You are here

Eske mwen kab jwenn èd avè ka lajan pou sipò timoun mwen an?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize October, 2009

9. Eske mwen kab jwenn èd avèk ka lajan pou sipò timoun mwen an?

Ou kapab fè yon avoka depoze yon plent si ou pa vle fè li ou menm. Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis--rele pwogram legal sèvis lokal ou a (your local legal services program) pou w konnen.

Si w genyen TAFDC èd sosyal (welfare), wap genyen èd Depatman Revni (Department of Revenue) otomatikman (amwenke ou genyen yon “bon koz” pou w pa ale dèyè sipò).

Si ou pa nan TAFDC, ou kapab aplike nan Depatman Revni pou sèvis sipò timoun gratis (apply for free child support services from the Department of Revenue (DOR)).

10. Si m aplike pou lajan pou sipò timoun mwen menm, eske genyen okenn moun ki kapab ede m?

Anpil Tribinal Lafanmiy ak Omologasyon genyen èd gratis pou moun ba revni. Kèk tribinal genyen avoka volontè, yo rele (“avoka desèvis”) "lawyers for the day." Lòt tribunal genyen moun yo rele (“ Fasilitatè Lwa Lafanmiy”) “Family Law Facilitators”. Tout moun sa yo kapab pale avèk ou sou ka e ede w ranpli fòm tribunal yo. Men yo pap antre al pale pou ou devan jij la.

Rele Tribinal Fanmi ak Omologasyon Lokal ou a (your local Probate and Family Court) pou wè si genyen yon (“avoka desèvis”) “lawyer of the day” oswa yon “Fasilitatè Lwa Fanmi” (“Family Law Facilitator”). Si ou pale ak yon “avoka desèvis" ("lawyer for the day") oswa yon “Fasilitatè Lwa Fanmi” (“Family Law Facilitator”) mande èd pou ranpli Afidavi Endijans la (Affidavit of Indigency), pou fè leta peye frè pou depoze rekèt la ak tout lòt frè tribunal yo.

Ou kapab rele biwo sèvis legal lokal yo (local legal services office) pou èd. Sèvis legal lokal kapab reprezante w nan tribunal, oswa refere ka w la bay yon avoka gratis, oswa ede w soumèt ka a ou menm. Kèk nan pwogram sèvis legal yo bay klas gratis pou moun fè divos pou kont yo.

Anpil pwogram pou fanm yo bat ak kèk tribunal yo genyen defansè legal ki kapab ede ou jwenn yon lòd pwotektè 209A (209A protective order) ki enkli yon lòd pou lajan pou sipò timoun.

11. Kòman DOR kapab ede m?

DOR ede kolekte obligasyon alimantè pou tout “paran ak titèl” ("custodial parents") (paran ki genye titel fizik pitit yo) nan Massachusetts.

Yon avoka DOR kapab depoze yon plent pou sipò timoun e agimante ka w la devan jij.

DOR ap pran yon lòd tribunal ki di anployè lòt paran an pou pran montan lajan pou sipò timoun nan nan salè li e voye li bay eta a. DOR dèlò ap voye pèman an ba ou oswa si w genyen TAFDC, bay Depatman Asistans Tanporè (DTA).

Li enpòtan pou w konnen DOR sèlman ede moun avèk lajan pou sipò timoun. DOR pa rantre nan kesyon titel ak visit.

Si ou nan TAFDC, Depatman Asistans Tanporè a (DTA) ap ede w jwenn sèvis DOR.

Si ou pa nan TAFDC, ou kapab ankò genyen sèvis gratis pou sipò timoun nan DOR. Ou kapab aplike anliy (apply online). Ou kapab tire yon aplikasyon (download an application) tou nan MassLegalHelp.org oswa jwenn yonn nan Tribinal Fanmi ak Omologasyon local ou a epwi voye l ale.

Ou kab genyen pou w tann lontan avan DOR rive sou ka ou a. Ou ta kab vle aplike pou obligasyon alimantè a ou menm an atandan. Rele biwo sèvis legal ou a (your local legal services office) pou wè si w kalifye pou èd legal gratis. Oswa rele yon sèvis referans pou avoka (lawyer referral service) pou eseye jwenn yon avoka prive pou ede ak yon pri ou kapab peye.

