Èd Alimantè

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2008

Fich Alimantè

Ou kapab aplike pou fich alimantè anliy (apply online) oswa nan biwo DTA lokal ou ak kèk restoran ak pwogram repa pou moun twazyèm aj. Kantite manje ou resevwa a depann sou kantite moun ou genyen nan kay la, konbyen lajan ou touche, depans kay oswa lojman w. Si ou se yon vyeya epi ou genyen yon andikap, yap pran depans medikal ou an konsiderasyon tou. Li sou Dwa basik Pou Fich Alimantè (Basic SNAP/Food Stamp Rights).

Aplike nan DTA pou enfòmasyon sou aplike pou fich alimantè
Apel kont refi pou enfòmasyon sou ki sa pou w fè si w aplike epwi DTA di w ou pa kab resevwa alokasyon yo.

Pwogram pou fanm, bebe, ak pwogram timoun (WIC)

WIC bay fanm ansent ki genyen revni ba ak timoun anba senk an vouche pou manje nitritif. Ou kab itilize chèk WIC pou manje kòm lèt, fromaj, ze, tuna, sereal fòtifye avèk fè, manba, formula pou timoun, karòt, pwa, avèk ji ki rich ak vitamin c. Ou resevwa konsèy nitritif, ekzamen medical ak referans nan lòt pwogram pou alokasyon tou. Ale anliy (online) pou jwenn kibò ou kapab aplike oswa rele Massachusetts WIC gratis nan 1-800-942-1007.

Don Sipli Manje

Gouvènman Etazyni achte ekstra manje tankou manba, manje nan bwat, ak fromaj nan men fèmye yo pou aprè bay yo nan depo manje local ak nan Pwogram Sèvis Kominotè. Tcheke Gid Sèvis Kominotè (Community Service Guide) a nan kèk pwemye paj liv telefòn ou a, oswa rele Liy Rouj Sous Manje Project Bread la (Project Bread's Food Source Hotline) nan 1-800-645-8333 (phone) oswa 1-800-377-1292 (TTY) pou w localize kote pou w jwenn manje sa yo.

Depo Manje ak Kantin Soup

Laplipa vil yo ak site yo gen yon depo manje ki bay manje gratis yon sèten tan mwa a. Yo genyen kantin manje tou oswa lòt kote ou gen dwa ale ak fanmiy ou pou jwenn manje kwit. Tcheke Gid Sèvis Kominotè (Community Service Guide) a nan kèlke pwemye paj liv telefòn nan oswa gade nan gid resous Project Bread (Project Bread resource guide)

Pwogram Pataj La (The SHARE Program)

Ou kapab jwenn pakè manje ak tout vyann, legim frèch, fri, sereal nan Share pou $15. Share mande tou pou bay o dezèdtan pou sèvis kominote oswa èd nan ranje pakè manje yo. Si w mande nan Community Action Program wap kapab jwenn yon pwogram Share.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).