You are here

Eske m kapab resevwa lajan pou sipò timoun?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize October, 2009

Ou kapab mande tribunal la lajan pou sipò timoun si pitit ou a rete plis tan avèk ou. E lòt paran an pa rete avèk ou ak pitit la. Ou pa bezwen te marye avèk lòt paran an pou w genyen sipò pou timoun nan. Timoun gen dwa pou sipò nan men toude paran yo menmsi te janm marye ou pa.

Ou dwe depose yon plent nan tribinal (complaint in court) pou w resevwa lajan pou sipò timoun. Wè Kòman pou m aplike pou lajan pou sipò timoun? pou w aprann fè.

1. Si mwen genyen TAFDC, eske m kapab resevwa lajan pou sipò timoun tou?

Si lajan pou sipò timoun nan pi piti pase alokasyon TAFDC w la, ou kapab kenbe alokasyon TAFDC a ak $50 nan lajan pou sipò timoun nan. Rès obligasyon alimantè a pral jwenn leta.

Si lajan pou sipò timoun nan plis pase alokasyon mansyel TAFDC a, yap fèmen ka TAFDC w la.

Eske mwen kapab jwenn lajan pou sipò timoun si m nan TAFDC? Repons la eksplike plis sou sak pase avèk lajan pou sipò timoun nan ak TAFDC a.

2. Eske m dwe ede biwo èd sosyal la touche lajan pou sipò timoun nan men papa pitit mwen an.

Si w resevwa TAFDC, lalwa di ou fèt pou ede Depatman Asistans Tanporè a (DTA) avèk Depatman Revni (DOR) pou jwenn yon lòd kont lòt paran timoun ou an pou fè l peye sipò. Men si ou pè lòt paran an wap kapab mande yon “ekzanpsyon pou bòn kòz.” Avèk yon “ekzanpsyon pou bon koz,” ou pap oblije ede eta a jwenn lajan pou sipò timoun nan. Ou pa menm oblije bay non lòt paran an. Ou kapab estope DTA ak DOR pou yo pa al chèche ditou sipò.

Mwen pè papa pitit mwen an. Repons la eksplike kòman pou w mande pou (bon koz) “good cause" konsa (so) ou pa bezwen bay DTA enfòmasyon e/oswa kopere nan jwenn sipò pou timoun nan.

3. Eske m kab jwenn sipò si pitit mwen an genyen plis ke 18 tan?

Nan Massachusetts ou kapab jwewn lajan pou sipò timoun pou nenpòt timoun ki genyen 18 tan o mwens.
Ou kapab jwen sipò pou yon timoun ki genyen plis ke 18 tan tou si:

  • Pitit ou a gen 18, 19, or 20 tan, li abite avèk ou, e li depann de ou pou sipò, oswa
  • Pitit ou a genyen 21 o 22 zan , li nan kolèj oswa nan pwogram pwofesyonel e li rete avèk ou lè li pa lekòl; oswa
  • Pitit ou a genyen 18 tan (nenpòt ki laj) men li pa kapab sipòte tèt li paske l andikape.

Ki moun pou rele pou ede w