You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Si m aplike pou lajan pou sipò timoun, konbyen lajan map jwenn?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize August 2013

Massachusetts genyen “Gid pou Lajan pou Sipò Timoun” (“Child Support Guidelines”) jij dwe itilize pou detèmine montan lajan pou sipò timoun paran ki pa genyen titel timoun dwe peye chak semèn.

Ou kapab determine montan lajan pou sipò timoun ou dwe touche si ou itilize Fèykalkil Gid pou Lajan pou Sipò Timoun (Child Support Guidelines Worksheet). Wap bezwen enfòmasyon nan deklarasyon finansye lòt paran an pou w rantre nan fèykalkil la. Li kapab difisil pou w itilize l si w nouvo nan sa. Ou kapab gade nan yon echantiyon fèykalkil (sample worksheet) pou wè kòman pou w ranpli li. Sèvis Obligasyon Alimantè Depatman Revni (Department of Revenue Child Support Services) genyen kalkilatè anliy (online calculator) ou kapab itilize pou ou estime montan lajan pou sipò timoun tribinal kapab òdonnen. Tribinal la ap gade Fèykalkil Gid lajan pou sipò timoun nan pou deside montan sipò lòt paran an ap peye. Nan kèk rar ka tribunal la kapab òdonnen yon diferan montan.

Tribinal la kapab dòdinè òdonnen lòt paran peye omwen $80.00/mwa. Dòdinè si lajan lòt paran an pitit anpil tribinal la kapab pa òdonnen li peye anyen.

Si lòt paran an pap travay, tribunal kapab rekòmande l ale chèche travay e pou li rapòte efò li nan rechèch la bay tribunal la.

16. Kòman sa ap afekte lajan pou sipò timoun mwen an si papa a genyen lòt pitit?

Si papa timoun ou yo genyen lòt pitit, ou kapab resevwa mwens obligasyon alimantè.Daprè Gid pou Lajan pou Sipò Timoun a, jij la genyen pou li konsidere montan obligasyon alimantè papa a peye sou yon lòt enjonksyon pou lajan pou sipò timoun avan li deside montan sipò a pou piti ou a.

Pou w konnen kòman sa ap afekte lajan pou sipò timoun ou, ou dwe konnen konbyen lajan papa a peye pou sipò lòt timoun yo. Soustrè montan sa a nan salè papa a avan taks. Itlize chif sa a kòm salè papa a lè ou itlize Fèykalkil Gid pou Lajan pou Sipò Timoun (Child Support Guidelines Worksheet) pou w konnen montan sipò a li dwe peye pou pitit ou a.

Ekzanp

Annou di lòt para an fè $100/semen avan taks, e lip peye $25/semen pou sipò yon lòt timoun. Soustrè $25 nan $100, e ou genyen $75. Ekri $75 nan liy pou salè ebdomadè papa a lè ou itlize Fèykalkil Gid pou Lajan pou Sipò Timoun (Support Guidelines Worksheet) pou w kalkile montan sipò li dwe peye pou pitit ou a.

17. Eske m kapab chanje enjonksyon lajan pou sipò timoun m nan pou m jwenn plis?

Ou kab resevwa plis lajan pou sipò timoun si “sikonstans finansye” (“financial circumstances”) chanje anpil depwi dènye enjonksyon an. Kèk ekzanp chanjman yo ki fè yon diferans se:

  • revni lòt paran an ogmante omwen 20%;
  • pitit ou ki pli gran vin genyen trèzan;
  • ou tap fè omwen $20,000 lè w te jwenn enjonksyon an e koulye a ou fè mwens; oswa
  • yonn nan timoun ou yo pat avèk ou men li retounen rete avèk ou koulye a.

Etap pou w konnen si genyen ase gran chanjman pou fè chanje enjonksyon pou lajan pou sipò timoun w la se:

  • Tcheke Fèykalkil Gid pou Lajan pou Sipò Timoun (Child Support Guidelines Worksheet) oswa kalkilatè anliy (online calculator).
  • Ranpli nouvo enfòmasyon an.
  • Divize repons ou jwenn nan fèykalkil la oswa kalkilatè anliy la pa montan sipò ou resevwa koulye a.
  • Si repons la se 1.2 oswa plis, ou kapab petèt genyen yon nouvo enjonksyon.

