo. Pa genyen tradiksyon pou enstriksyon sa yo.

  • Demand pou Lòd pou Pwoteksyon Kont Abi (Chap. 209A General Laws) paj 2 nan 2 (Si ou genyen timoun mwenske 18 tan)
    Fòm sa a mande si timoun ou yo enplike nan ka nan tribinal lafamiy. Ou itilize fòm sa a pou mande lòd pou gadyen, kontak avèk pitit ou, vizit, oswa sipò pou timoun.  Itilize li pou ede w ranpli fòm pou Plènt pou Pwoteksyon kont Abi (G.L.c. 209A) Paj 2 nan 2 "Complaint for Protection from Abuse (G.L. c. 209A) Page 2 of 2".
  • Fòm pou Enfòmasyon Konfidansyèl Pleyan an
    Nan fòm sa a ekri non, adrès kay, nimewo telefòn kay avèk lekòl. Enfòmasyon sa a konfidansyèl. Yo pa pèmèt akize a, avoka akize a ak piblik la pa pou yo wè li. Se sèlman sèten moun ki otorize pou mande enfòmasyon sa yo ki kapab wè yo. Men yo dwe toudabò soumèt yon fòm pou Request for Access to Confidential Information (Rekèt pou Aksè ak Enfòmasyon Konfidansyèl). Itilize fòm sa a pou ede ou ranpli "Plaintiff Confidential Information Form."
  • Fòm Enfòmasyon sou Akize a
    Tribinal la bay lapolis enfòmasyon sa a pou yo kapab jwenn akize a pou delivre lòd la. Enkli ladan tout enfòmasyon ki kapab ede lapolis jwenn akize a. Itilize fòm sa a pou ede ou ranpli "Defendant Information Form."
  • Deklarasyon Sou Sèman Pou Divilge Pwosedi Pou Swen Oswa Pou Gadyenaj
    Fòm sa a mande pou lòt ka nan tribinal lafamiy ki enplike pitit ou a. Itilize fòm sa a pou ede ou ranpli "Affidavit Disclosing Care or Custody Proceeding Involving a Child".
  • Affidavit Disclosing Care or Custody Proceeding Involving a Child(Si ou genyen timoun mwenske 18 tan)

Lòt fòm ou kapab bezwen tou

  • Ou kapab bezwen kèk lòt fòm.

  • Deklarasyon sou Sèman Pleyan an pou Jistifye Rekèt pou yon Lòd pou Sipò pou Timoun
    Ou kapab mande tribinal la pou li òdone akize a pou li peye sipò pou timoun. Itilize fòm sa a. Genyen plas nan fòm sa pou mete enfòmasyon bazik sou revni avèk depans toulède paran yo. Itilize fòm sa a pou ede ou ranpli  "Plaintiff’s Affidavit in Support of Request for Child Support Order."
  • Plaintiff’s Affidavit in Support of Request for Child Support Order
  • Rekèt pou Pwoteksyon Enfòmasyon Pèsonèl Avèk Deklarasyon sou Sèman
    Itilize fòm sa a
    • Si genyen nenpòt bagay nan papye 209A a ou bezwen anpeche moun wè menm lè yo ta gen dwa pou wè yo. Ou kapab bezwen pou w anpeche moun ki kapab wè Plaintiff Confidential Information Form (Fòm Enfòmasyon Konfidasyèl Pleyan an) pou l wè li.
    • Oswa si ou bezwen kenbe lòt enfòmasyon nan papye tribinal ou konfidansyèl.

    Ou dwe eksplike nan fòm lan poukisa ou bezwen pou yo kenbe enfòmasyon sa yo konfidansyèl. Rezon pou w kenbe enfòmasyon sa a konfidansyèl la dwe pliske pou w ta sèlman bezwen pwoteje entimite ou. Rezon yo dwe montre ou bezwen pou tribinal la kenbe enfòmasyon sa yo sekrè pou pèsòn pa kapab itilize yo pou fè ou mal. Itilize fòm sa a pou ede ranpli "Motion for Impoundment" an.

  • Motion for Impoundment
  • Si afidavi ou a an Kreyòl Ayisyen, ou bezwen
    Translation of Affidavit (Tradiksyon Afidavi)
    Fòm sa an Anglè sèlman. Itilize fòm sa si afidavi w la pa an Anglè. Moun ki tradwi afidavi a ekri tradiksyon Anglè a nan fòm sa a. Tradiktè a siyen e ekri non li anba paj la, kote li di, an Anglè “Mwen founi yon tradiksyon ekri an Anglè, konplè e ekzak lemye ke m kapab.”
  • Si bèt domestik ou bezwen pwoteksyon ou bezwen
    Petition Filed Pursuant to G.L. c. 209A, § 11 Relative To Domesticated Animal(s) (Rekèt Soumèt Daprè G.L.c. 209A, § 11 konsènan Animal Domestik).
    Pou koulye a se an Anglè sèlman ou kapab jwenn fòm sa a. Tribinal la pa tradwi li. Si ou bezwen èd pou tradwi enfòmasyon ou pou fòm sa a, grefye a ap ba ou yon entèprèt.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).