Eske ou oblije fè sèten bagay (tankou travay ègonomik) pou rete nan TAFDC?
Ou kapab genyen pou w fè bagay tankou ale nan yon pwogram edikasyon oswa trening, fè sèvis kominotè oswa kopere avèk depatman sipò timoun pou w rete nan TAFDC.
Ou pa bezwen fè bagay sa yo si vyolans domestik aktyel oswa pase ran li difisil oswa mete w nan ensekirite pou w fè yo. Si vyolans domestik oswa sikatrizasyon vyolans domestik ran sa dir pou ou swiv regleman èd sosyal, ou kapab aplike pou yon ekzanpsyon vyolans domestik (domestic violence waiver) pou regleman sa a.
Ou pa oblije fè bagay ou pa kapab fè akòz yon andikap. Vyolans domestik souvan koze yo toulede andikap fizik avèk emosyonel. Ou kapab jwenn yon eksepsyon yo rele “ekzanpsyon pou andikap” pou regleman travay èd sosyal (welfare work rules) avèk tan limit (time limit) èd sosyal. Si andikap la rann li difisil pou konfòme w avèk regleman èd sosyal, ou kapab jwenn èd ekstra (extra help).
MassLegalHelp genyen plis enfòmasyon sou regleman patikilye TAFDC e kòman pou w genyen ekzanpsyon kont yo:
- Rekizit travay TAFDC (TAFDC Work Requirement)
- Eksepsyon nan rekizit travay yo (Exceptions to the Work Requirement)
- Limit tan avèk eksepsyon (Getting TAFDC after the Time Limit)
- Paran avèk andikap (Parents with Disabilities)
- Paran kap Okipe yon Manm Fanmiy ki Andikape (Parents Caring for a Disabled Family Member)
- Vyolans Domestik avèk Èd Sosyal (Domestic Violence and Welfare)
- Ekzanpsyon pou Vyolans Domestik (Domestic Violence Waivers)
- Regleman pou Paran nan dizèn (Teen Parent Rules)
- Règ vaksinasyon (Immunization Rule)
- Sipò pou timoun ak kòz valab pou pa kopere (Child Support)
- Lòt règ pou èd sosyal (Other Welfare Rules)
- Resevwa èd ekstra oswa eksepsyon ak règ yo baze sou andikap (Getting extra help or exceptions from rules based on disability)