Kisa mwen dwe fè si Depatman Timoun avèk Fanmi an ap envestige fanmi mwen?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize May 2010

Depatman Timoun avèk Fanmi (DCF) an genyen yon travay trè serye-pou pwoteje timoun. Pafwa DCF pran timoun lan nan men paran yo pou eseye kenbe timoun yo ansirte. Li enpòtan pou ou sonje DCF kapab pran pitit ou a nan menm ou. Yo dwe ale nan tribunal pou pran pitit ou a, men you kakap jwen yon lòd nan men tribunal la rapidman si yo bezwen li.

Eseye pa fè travayè DCF la fache. Li pibon pou w pale jantiman avèk travayè a. Pa joure oswa rele sou travayè a. Se yon moman difisil. ou kapab santi w fache kont sa w santi ki fo deklarasyon ak jijman moun etranje kont ou menm. Sonje sa travayè a ap eseye fè – pwoteje pitit ou a. Sonje sa travayè a kapab fè – ale nan tribinal pou li pran pitit ou a nan men ou.

Eseye kopere avèf DCF. Ale nan randevou ou. Rele travayè ou a lè li rele ou. Si ou manke yon randevou, rele travayè a pou di li poukisa. Si ou pa kopere, DCF kapab kenbe sa kont ou.

Enpòtan

Sa ou di DCF pa ‘’sekrè." Sa vle di travayè DCF ou a kapab di yon jij tousa ou di li.

DCF preyokipe li pou tout sa ki regade pitit ou a. DCF preyokipe li pou fèt la sè w la ap fè pandan lap gade pitit ou a. DCF preyokipe li pou fason moun ki abize w la te trete pitit ou a. DCF vle konnen sa wap fè pou pwoteje pitit ou a.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).