Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Kisa yon ekzanpsyon TAFDC pou vyolans domestik ye?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize 2008

Si w pa kapab reponn règleman èd sosyal la akòz vyolans domestik prezan oswa pase, ou kapab mande yon “ekzanpsyon pou vyolans domestik" ("domestic violence waiver")sou règ sa a. Yon “ekzanpsyon sou vyolans domestik" ap estope aplikasyon règ la kont ou menm. Ou kapab genyen yon ekzanpsyon vyolans domestik pou tan limit èd sosyal la, rekizit travay la, ekzkliszyon pou restriksyon pou fanmi lan, règ pou frekantasyon eskolè, avèk lòt règ.

Pou w genyen yon ekzanpsyon pou vyolans domestik, ou bezwen montre si yo aplike règ la sou ou lap:

  • mete ou menm oswa pitit ou an risk pou plis vyolans domestik;
  • rann li pli di pou echape vyolans domestik;
  • rann li pi difisil pou geri vyolans domestik; oswa
  • pou l pi di pou ou ke yon moun ki pat viv nan vyolans domestik.

Ekzanp

Petèt ou pa kapab reponn ak règ èd sosyal la paske ou dwe kache oswa ou bezwen al nan tribunal, konsèy oswa lòt randevou akòz vyolans la. Petèt wap soufri ak blesi fizik oswa emosyonel o petèt ou sèlman pa prè pou soti nan èd sosyal la paske li pran w tan pou w geri oswa pou w al lekòl, oswa pou w prè pou travay. Sa yo se tout rezon ou kab itilize pou w eksplike poukisa wap mande pou yon ekzanpsyon ak règ èd sosyal pou travay yo, Ou kabab itilize yo tou pou w eksplike poukisa ou bezwen yon ekzanpsyon nan tan limit pou èd sosyal la, oswa rekizit pou frekantasyon lekòl la pou laj la nan dizèn nan.

Pou w aplike pou yon ekzanpsyon ranpli a yon fòm (form) epwi rasanble pwèv sou vyolans domestik ou ak sitiyasyon w. Pwèv la kab genyen ladan yon lòd kanpe lwen, rapò polis, oswa yon deklarasyon ekri yon moun ki konnen sitiyason w nan.

Chak biwo DTA genyen yon Espesyalis nan Vyolans Domestik ki kapab ede w jwenn yon “Ekzanpsyon Vyolans Domestik ”. Ou kapab mande pou w pale ak yon Espesyalis Nan Vyiolans Domestik epwi konplete fòm nan avèk li.

Ou pa oblije ranpli fòm nan nan biwo DTA a si w pa vle. Ou kapab pote l lakay ou. Ou kapab fè yon moun ede ou.

Si yo rejte rekèt oua pou ekzanpsyon an ou kapab ale an apel. Rele biwo sèvis legal lokal (local legal services) ou a pou èd.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).