11. Mwen pa fè anyen. Poukisa you louvri yon ka kont mwen?
Depatman Timoun avèk Fanmi an konnen sa fè timoun nan mal pou lap wè oswa tande vyolans domestik. Okipasyon DCF se pou pwoteje pitit ou a. Si travayè DCF ou a konnen pitit ou a tande oswa wè lòt paran an abize ou, travayè w la kapab louvri yon ka pou pwoteje pitit ou a.
Ou pat chwazi pou yo abize w e ou kab pa kapab kontwole vyolans la. Men DCF louvri ka sou non paran kap okipe timoun nan. Si DCF louvri yon ka poutèt vyolans domestik kont ou, DCF ap di se yon ka “neglijans”. Sa vle di DCF panse wap “neglije” pitit ou a lè ou kite li wè e tande abi a.Travayè DCF dwe eseye ede ou avèk pitit ou a san blame ou pou abi a. Travayè ou a dwe eseye pwoteje pitit ou a e ede ou rete an sirte tou.
Si DCF louvri yon ka paske yon moun ap abize ou, rele biwo DCF lokal la epwi mande pou w pale avèk yon Espesyalis Vyolans Domestik. Espesyalis Vyolans domestik DCF resevwa trening sou vyolans domestik e lap konprann sa wap soufri. Yon Espesyalis Vyolans domestik dwe kapab ede ou. ou kapab jwenn èd nan men DCF tou si ou rele liy Konsiltasyon Vyolan Domestik la nan 617-748-2335.
12. Travayè DCF mwen an di m pou mwen pran yon lòd pwotektif 209A (lòd kanpe lwen). Eske mwen dwe fè li?
Travayè DCF ou a kapab di w pou ou pran yon lòd pwotektif 209A ("lòd kanpe lwen") kont moun kap abize w la. Yon lòd pwotektif 209A òdone moun kap abize w la pou gade distans li avèk ou oswa sispann abize ou. Li kapab òdone abizè a tou pou li rete lwen pitit ou. Travayè DCF la kapab panse ou bezwen lòd pwotektif 209A a pou pwojeje pitit ou a.
Si ou panse yon lòd pwotektif 209A kapab ede ou avèk pitit ou, ou kapab:
- pale avèk yon konseye vyolans domestik (a domestic violence counselor
- pale avèk Yon entèsesè PLANSIRTE (SAFEPLAN advocate). Genyen entèsesè PLANSIRTE yo nan anpil tribunal. Yo travay avèk pwogram fanm yo bat yo pou ede victim vyolans yo; ak/oswa
- ale dirèkteman nan tribunal la e aplike oumenm pou yon lòd pwotektif 209A. Li plis sou kòman pou w jwen yon lòd pwotektif 209A.
Men si ou panse lè w pran lòd pwotektif 209A lap kreye plis danje pou ou ak pitit ou, eksplike travayè DCF la sa. Si travayè DCF ou a pa konprann rele biwo DCF la epwi pale avèk sipèvizè travayè a oswa Espesyalis Vyolans domestik DCF la.
Si DCF ankò ensiste pou w pran yon lòd pwotektif 209A, ou kapab aplike pou yonn e di jij la ou Selman la a paske DCF mande w pou ou pran lòd la. Jij la kapab pa apouve pou DCF ap eseye fè w pran yon lòd, e li kapab refize bay li pou rezon sa a.
Finalman, se desizyon pa ou. DCF pa kapab fòse ou pou w pran yon lòd pwotektif 209A. Men DCF kapab eseye pran pitit ou a si w pa eseye jwenn yon jan pou pwoteje li kont vyolans domestik la.
13. Travayè DCF mwen an di DCF ap pran pitit mwen an si m retounen ak moun ki abize m nan. Kisa m kapab fè?
Eske sa se fo lè travayè DCF la panse menaj ou a oswa mari ou se yon danje pou pitit ou oswa ou menm? Si ou pa panse menaj ou a oswa mari ou ap abize ou oswa pitit ou a, eksplike travayè w la sa e eseye montre li pouki sa li anfot.
