Ou avèk pitit ou genyen dwa pou nou an sirte. Sa vle di ou gen dwa pou ou estope vyolans la. Anplis desa, ou gen dwa pou viv yon vi san vyolans. Gid sa a se yon fason pou ede ou jwenn jan yo pou estope vyolans lan.
Bagay yo difisil depwi lontan. Eske gen yon moun mwen kapab pale avèk li sou sa m kapab fè ankò?
Wi. Ou kapab vle pale avèk yon moun avan ou deside si pou w ale o si pou w rete. Ou kapab pale avek pèsonel la nan sant pou fanm nan, pwogram pou fanm yo bat, oswa ajans sante mantal. Ou kapab jwenn yon lis pwogram vyolans domestik nan sit elektwonik Jane Doe. Jane Doe, Inc., se Koalisyon Massachusetts Kont Atak Seksyel ak Vyolans Domestik (Massachusetts Coalition Against Sexual Assault and Domestic Violence), li gen yon lis avèk yon kat Pwogram Vyolans Domestik yo nan Massachusetts nan sit entènèt yo a. Ou kapab jwenn kèk nan yo nan pwemye paj liv telefòn local oua nan seksyon self help la. Ou kapab rele Safelink lan tou, se yon liy telefòn rouj ki kapab di w kote ou kab jwenn èd ki pre ou.
E si m pa kapab kite koulye a?
Pafwa yo menase pou fè fanm yo sak pi mal si yo kite. Genyen fanm yo ki depann de patnè abizè yo a pou lajan pou yo viv, sa rann li pi difisil pou yo kite.
Yon premye bagay se gade sak posib pou ou ak fanmi ou la koulye a. Pale avèk yon konseye (gade anwo a), sa kapab ede ou deside si wi o non wap rete nan relasyon an. Ou ankò kapab itilize enfòmasyon an nan gid sa a menmsi ou pa kite patnè w la.
Patnè mwen an pwomèt pou l chanje e li di sa pap janm fèt ankò. M ta vle kwè se vre. E si se pa vre?
Souvan patnè abizè yo jwe “jwet”, e yo fè pwomès ki pa dire lontan. Gade nan ("Jwèt Batè Jwe”) "Games Batterers Play”. Eske patnè w la fè oswa di kèk nan bagay yo dekri la a? Si se sa, pwomès li fè pou l chanje yo kapab fo pwomès. Ou konnen sitiyasyon w lan pi byen pase tout moun. Se ou sèlman ki kab deside kisa ki pi bon desizyon ki genyen pou ou koulye a.
Eske mwen ta dwe genyen yon plan?
Wi. Vyolans kapab fè w santi ou nan pèlen epi ou pè pou yo pa krabinen ou. Yon Plan Sekirite Pèsonel ap ede w panse alavans sou bagay kankou:
- Kisa w kapab fè pou pwoteje ou lè li vyolan
- Kijan pou kite rapidman e kote ou kapab ale;
- Si ou viv separe avèk patnè w la, kòman pou w pwoteje ou sil eseye jwenn ou;
- Kijan pou w kenbe an sirte nan travay, lekòl ou ak an piblik; e
- Kòman pou w itilize tribunal yo pou ede kenbe w an sirte.
Wè Plan Sirte Pèsonel la ( Safety Plan )
Map panse pou m ta kite eta ak pitit mwen yo. Eske sa kapab yon pwoblèm?
Ou dwe tcheke ak yon avoka si w planifye pou w kite eta a avèk timoun ou yo. Repons kesyon sa a depase konpetans manyel sa a. Ke ou kapab deplase ou pa sa depann de fè ekzak yo ki genyen nan sitiyasyon w nan. Fè enpòtan yo gen ladan yo:
- poukisa ou vle kite eta a;
- eske deplaseman w nan ap amelyore kalite lavi timoun yo;
- si ou marye o si w pa marye ak papa timoun ou yo;
- si ou divòse oswa si w an divòs koulye a;
- ki kalite rapò lòt paran an genyen avèk timoun yo;
- si genyen yon lòd tribunal konsènan timoun yo;
- si ou sispèk papa fè petisyon pou mande pou bali timoun yo; ak
- anpil lòt konsiderasyon.