Wap bezwen depoze yon Plent pou Modifikasyon (Complaint for Modification) pou mande yon nouvo enjonksyon pou lajan pou sipò timoun.

Wap bezwen fè yon cherif oubyen yon ajan polis sèvi plent la bay lòt paran an avèk yon manda (yon dokiman ofisyel ki di lòt paran an tribunal la pral fè yon odyans. Nan odyans sa a jij la kapab pase yon nouvo enjonksyon). Si ou genyen yon ba revni,soumèt yon fòm Afidavi Endijans (Affidavit of Indigency) pou mande eta a peye frè cherif la.

Ou dwe dèlò ale nan tribunal nan jou odyans la. Ou dwe pote sa yo:

Si lòt paran an pa konparèt nan odyans la

Si lòt paran an pa konparèt, jij la ap mande pou pouve lòt paran an te enfòme te konnen dat tribunal la. Montre jij la manda a cherif la te siyen an aprè li te sèvi lòt paran an papye tribunal yo. Wap ankò bezwen montre jij la revni lòt paran an oswa fè yo nan ka w la chanje anpil. Si w fè tout bagay sa yo, jij dwe òdone plis obligasyon alimantè pou ou..

Si lòt paran an konparèt pou odyans la

Si lòt paran an konparèt, jij la kapab mande ou avèk li menm pou rankontre avèk yon ofisye pwobasyon. Se pou wè si ou kapab rive ak nou akò. Si ou genyen yon enjonksyon pwotektif 209A, mande pou w chita nan yon sal separe. Ou genyen dwa legal ou pou w kapab chita nan yon diferan sal de lòt paran an. Ofisye pwobasyon kapab fè alevini ant nou e eseye ede nou rive a yon akò. Ou pa oblije dakò avèk yon bagay ou santi ki jis. Ou gen dwa pou w pale avèk jij la. Jij la abityelman deside lòt paran an dwe peye ou montan Endikatè Lajan pou Sipò Timoun bay la, o preske sa. Si w deside pou w dakò pou mwenske sa, asire ke ou byen reflechi sou sa.

18. E si m bezwen plis lajan pou sipò timoun touswit?

Lè ou depoze plent la ou kapab soumèt yon Rekèt pou Sipò Tanporè (Motion for Temporary Support) tou pou mande tribunal la pou òdone lajan pou sipò timoun (oswa plis lajan pou sipò timoun touswit. Si ou genyen rekèt ou a, wap resevwa yon enjonksyon tanporè pou lajan pou sipò timoun pou dire jis nan dat odyans final la nan ka a. Si ou pa soumèt yon rekèt pou sipò Tanporè, wap genyen pou w tann pou desizyon odyans final la. Ou kapab oblije tann pou kèk mwa. Yo kapab deside sou yon mosyon plivit anpil ke yo kab deside sou tout ka a.

Kesyon 7 E si m bezwen lajan pou sipò timoun touswit? pou plis enfòmasyon sou soumèt yon Rekèt pou Sipò Tanporè (Motion for Temporary Support).

Si ou soumèt yon Plent pou Modificasyon, (Complaint for Modification), e ou kapab montre lòt paran an dakò sou fè bazik yo (kankou konbyen lap touche koulye a), ou kapab soumèt yon Rekèt pou Jijman Somè (“Motion for Summary Judgment”). Sa fè ou genyen yon desizyon final pli rapidman. Men soumèt yon Rekèt pou Jijman Somè (“Motion for Summary Judgment”) aplikab sèlman pou ka kote pa genyen agiman reyèl sou fè yo. Si ou panse fè yo klè, e endiskitab, se yon bon ide pou w pale avèk yon moun ki genyen trening legal. Ou kapab rele biwo sèvis legal lokal ou a (your local legal services office) pou wè si w kapab jwenn èd.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).