Ou genyen yon chwa difisil pou w fè si ou pa kapab konvenk travayè DCF ou a wap ansirte si w tounen avèk menaj ou a oswa mari ou. DCF kapab louvri yon ka pou “Swen avèk Pwoteksyon” nan tribunal e mande pou titel timoun ou an si travayè a panse retounen ansanm nan mete pitit ou a an danje. Sa depann sou jij la pou deside li, men li difisil pou gade titel lè DCF kont li.
Li trè enpòtan pou ou genyen yon avoka si DCF eseye pran pitit ou nan yon ka Swen ak Pwoteksyon. Ou genyen yon dwa pou fè tribunal la deziye yon avoka pou ou si ou pa kapab peye pou yonn. Asire ou pou w pale avèk avoka ou si wap panse retounen avèk menaj ou oswa mari ou aprè DCF di ou pou w kenbe distans ou avèk li.
14. Travayè mwen an di mwen dwe ale nan konsèy. Eske m dwe fè sa?
Li dòdinè bon pou kopere avèk DCF e pran sèvis travayè ou panse ou dwe resevwa.
DCF kapab vle ou rantre nan yon goup sipò. Sa kapab ede ou pou pale avèk lòt fanm sou sa kap pase lakay ou. Yon goup sipò fanm yo bat (A battered women's support group) kapab ede ou deside sa ki pibon pou ou avèk pitit ou.
DCF kapab vle ou pale avèk yon terapis, kankou konseye sante mantal, travayè sosyal, oswa sikològ. Si ou wè yon terapet sa pa vle di ou “fou.” Se yon bon bagay pou pale avèk yon moun sou sa kap pase nan relasyon ou. Pale avèk yon terapet kapab ede w jwenn sa pou ou fè. Li enpòtan pou w pale avèk terapet ou sou sak kapab pase nan tribinal la. Li pibon tou pou louvri bay yon terapet pase travayè sosyal ou.
Raple w
Si ou siyen yon dechaj, DCF kapab jwenn enfòmasyon nan men terapet ou. Terapet la kapab menm genyen pou rapòte kòman ou ye bay DCF. DCF kappa rele terapet la vin temwaye nan tribunal tou.
15. Mwen tande yon terapet kapab rapòte sa mwen di bay DCF. Eske se vrè?
Alòke terapi dòdinè “konfidansyel” (sekrè), li pa sekrè nan ka titel timoun. Terapet se “rapòtè mandate” tou. Sa vle di terapet ou a oblije di DCF (ranpli yon 51A) si yon bagay ou di fè sanble kankou pitit ou a an danje (pa ekzanp, si ou di terapet la patnè w la frappe pitit ou a).
Konseye pou fanm yo bat se “rapòtè mandate“ tou daprè lalwa. Si ou pale avèk yon konseye pou fanm yo bat, mande ki kalite bagay li kab santi li dwe rapòte bay DCF.
16. Kisa DCF di rapòtè mandate yo pou fè lè genyen vyolans domestik?
DCF di rapòtè mandate pou yo trè pridan pou sirte ou, si yo sispèk vyolans domestik. DCF genyen yon brochi pou rapòtè mandate yo rele “Apwòch Pwometan: Travay avèk fanmiy, byenèt timoun avèk vyolans domestik" ("Promising Approaches:Working with families, child welfare and domestic violence"). Brochi a genyen sijesyon pou rapòtè mandate yo panse ak yo lè yo devan ka vyolans domestik. Brochi a ankouraje rapòtè mandate yo pou gade sitiyasyon chak fanmi e pou byen reflechi sou fè oswa pa fè yon rapò. Brochi a eksplike li enpòtan pou bay non abizè a nan rapò 51A a . Li di rapòtè a pou mande ou kisa ki preyokipe ou. Li bay ekzanp pratik pou ede rapòtè yo fè yon rapò avèk ou olye kont ou.