You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Sak pase lè lòd la ekspire?

22. Sa kap pase lè lòd la “ekspire”(fini)?

Lòd ou a ap sèlman bon pou kantite tan fiks. Pa ekzanp, li kapab bon pou si mwa oswa yon ane. Lè ou li lòd la, wap wè li di kilè lap ekspire (fini, kadik).

Lè ou li lòd la, wa wè li genyen yon dat tribunal ki ranje tou pou lè lòd la ekspire. Nan pwen sa si w ankò vle lòd la ou kapab retounen nan tribinal e mande jij la pou pwolonje lòd la pou yon lòt ane. Sa pap di anyen si pa genyen anyen nouvo ki te pase ant dat odyans yo. Sa ki enpòtan, se si ou ankò pè pou abizè a pa fè ou menm oswa pitit ou yon mal.

Si ou pa retounen nan tribunal jou sa a, lòd ou a ap ekspire nan menm jou a.

Raple w

Tout lòd pou titèl, obligasyon alimantè, oswa visit ou te genyen ansanm avèk yon lòd pwotektè 209A ap ekspire avèk lòd pwotektè a tou.

Si ou vle lòd titèl la (custody), sipò timoun nan, oswa visit la kontinye eke ou pa vle pou lòd 209A a kontinye,

  • Ou dwe louvri yon nouvo ka nan Tribinal Omologasyon Ak Fanmi nan (Probate & Family Court).
  • Ou dwe soumèt yon mosyon pou titèl tanporè tou, obligasyon alimantè avèk/oswa lòd pou vizit (visitation orders) lè ou soumèt nouvo ka a. Yon lòd tanporè kapab pèmèt ou gade titèl, sipò, avèk visit menm jan an pandan wap tann pou deside sou nouvo ka w la.

23. Eske m kapab genyen yon lòd pwotektè 209A pèmanan?

Wi. Yon jij kapab ba ou yon lòd pwotektè pèmanan. Jij la pa kapab mete premye lòd la pèmanan, men jij la kapab fè pwochen lòd la pèmanan. Lè premye lòd la ekspire, ou kapab mande jij la pou ba ou yon lòd pèmanan. Ou kapab mande pou yon lòd pèmanan nan odyans plita tou, lè w mande jij pou pwolonje lòd la pou yon dezyèm oswa twazyèm fwa.

Nan laplipa ka yo jij pa mete lòd pèmanan. Yo sèlman pase lòd pèmanan lè moun yo bezwen lòd pèmanan. Si ou panse ou bezwen yon lòd pèmanan, di jij la poukisa ou bezwen li. Nan laplipa ka yo Jij yo pa bay lòd pèmanan.

Se yon bon ide pou w pale avèk yon entèsesè oswa yon avoka pou w jwenn plis enfòmasyon sou pran yon lòd pwotektè pèmanan. Pou w pale avèk yon entèsesè , kontakte SAFEPLAN. Rele biwo sèvis legal lokal ou a (your local legal services office ) pou wè si ou kapab genyen èd legal gratis.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).