Eske mwen kapab genyen lajan pou sipò timoun si mwen an TAFDC?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2008

Si wap resevwa TAFDC e Depatman Revni (DOR) ap kolekte lajan pou sipò timoun nan, sipò a pral nan Depatman Asistance Tanporè (DTA) olye li ale jwenn ou.

Si lòt paran an peye mwesnke $50 pa mwa, DTA ap ba ou regilyè pèman TAFDC ou plis sipò lòt paran an peye a.

Si montan sipò timoun nan pliske $50, DTA ap ba ou alokasyon Regilye TAFDC ou plis $50.

Si sipò pitit ou a plis ke $50 ke alokasyon TAFDC a, DTA ap ba ou diferans la. Si sa rive pandan kèlke mwa yonn aprè lòt, DTA ap fèmen ka TAFDC w la e ou a resevwa lajan pou sipò timoun nan dirèkteman.

Lajan DOR kolekte an sipò timoun nan dwe kòmanse al jwen ou dirèkteman si yo fèman ka w la nanTAFDC. Ou kapab li Lajan pou sipò timoun pou Sivivan Vyolans Domestik pou plis enfòmasyon.

Sipò Timoun nan men lòt paran an Sa ou resevwa
Mwenske $50 Alokasyon TAFDC + Lajan pou sipò timoun nan men lòt paran an
Pliske $50 Alokasyon TAFDC + $50
Pliske $50 + Alokasyon TAFDC Pou pwemye de mwa yo ou genyen pèman regilye TADC a + pòsyon ki pliske alokasyon TAFDC a. Sa ap vini an 2 pèman. Si lòt paran an kontinye peye konsa, DTA ap fèmen ka TAFDC w la e voye tout lajan pou sipò timoun nan ba ou.

Ekzanp

Ou genyen yon lòd lajan pou sipò timoun nan pou $100.00 chak mwa.

  1. Si lòt paran an peye tout $100 a pou mwa Avril la, DTA ap ba ou $50 ladan l plis alokasyon TAFDC w la.
  2. Si lòt paran an pa peye anyen nan sipò li dwe pou Me, DTA ap ba ou alokasyon TAFDC w la ak anyen deplis.
  3. Si sepandan lòt paran an peye doub ($200) an Jwen pou konpanse pèman li te rate a, DTA ap ba ou $50 ladan plis alokasyon TAFDC w la

Nòt

Si sipò a se yon sipò pou yon timoun ki pa nan alokasyon TAFDC w la akòz règ ”limit pou fanmi” ("family cap") nan, DTA ap ba ou pwemye $90 a ki peye pou timoun sa a, chak mwa, epwi yo pap redwi alokasyon TAFDC w la.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).