You are here

Eske genyen sirte nan aplike pou lajan pou sipò timoun?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize October, 2009

Si lòt paran pitit ou a danjre e li maltrete w oswa pitit ou a, ou kab vle reflechi seryezman sou ranpli aplikasyon an pou lajan pou sipò timoun nan.

Lè ou louvri yon ka pou lajan pou sipò timoun, sa kapab bay lòt paran an yon chans pou l wè ou nan tribunal oswa swiv ou soti nan tribunal la lakay ou. Lè w aplike pou lajan pou sipò timoun, sa kapab fè l fache. Li kapab genyen plis chans pou l menase w oswa fè w yon mal.

Si lòt paran an fache paske lap peye sipò a, li kapab mande tribinal la pou titèl oswa dwa l pou vizite pitit li, oswa pou pran desizyon sou lavi pitit li. Lòt paran an toujou gen dwa l pou mande tribinal pou titèl oswa vizit, men se pa tout paran ki enterese nan pitit yo. Gen paran ki sèlman mande tribinal pou titèl oswa vizit lè yo genyen pou yo ale nan tribinal pou sipò. Si lòt paran an genyen yon lòd tribinal la ki bali dwa pou vizite pitit ou a, li kapab difisil pou ou evite l.

Si w fè yon rekèt pou lajan pou sipò timoun, genyen kèk bagay ou kapab fè pou w eseye kenbe w an sekirite:

  • Ou kapab soumèt yon Rekèt pou Konfiske (Motion to Impound) adrès ou. Nan sa ou mande tribunal la pou kenbe adrès sekrè pou lòt paran an pou l pa kapab li kote ou rete nan papye yo, pou l kapab jwenn kibò ou rete.
  • Si wap travay avèk Depatman Revni (DOR), sèvis legal, oswa avoka prive, pale yo de abi a touswit pou yo kapab ede w rete an sekirite. Fè yo konnen si w bezwen adrès rete sekrè pou lòt paran an.
  • Pou enfòmasyon sou mwayen sir pou w ranje visit ant pitit la ak lòt paran an, wè Chapit 8 Vizit (Chapter 8 Visitation) avèk Kòman m kab sekirize yon vizit? (How can I make visitation safe?).

4. Eske gen lòt rezon pou m pa ta aplike pou lajan pou sipò timoun?

Genyen anpil lòt rezon pou w pa ta vle aplike pou lajan pou sipò timoun.

Si ou pa marye avèk papa pitit ou a, donk legalman li pa papa pitit la amwenke

  • Yon lòd tribunal deklare li se papa a; oswa
  • Nou toude siyen yon fòm “rekonesans volontè” (“voluntary acknowledgment”). Fòm sa a di nou toude dakò li se papa pitit la.

Si ou pat janm marye avèk papa pitit ou a, li pa genyen okenn dwa pou titèl, oswa vizit amwenke genyen yon lòd tribunal la oswa yon fòm rekonesans siyen. Ou se sèl paran ki gen dwa pou titèl, si pa genyen yon lòd tribinal la oswa yon fòm rekonesans siyen. Ou genyen dwa pou w deside si papa a kapab vizite pitit ou.

Papa pitit ou a gen dwa ale nan tribunal nenpòt lè pou pouve li se papa a e mande pou titèl oswa vizit, men li kab pa janm fè sa. Men si w mennen li nan tribinal pou lajan pou sipò timoun, tribinal la ap deside li se papa a. Koulye a lap pli fasil pou mande titèl oswa vizit ak pitit ou a. Sil resevwa yon desizyon ki di li kapab vizite pitit ou a, ou kapab oblije an kontak avèk li.

Exanp

Sa se yon istwa vrè. Lisa te genyen yon menaj trè vyolan, abusè, Dan, yo te kondane pou twa zan prison poutèt li te bat li, menase pou l tiye l, e vyole enjonksyon pou l kanpe lwen an. Lisa te fè yon pitit pou Dan pandan li te nan prison. Dan pat janm rankontre bebe a. Pat janm genyen okenn desizyon tribunal ki di Dan se papa a. Pwiske li pat papa a legalman, li pat genyen dwa visit, e li pat genyen pou l peye lajan pou sipò timoun nan. Li parètil pat enterese nan bebe a, e li kite Lisa anrepo.

Lisa aplike pou TAFDC. Li pat konnen “ekzanpsyon pou bòn kòz”. Si mwa aprè Dan sot nan prison, DOR ouvri yon ka lajan pou sipò timoun nan. Pou jwenn sipò a pou timoun nan, DOR te sipoze genyen yon lòd tribunal ki di Dan se papa bebe a. Nan sa tribunal la, aprè jij la deklare Dan te papa pitit la e bay lòd pou peye sipò, Dan vire vè Lisa epwi li di byen fò, “Mwen bezwen visit koulye a. Mwen bezwen wè pitit mwen Samdi.

Koulye a li pli fasil pou Dan pou l ale nan tribunal pou l mande visit paske jij la di li se papa bebe a. Sil mande vizit, e Lisa pè pou sirte bebe a, Lisa kapab mande tribinal la pou l pase lòd ke Dan gen dwa vizite sèlman nan yon kote lap genyen sipèvizyon. Men jij la gen dwa kite Dan vizite san sipèvizyon. Antoutjan Dan ap genyen kontak avèk Lisa pa entedyè pitit la.

Byenke dan te joujou genyen dwa pou l te ale nan tribunal e mande pou deklare l kòm papa pitit la e mande pou visit, li ta kapab pa janm fè sa si DOR pat louvri yon ka pou lajan pou sipò timoun nan. E, Lisa ta kapab evite DOR louvri ka sipò a sil te konnen "ekzanpsyon bon koz "good cause waiver ."

Petèt sa vo lapèn pou genyen yon enjonksyon pou lajan pou sipò timoun. Tout paran dwe sipòte pitit yo. Si w kwè li danjre pou w aplike pou lajan pou sipò timoun, petèt li mye pou w pa mande l. Obligasyon alimantè a kapab pa vo lapèn pou w riske sante w ak sirte w, oswa sante avèk sirte pitit ou pou li. Pale avèk yon konseye legal sou opsyon w yo. Rele biwo sèvis legal lok ou a (your local legal services office) pou wè si w kalifye pou konsèy legal gratis. Oswa rele yon sèvis referans pou avoka (lawyer referral service) pou eseye jwenn yon avoka kap travay pou yon pri ou kapab peye.

 

5. Eske sa kapab itil mwen pou m genyen yon lòd tribunal la ki di kilès ki papa pitit mwen an?

Lè ou fè yon tribunal nome papa pitit ou, yo rele sa "etabli patènite". Rezon pou ou ta vle fè sa se:

  • Si papa pitit ou a mouri oswa li vin andikape, lap pli fasil pou w kolekte benefis Sekirite Sosyal pou pitit ou.
  • Si papa pitit ou a mouri, pitit ou a ap kapab eritye li oswa fanmiy li. Li pli difisil pou w pouve kilès papa yon timoun aprè papa a mouri.
  • Ou kapab genyen yon istwa medical pli konplè pou pitit ou.

Men ke w pridan. “Etabli patènite” (“Establishing paternity”) kapab rann li pli fasil pou papa pitit ou a mande tribunal pou titèl oswa visit.

Ki moun pou rele pou ede w