Souvan fanm yo konn bezwen pèmisyon pou al rete nan yon lòt eta. Tribinal la balance anpil faktè lè pou l deside si wi o non pou l pèmèt sa. Si w janbe timoun yo nan yon lòt eta san yon pèmisyon ekri papa a oswa tribinal la, papa a kapab mande tribinal la pou bali titèl e pase lòd pou fè retounen timoun yo. Pou w gen plis enfòmasyon sou titèl al, wè "Titel ak Vizit" (Custody and Visitation), ak "Kite Massachusetts" avèk timoun ou (Moving out of Massachusetts).
Pou w konnen si w kalifye pou sèvis legal gratis, rele pwogram sèvis legal sèvis prè w yo. (the legal services program near you).
Eske m kapab pran yon lòd kanpe lwen mensi nou ankò ansanm?
Wi. Menmsi ou ankò rete ansanm, (Even if you are still living together), ou kapab ankò pran yon lòd kanpe lwen. Nan Massachusetts yon lòd kanpe lwen rele lòd pwotektif 209A. Si nou abite ansanm e ou pa vle kite, lòd pwotektif la ap di patnè w la pou l pa abize w, pou l pa menase w, pou l pa fè w mal, avèk/oswa pou l pa fòse w fè seks. Wè Lòd Pwotektif 209A (See 209A Protective Orders). MassLegalHelp gen yon seri atik sou Lòd pou Prevansyon Abi (Abuse Prevention Orders).
E yon pwogram tretman pou patnè abizè m nan?
Yon tribunal penal kapab pase patnè w la lòd pou l ale nan yon pwogram tretman yo rele “Pwogram Entèvansyon Sètifye pou Batè” ("Certified Batterer Intervention Program"). Si w prezante yon rekèt pou yon lòd pwotektif 209A tribunal la kapab rekòmande l oswa voye l nan kalite pwogram tretman sa a oswa nan yon pwogram tretman kont alkol oswa dròg.
Tout pwogram tretman sa yo diferan. Depatman Sante ak Afè Imen Massachusetts (Massachusetts Department of Health and Human Services) gen yon paj elektwonik sou Pwogram Entèvansyon Sètifye nan Massachusetts (Certified Batterer Intervention Programs in Massachusetts) kote ou kapab jwenn nimewo telefòn ak adrès pwogram entèvansyon pou batè nan zòn ou a. Si patnè w la nan yon pwogram, pwogram nan kapab kontakte w. Ou pa oblije dakò ak okenn bagay yo sijere w. Wè Lòd Pwotektif 209A (209A Protective Orders). Si patnè w la vyolan, sa vle di li genyen yon pwoblèm e li fèt pou l dakò pou l chanje.
E yon pwogram tretman pou mwen?
Anpil pwogram pou fanm yo bat ofri konsèy endividyel, ak goup sipò ant yo menm. Yon goup sipò kapab byen itil pou ou. Ou kapab rele Safelink pou enfòme w sou sou pwogram sa yo.
Si patnè w la nan yon pwogram entèvansyon, pwogranm nan kapab genyen yon goup sipò pou sivivan vyolans domestik yo ke ou kab rantre ladan. Goup sa yo konfidansyel e totalman volontè. Ou pa oblije rantre nan goup la ki konekte avèk pwogran entèvansyon pou batè yo.
Si ou genyen yon ka aktif avèk Depatman Sèvis Sosyal (DSS) ou kapab genyen pou w ale nan yon goup kòm kondisyon plan sèvis ou a. Wè Depatman Sèvis Sosyal Chapit X (See The Department of Social Services).
Mwen vle ale, men timoun yo vle fanmi nan rete ansanm. Sa m kapab fè?
Li enpòtan pou w kwè nan pwòp jijman w. Se ou ki adilt la e ki responsab pou w pran desizyon yo ki afekte timoun yo.
