Èd avèk itilite pou Sivivan Vyolans Domestik

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2008

E si bil itilite m yo sou non ansyen menaj mwen oswa mari m?

Si ou genyen yon lòd pwotektif 209A Lòd kanpe lwen (restraining order), ou kapab mande tribunal la pou ekri lòd pou pa pèmèt ansyen menaj o mari w la pou l fè koupe telefòn oswa lòt itilite ou. Ou kapab li plis sou kòman ou kapab kenbe itilite ou si i yo sou non menaj oswa mari w nan atik Lòd Pwotektif 209A (209A Protective Orders).

E si konpayi gaz avèk elektrisite yo ap menase pou koupe sèvis mwen?

Ou kapab estope konpayi itilite nan fèmen elektrisite oswa gaz ou mensi ou pa kapab peye fakti ou. Ou genyen yon dwa legal pou w gade sèvis ou si w genyen revni ba (200% piba nivo povrete federal (federal poverty level), ou pa kapab peye fakti ou epwi:

  • Ou genyen yon moun ki seryezman malad lakay ou. "Seryezman malad kapab enkli nenpòt jan maladi fizik o mantal, tankou oppresyon, migrèn, kansè, ADHD, depresyon, soufri dezòd strès pòstromatik, suk; oswa
  • Ou genyen yon bebe ki genyen mwenske en an nan kay la; oswa
  • Li nan period ant 15 Novamb e 15 Mas e ou bezwen itilite pou chofaj.

Si tout moun nan kay ou genyen 65 an o plis, ou dwe kapab anpeche konpayi koupe sèvis ou menmsi revni pa ba.

Si nenpòt nan sitiyasyon sa yo aplikap a ou menm , konpayi gaz o elektrik pa genyen dwa koupe sèvis ou. Nan majorite ka yo konpayi an ap genyen pou l rekonekte sèvis ou sil te déjà koupe l.

Rele konpayi gaz o elektrik la epwi eksplike yo ou pa kapab peye fakti w yo, eke ou pwoteje kont koupe li paske ou genyen yon moun lakay ou ki malad seryezman, oswa ou genyen yon bebe ki mwenske en nan, oswa si yo koupe itilite a yap fèmen chofaj ou (paske anpil founo chofaj gaz o lwil yo demare avèk elektrisite; oswa tout moun nan kay la nan laj 65 an o plis.

Konpayi kapab mande w pou jwen yon lèt doktè pou di genyen yon moun ki seryezman malad nan kay la, oswa yon lèt nan men yon travayè sosyal, oswa yon eklezyastik, oswa yon doktè pou di genyenn yon bebe nan kay la ki genyen mwenske en an. Konpayi itlite a fèt pou ba ou yon titan pou w kapab jwenn lèt la. Nan ka malady serye, doktè w la kapab rele konpayi a. Kout telefòn nan kapab prezève itilite pou omwen 7 jou jiskaske doktè a ekri yon lèt.

Si ou tonbe nan yonn nan”sitiyasyon pwoteje yo” (malady serye, timoun anba en nan, etc. epwi revni w ba) ou dwe kapab mentni elektrisite w avèk gaz ou touotan ou bezwen yo, menmsi ou pa kapab peye fakti ou. Ou kapab bezwen voye yonn chak kèk mwa.

Si ou genyen nenpòt pwoblèm pou anpeche konpayi an koupe gaz oswa elektrisite ou ( oswa pou konpayi an rekonekte yo, si yo te déjà koupe yo), rele Sèvis Konsomatè Depatman Itilite Piblik. Liy telefòn yo ekipe avèk moun ki pou ede ou fè fas avèk konpayi itilite a. Wap kapab jwen yo nan (617) 305-3531 oswa 1-800-392-6066 (gratis). Ou kapab faks Sèvis konsomatè a tou nan (617) 478-2591 oswa voye yon lèt elektwonik nan [email protected].

Ou kapab rele sèvis legal lokal ou (your local legal services) pou èd tou.

Pou plis enfòmasyon sou dwa w pou elektrisite ak gaz, wè Itilite pou Moun revni ba (Utilities for People with low income) oswa telechaje gid pou sipò Defans pou Itilite pou Moun Revni Ba (Utilities Advocacy for Low-Income Households).

Eske konpayi lwil ak pwopan yo kapab refize deliver si w pa kapab peye yo?

Wi. Pwoteksyon legal yo kont koupe gaz avèk elektrisite pa aplikab kont konpayi gaz o pwopan.

Sepandan, genyen pwogram ki kapab ede w achte lwil. (programs that can help you buy oil).

Eske konpayi telefòn nan kapab koupe sèvis mwen si m pa kapab peye fakti yo?

Ou dwe kapab jwenn sèvis telefòn local, oswa anpeche yo koupe li, si w pa kapab peye fakti ou eke yonn nan bagay say o aplikab ak ou menm:

  • Ou genyen yon ijans pèsonel; oswa
  • Genyen yon moun ki seryezman malad ki rete lakay ou.

Ou kapab genyen pwotekson pou ijans pèsonel pou telefòn ou pou 30 jou.

Vyolans domestik konte kòm ijans pèsonel, paske ou kapab bezwen rele polis, doktè, zanmi oswa fanmiy, oswa ajans sèvis sosyal pou rezon sirte. Pou w kapab genyen pwoteksyon sa a baze sou ijans pèsonel, ou dwe ekri yon lèt bay konpayi telefòn nan pou eksplike ijans la epwi poste li oswa faks li ba yo.

  • Rele konpayi telefòn nan pou f è yo konnen wap voye lèt la.
  • Anploye a nan telefòn nan kapab pa konnen regleman an sou ijans pèsonel la. Ou kapab genyen pou w mande pale avèk sipèvizè a.
  • Di li genyen yon akò avèk Depatman Itilite Piblik ki rele DPU#18448 ki di ou genyen dwa pou w kenbe telefòn ou pou 30 jou nan ka ijans pèsonel.
  • Ou kapab li akò a bay o nan telefòn nan.

Si ou genyen yon moun ki seryezman malad lakay ou, ou kapab kenbe telefòn ou san w pa peye fakti a pou katrevendi jou an total, men ou fèt pouw soumèt yon nouvo lèt doktè chak trant jou.

Si w genyen pwoblèm pou w fè konpayi telefòn kite sèvis ou louvri (oswa rekonekte li), rele Sèvis Konsomatè nan Depatman Itilite Piblik. Liy telefòn yo a ekipe avèk moun ki pou ede w fè fas avèk konpayi itilite a. Ou kapab jwenn yo nan (617)305-3531 oswa 1-800-392-6066(gratis). Ou kapab voye faks bay Sèvis

Konsomatè a tou nan (617)478-2591 owsa voye lèt elektwonik nan [email protected].

Ou kapab rele sèvis legal lokal ou a (your local legal services) pou èd tou.

 

Et si m pa genyen yon moun malad lakay mwen, e ijans 30 jou a ekspire avan m kapab peye fakti mwen? Kòman mwen kapab rele polis ?

Nan laplipa zòn yo, ou kapab kenbe sèvis 911 san w pa peye okenn lajan ou dwe sou fakti telefòn ou. Telefòn ou a ap kapab 911 sèlman, men li pi bon pase anyen menm. Mande konpayi telefòn nan pou detay.

Ou kapab tcheke refij local pou fanm nan oswa depatman polis la pou enfòmasyon sou telefòn selilè gratis pou izaj nan ijans. Ou kapab rele liy rouj Safelink la pou detay sou pwogram sa a.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).