Machaswiv Chapit 209A pou Prevansyon kont Abi (Chapter 209A Abuse Prevention Guidelines), nouvo e revize, rantre anvigè an Septanm, 2011. Nouvo machaswiv yo refere ak nouvo fòm 209A yo (new 209A forms). Dat nouvo fòm yo rantre anvigè se 17 Janvye 2012.
Tribinal la entwodwi Machaswiv sa yo pou ede jij yo avèk anploye tribunal yo fè fas avèk anpil pwoblèm konplèks yo ki prezante nan ka 209A yo. Tribinal la entwodwi machaswiv yo pou ankouraje sirte avèk ekite.
Machaswiv 2011 yo avèk fòm yo gen seksyon nouvo e revize ki kapab ede ou pou w fizikman e finansyèman ansirte.