12. E si m nan tribunal avèk DOR nan yon ka lajan pou sipò timoun epwi lòt paran an mande vizit pwochen fen semèn nan?

 

Depatman Revni (Department of Revenue (DOR)) okipe ka lajan pou sipò timoun sèlman. Yo pa ede avèk titel oswa visit.

Si lòt paran an pat sèvi papye tribunal ki di li vle soulve kesyon titel oswa visit, tribunal la dèlò pa dwe kite li pale sou titel oswa visit. Si lòt paran vle mande tribinal la vizit oswa titel, li fèt poul depoze dokiman an devan tribinal la epwi voye yon notis pou yon lòt jou bay tribinal la pou w kapab genyen tan pou w panse sou sa pou w di e pou prepare ka ou a.

Si lòt paran an mande pou titel oswa visit pandan ou nan tribunal pou lajan pou sipò timoun nan, di jij la:

  • kesyon abi yo nan ka ou a;
  • lòt paran pat ba ou okenn papye ki di li pral soulve kesyon sa yo; epwi
  • ou ta vle genyen konsèy legal.

Si wap travay avèk DOR, ou ta dwe pale DOR de abi yo touswit epwi raple yo lè ou ale nan tribunal.

13. Si jij la pase yon enjonksyon pou lajan pou sipò timoun, kijan pou m asire m lòt paran an peye l?

Abityelman Tribinal la òdone anplwayè lòt paran an pou pran montan lajan pou sipò timoun nan dirèkteman sou chèk moun nan. Yo rele sa (“alokasyon sou salè”), "wage assignment," (alokasyon sou revni) “income assignment,” or (“ sezi sou salè”) “garnishing.)”. Anplwayè tire obligasyon alimantè a sou chak chèk salè yo, menmjan ak taks, ak lòt dedikson yo. Anplwayè a voye lajan an bay Depatman Revni (Department of Revenue) (DOR). DOR dèlò voye lajan an ba ou. (Si ou nan TAFDC, DOR sèlman voye yon pati sipò timoun nan ba ou. Li sou sa).

Mande tribunal la pou pase yon lòd pou di anplwayè a pou pran montan lajan pou sipò timoun nan dirèkteman nan chèk salè lòt paran an. Jij oswa grefye a ap ranpli yon fòm pou dediksyon sou salè (wage assignment form) epwi voye l bay anplwayè lòt paran an. Si lòt paran an ap kolekte alokasyon chomaj, tribunal la ap voye fòm la bay Biwo Chomaj.

Menm fòm sa a kapab òdone anplwayè paran an pou mete ou menm avèk/oswa pitit la sou plan asirans sante l la.

14. Lòt paran pitit mwen an toujou ap chanje travay e/oswa li touche “anba tab”. Kisa m kapab fè?

Si jij la pa kapab òdone pou pran lajan an sou salè li, jij la dèlò ap òdone lòt paran an pou peye sipò timoun nan li menm

Si ou genyen yon enjonksyon pou sipò epwi lòt paran an refize peye, estope peye, ou kapab depoze yon Plent pou Dezobeyisans (Complaint for Contempt). Se yon plent ki mande tribinal la pou fè lòt paran an obeyi enjonksyon pou lajan pou sipò timoun nan. Ou depoze li nan menm tribinal la kote ou te resevwa enjonksyon original la pou sipò a. Pa genyen okenn chaj pou depoze plent sa a, men genyen yon frè pou cherif la pou sèvi l bay lòt paran an avèk yon manda “ summons” (yon dokiman ofisyel ki di lòt paran an tribunal la pral fè yon odyans). Nan odyans la tribinal la kapab pase yon nouvo enjonksyon) Si revni w ba, ranpli yon Afidavi pou Endijans (Affidavit of Indigency) pou fè eta a peye frè cherif la.

Ou dwe vin nan tribinal nan dat la ki endike sou manda a. Si lòt paran an di li pa genyen lajan ni travay, wap genyen yon chans pou w eksplike jij la poukisa ou panse se pa vrè.

Ekzanp

Ou kapab eksplike lòt paran an ap travay anba tab, oswa travay pou fanmi, oswa lap kondwi yon nouvo machin. Mennen temwen ki te wè lap travay, oswa ki te wè li gen lajan. Pote foto bel machin li an. Pote dosye pèman lajan pou sipò timoun nan pou montre lè li te manke peye yo.

