TAFDC ede fanm ansent ki genyen revni ba ak fanmi ak timoun. Pou w genyen TAFDC kòm yon fanmi, ou fèt pou w fanmi san oswa pa alyans ak timoun nan oswa timoun yo ki abite avè w yo.
TAFDC peye lajan chak mwa. kantite lajan ou jwenn nan (amount of cash you get) depann sou:
- konbyen moun ki rete nan kay la,
- keseswa ou “ekzante” de limit tan (“exempt” from time limits), epwi
- ke w rete oupa nan yon kay leta oswa privy.
Si ou genyen TAFDC Ou otomatikman genyen MassHealth (Medicaid) epi ou kab pwobableman genyen Fich Alimantè ( Food Stamps) tou.
Ou Kapab genyen trening (training), Kòm yon pati nan TAFDC pwogram nan, èd pou w jwenn job, èd pou w peye gadri timoun ak transpòtasyon. Ou kab kapab genyen gadri pou yon ane plen apre w sot nan TAFDC. Pou gadri a sèlman sa vo lapèn pou w aplike pou TAFDC, menmsi ou sèlman planifye pou w rete ladan l pou yon tibout tan.
Jwenn enfòmasyon bazik sou TAFDC (basic information on TAFDC) nan MassLegalHelp.
Poukisa DTA bezwen konnen de papa pitit mwen lè m aplike pou TAFDC?
Lè ou aplike pou TAFDC Depatman Asisistans Tanporè DTA a mande enfòmasyon sou papa pitit ou a paske yo vle pou l peye sipò pou timoun nan.
Apwe DTA resevwa enfòmasyon sou papa a, DTA bay yon lòt ajans yo rele Depatman Revni (DOR) enfòmasyon an. DOR genyen avoka kap mennen papa a nan tribunal pou eseye fè pase yon lòd pou l peye sipò pou timoun nan (amwenke ou déjà genyen yonn). Sa kapab itil si w bezwen sipò pou timoun nan.
Wa bay DTA enfòmasyon sa a e travay avèk avoka a amwenke ou pè papapitit ou a. Ou pa oblije bay DTA enfòmasyon yo sou li si ou montre ou genye rezon valab pou w pa fè l. Travay avèk avoka DOR yo kab vle di ale nan tribunal, fè tès san (tès pou mak jenetik). Si w pa travay avèk DTA epwi ou pa kapab bay “rezon valab” DTA ap desann sou alokasyon TAFDC w yo.