Pafwa apre moun ap pran baf pou lontan, yo kòmanse panse yo pa genyen twòp valè. Yo kapab pran desizyon. Pafwa, yo kòmanse depann de pitit yo pou deside paske yo pa kwè nan tèt yo.
Ou kapab pran desizyon yo. Kwè nan pwòp tèt ou.
Timoun yo renmen papa yo e yo vle wè li. Sa m ka fè?
Li toujou di pou timoun pou yo separe avèk yon paran. Li di tou pou timoun ap wè vyolans andedan kay yo. Pou timoun ki ekspoze ak vyolans domestic, sa afekte devlopman yo, santé mantal ak emosyonel yo, rapò avèk fanmiy ak zanmi yo, avèk edikasyon yo. Timoun ki grandi nan wè vyolans domestik ant paran yo souvan vinn gen pwoblèm pli ta nan lavi yo.
Ou fèt pou w deside sak pi bon pou fanmiy ou. Si ou separe avèk patnè w la, ou kapab fè aranjman pou timoun yo kapab wè li toutotan visit la pa mete yo an danje. Ou fèt pou w asire w ou kenbe tèt ou an sirte tou nan pwosesis la. Wè "Titel ak Vizit" (Custody and Visitation) pou enfòmasyon sou kòman timoun yo kapab pase tan ak papa yo e anmenm tan asire ke tout moun an sekirite.
Ak ki moun mwen kapab pale apwopo timoun yo avèk sirte yo?
Ou ta vle pale ak yon pwogram pou fanm yo bat pou refere w ak pou gide ou. Jane Doe genyen yon lis ak yon kat pou pwogranm vyolans domestik nan sit elektwonik yo nan Massachusetts. Ou kapab jwenn sèten nan sa yo nan kèk premye paj liv telefòn local ou nan seksyon otoasistans la. Ou kapab rele Safelink tou, yon liy rouj atravè eta a ki kab di w kibò pou w jwenn èd pre ou.
Kisa m kapab fè si m panse yap abize pitit mwen?
Si ou panse yon moun ap abize pitit ou, pran mezi pou w estope oswa limite kontak ant pitit ou a avèk moun sa a. Sa vle di limite vizit li ak paran sa a. Wè "Titel ak Vizit" (Custody and Visitation). Ou kab mennen timoun nan kay yon doktè tou pou konsilte li e pou pale ak doktè a.
Ou kapab fè yon plent kriminel tou (criminal complaint). Wè Lòd Pwotektif 209A (209A Protective Orders).
Si ou sispèk abi timoun oswa neglijans, ou kapab rele Liy Rouj pou Abi Timoun nan (Child Abuse Hotline) tou: 1-800-792-5200.
Ou kapab rele DSS tou. DSS se ajans pou byenèt timoun nan eta a. Avan ou rele DSS ou ta vle li Depatman Sèvis Sosyal (The Department of Social Services). DSS kapab envestige abi, ekri rapò, offri sèvis oswa ale nan tribunal pou pran titèl timoun yo.
E si m pa kapab pwoteje timoun mwen yo?
Menmsi se pa ou menm kap abize timoun yo, sa se yon krim pou w kite yon moun abize pitit ou fizikman san okenn sousi pou li. (Chap.265§ 131 Lwa Jen. Mass) (Mass. Gen. Laws. ch. 265 § 13J.)
Eseye jwenn èd pou pitit ou si ou pa kapab pwoteje yo.
Ou kapab vle rele Safelink pou ede jwenn yon pwogram pou fanm yo bat ki pre ou ki kab ede w pran dispozisyon pou pwoteje pitit ou. Oswa chèche yon pwogram nan sit elektwonik Jane Doe a.
Ou kapab jwenn zanmi, fanmi, oswa ajans pou ede ou.
Ou kapab rele ajans pou byenèt timoun nan Massachusetts la, Depatman Sèvis Sosyal (DSS). DSS kapab ede w, men DSS kapab pran timoun yo nan men ou nan sèten ka tou. (Wè Depatman Sèvis Sosyal la) (The Department of Social Services) pou w jwenn plis enfòmasyon sou DSS.)