Seksyon 3:04 Machaswiv 2011 yo, paj 66 di (Section 3:04 of the 2011 Guidelines, page 66 says that)
Tribinal yo dwe anrejistre tout odyans 209A yo elektwonikman.
Jij yo pa dwe janm fè odyans nan biwo yo.
Jij yo dwe fè tout odyans 209A yo nan sal tribunal la, anpiblik.
Men jij la kapab deside pou l fè odyans ou a anprive. Yo kab fè odyans la akote “kare” yo a. Kare a se tab biwo jij la padevan nan sal tribunal la. Oswa yo kapab fèmen pòt sal tribunal la. Machaswiv yo di jij la kapab fè odyans la bò tab biwo li a lè gen kesyon ki delika kankou atak seksyèl oswa abi timoun.
Si oumenm oswa akizè a bezwen jij la fèmen sal tribunal la, ou gen pou w konvenk li pou montre l ou gen yon trè bon rezon. Ou dwe montre sa ap blese w anpil si odyans la fèt anpiblik. Se yon bagay ki ra anpil pou yon jij fèmen sal tribunal la. Jij la dwe anrejistre rezon ki fè li fèmen sal la pou yon tribunal apèl. Tribinal dapèl la kab deside si lòd pou fèmen an te apwopriye.
Tout odyans 209A, piblik, bò kare jij la, oswa nan sal fèmen dwe ankò anrejistre.