E si DTA pa kite mwen aplike oswa di mwen mwen pap kalifye avan mèm mwen ranpli yon aplikasyon?
Pafwa yon fanm rantre nan Depatman Asistans Tanporè (DTA) a, epwi yon travayè di l li pa kapab resevwa benefis. Travayè a di fi a li pa pou menm pèdi tan li nan aplike.
Ensiste pou w ranpli aplikasyon an. Travayè a kapab twonpe li. Nenpòt moun e tout moun gen dwa ranpli yon aplikasyon. Ou kab pa kakap jwenn benefis, men ou gen dwa pou w aplike. Pa pran “non” pou pou repons. Mande pou w wè yon sipèvizè oswa asistan dirèktè biwo a si w bezwen.
Si ou siyen e ou date yon aplikasyon, epwi DTA deside ou pa kapab genyen benefis, yap voye yon « refi »ekri ba ou. ( Wè echantiyon avètisman yo (sample notices) ou kapab fè apèl kont refi.
Kisa pou m ta fè pou mwen asire m aplikasyon mwem pou TAFDC, EAEDC, Fich Alimantè, oswa Asistans Ijan pase byen?
- Li enpòtan pou w genyen yon katab pou w gade tout papye èd sosyal ou ladan l;
- Fè kopi tout bagay, e kenbe kopi yo nan katab la;
- Fè yon grafik pou kenbe nan katab la. Depi w pale ak yon moun ekri yon nòt sou:
- dat ou te pale avèk DTA a.
- avèk kilès ou te pale nan DTA a, e
- kisa yo te di
Ejemplo del gráfico que se
puede usar para anotar las conversaciones con el DTA
Dat ou te pale avèk DTA |
Ak kilès ou te pale |
Sak te fèt |
10/6/2010 |
Ann Brown |
|
12/6/10 | Richard Price |
Li kapab difisil pou jwenn tout prèv (verifikasyon) DTA mande w yo. Ou kapab genyen pou w fè anpil vire tounen. Si w pa jwen tout prèv ansanm, li kabab pran DTA pliske trant jou pou ouvri ka w la. Kenbe kontak avèk travayè w la. Si ou genyen pwoblèm pou w ranpli fòm yo oswa jwenn prèv yo, di travayè w la sa. Lalwa di travayè w la dwe ede w jwenn prèv yo si w pa kapab jwenn yo ou menm. Lalwa di tou DTA fèt pou ede ou si ou pa kapab jwenn yon dokiman akòz de yon twazyèm pati ( tankou mèt kay ou a oswa ansyen patwon ou) pap kopere.
Se konsa pwosesis aplikason an mache:
- Ale nan biwo lokal DTA w la epwi mande èd. Wap genyen pou w siyen ak date yon aplikasyon. Ekri dat ou siyen aplikasyon an nan katab ou a. Sa enpòtan paske DTA ap peye w apati dat ou te siyen aplikasyon an. Yap ba ou yon randevou pou w retounen pou yon entèvyou. Nan anviron 24 è yon travayè DTA dwe mande w si w bezwen èd immedyat. Di li si ou bezwen.
- Nan kèlke jou, ou genyen yon entèvyou avèk yon travayè. Pou asistans ak kash (TAFDC oswa EAEDC) ak Asistans Ijan pou refij, dòdinè entèvyou fèt nan biwo DTA a. Pou fich alimantè, sa kapab fèt nan telefòn. Travayè ap mande kesyon yo epwi li ranpli fòm yo nan yon òdinatè. Travayè a ap mande pou papa pitit ou a, revni ou, adrès, ak lòt detay. Si ou pè papa pitit la, di travayè w la.
- Aprè entèvyou a, travayè a ap ba ou yon lis “verifikasyon” (prèv) ou bezwen pote. Aprè entèvyou a, travayè ap ba ou yon lis “verifikasyon” (prèv) ekri. (Wè Lis Kontwòl Verifikasyon yo (Checklist of Verifications) Ekzanp "verifikasyon" yo se batistè, kanè bank, nòt mètkay, nimewo sekirite sosyal tout manm fanmiy nan kap resevwa alokasyon, avèk prèv vaksinasyon pou timoun ou yo. Si w pa kapab jwenn dokiman ki sou lis la, mande travayè w la pou lòt jan dokiman ou ta kapab ba li depreferans. Travayè w la dwe kite w itilize lòt dokiman pou w pouve bagay ou bezwen pouve yo.
- Si w pote tout prèv yo ekzije w yo nan biwo DTA a anviron 22 jou aprè ou te siyen aplikasyon w nan, ou fèt pou w resevwa premye pèman ou nan 30 tyèm jou a oswa avan.
Kèk konsèy pou fè pwosesis la avanse san pwoblèm (Some tips for making the process go smoothly)
- Si w bezwen plis tan pou w rasanble dokiman yo, mande travayè w la yon “extension” (plis tan) a lekri. Mete non ou sou nòt la bay travayè. Kenbe yon kopi nòt la nan katab ou a.
- Si Travayè DTA a mande w pou w bali yon bagay ou pa genyen eke ou pa kapab jwenn fasilman (yon kopi batistè ki chè nan yon lòt eta, ekri yon nòt, mete dat la sou li e ekri poukisa ou pa kapab jwenn sa travayè a ap mande w la. Nan nòt la mande ki lòt jan dokiman ou ta kapab bay plito( genyen plizyè!). Kenbe yon kopi lèt sa a pou achiv ou
- DTA se yon gwo etablisman e pafwa ki pèdi dokiman ak nòt ou ba yo. Toujou kenbe yon nòt sou sa ou ba yo avèk dat la ou bay yo. Si ou delivre papye an pèsòn mande resepsyonis la pou l fè yon kopi, “ sele date” kopi a, epwi remèt ou original yo. Mande tou pou yo ba ou yon kopi paj “sele date” a. Sa ap sèvi w resi, avèk prèv ou te deliver dokiman yo.
Si w kapab pale fasilman avèk travayè DTA w la sa ape de w. Kòmanse avèk yon atitid positif. Si lap ba ou difikilte oswa li pa swiv règ yo, ou kapab mande pou w pale avèk sipèvizè travayè w la e eksplike pwoblèm nan oswa mande pou yon lòt travayè.
Konbyen tan sa pran pou w resevwa premye pèman pou TAFDC, EAEDC, oswa fich Alimantè?
Ou dwe bay DTA tout prèv yo bezwen yo. Si ou bay tout prèv yo, yo dwe komanse peye ou nan 30 jou apati dat ou te aplike a. Pafwa yo kòmanse peye ou avan 30 jou a rive.
Pandan wap tann nan, ou kapab satisfè bezwen imedyat ou. Si ou pa genyen lajan oswa rad o si ou bezwen swen medical, DTA dwe ede w la menm, ba ou yon vouche, fich alimantè ijan, avèk/oswa yon kat asirans medical tanporè. DTA ap dedwi valè tout vouche yo te ba ou nan premye pèman mansyel ou a.