Aprè li fin tande ka a, jij la deside sou montan lajan pou sipò timoun nan paran an dwe (yo rele sa aryere). Si jij deside lòt paran an dwe lajan oswa li dezobeyi lòd la, jij la ap ekri yon nouvo enjonksyon. Nouvo enjonksyon an kapab di lòt paran dwe peye sa li dwe a nan yon sèten dat. Jij la kapab mete li nan yon selil detansyon nan tribunal la, oswa voye li nan prison jiskske li peye, oswa pou pi lontan. Pafwa paran ki ensiste yo pa kapab peye sipò konn kapab vin jwenn lajan an nan pwen sa a.

Si jij la voye lòt paran an nan prison, ou kapab mande jij la pou kite li soti pandan lajounen pou li travay pou l pa pèdi travay li- -sa rele (“ libere pou travay”) “work release.”

Si lòt paran an genyen istwa chomaj oswa kite travay, ou kapab mande jij la pou pase l lòd pou chèche travay sou sipèvizyon Biwo Pwobasyon Tribinal la. Si jij la dakò li kapab pase l lòd pou aplike pou yon sèten nonb travay pa semèn jiskaske li jwenn yonn, epwi pou li bay tribinal la rapò sou li.

Si lòt paran an ankò pa peye aprè tou sa, ou kapab bezwen depoze yon lòt Plent pou Dezobeyisans e mande jij la pou mennen li nan tribunal ankò. Sil ankò pa peye, e ou kontinye fè yo mennen l nan tribunal, jij la kapab kenbe li nan yon celil detansyon nan tribunal la oubyen voye l nan prison.

Si lòt paran an pa konparèt devan tribunal la pou odyans sou dezobeyisans la, jij la ap pwobableman mete yon (“manda”) “capias," ki tankou yon manda pou arete li. Cherif komin nan oswa yon ajan polis dèlò sipoze soti al arête li e mennen l nan tribunal. Sa pa menm bagay ak arestasyon kriminel. Rezon yo arete lòt paran an sou manda a se jis pou fè li vin nan tribunal. Si revni ou ba e ou te ranpli yon Afidavi pou Endijans (Affidavit of Indigency), tribunal la dwe peye frè yo pou cherif la arête papa pitit ou a. Men ou fèt pou tcheke ak grefye a pou w konnen si w pa dwe ranpli yon nouvo Afidavi pou Endijans pou kouvri frè ekstra yo.

15. E ajans lajan pou sipò timoun prive yo?

Depwi ou genyen yon lòd, ou kapab mande yon ajans pou obligasyon alimantè prive pou jwenn lajan an pou ou.
Laplipa ajans lajan pou sipò timoun prive yo pap ale nan tribunal pou genyen yon enjonksyon pou sipò, men yap eseye kolekte sipò ki déjà òdone.
Ajans koleksyon prive kapab jwenn rezilta pi rapid pase Depatman Revni an (Department of Revenue) (DOR). Yo itilize taktik gwo presyon tankou:

  • Kontakte lòt paran an dirèkman lakay li;
  • Pale avèk vwazen lòt paran an ak kolèg travay li;
  • Menase pou l mete sele sou pwopriyete lòt paran an; epwi
  • Kontakte lòt paran an ankò e ankò.

Pran prekosyon nan itilize ajans sa yo. Ajans prive yo abityelman pran yon pòsyon nan montan lajan pou sipò timoun nan pou frè yo. Pafwa you pran otanke 40% nan obligasyon alimantè yo kolekte. Depwi ou genyen yon akò avèk yon ajans koleksyon lajan pou sipò timoun nan prive, yo kapab menm pran yon pòsyon nan montan lajan pou sipò timoun ou kolekte ou menm oswa DOR kolekte pou ou.
Si ou deside travay avèk yon ajans koleksyon prive:

  • Toujou mande tout ajans koleksyon lajan pou sipò timoun prive sou frè yo avan ou deside pou ou travay avèk yo.
  • Asire ou konprann tèm tout kontra yo avan ou siyen yo. Kèk ajans prive mete bagay nan kontra yo ki fè kontra a kontinye pou lontan.
  • Asire ou yo genyen lontan depwi yo nan biznis epwi yo genyen yon nimewo telefòn avèk yon ri kòm adrès kote ou kapab kontakte yo.

Pou w jwenn yon ajans koleksyon lajan pou sipò timoun prive prè ou, eseye gade nan paj jonn liv telefòn nan oswa mande avoka yo nan zòn ou an.

Ki moun pou rele pou ede w