You are here

Eske lòd la ap pwoteje m nan lòt vil, oswa eta?

Pwodwi pa an AmeriCorps Project of Western Massachusetts Legal Services. Updated and revised by Attorney Jeff Wolf for MassLegalHelp
Revize February, 2012

28. Si m genyen yon lòd pwotektè 209A nan yon vil eske lap travay nan yon lòt vil?

Lòd pwotektè 209A w la bon nan nenpòt vil nan tout vil yo nan Massachusetts. Kèlkeswa vil ou ale a.

Anfèt ou dwe pote yon kopi lòd pwotektè 209A nan depatman polis:

  • Kote ou rete,
  • Nan vil kote ou travay avèk
  • Nan vil kote pitit ou ale lekòl oswa gadri.

Ou bay yon moun nan travay ou yon kopi tou ak lekòl pitit ou, oswa gadri pou yo kapab konnen pou yo rele polis sizoka abizè ta parèt.

29. E si mwen ale andeyò eta a?

Genyen yon lwa etazini ki di tout eta dwe ekzekite lòd pwotektè lòt eta yo. Lwa sa a rele ” Lwa Kont Vyolans Kont Fanm” ("Violence Against Women Act.")

Men eta yo pa swiv lwa sa a menm jan. Si ou genyen lòd pwotektè nan Massachusetts e ou konte kite eta a, ou ta kapab vle rele yon pwogram pou fanm yo bat yo nan eta ou prale a pou konnen kòman eta a trete lòd yo ki soti nan lòt eta.

Ou kapab rele Liy Rouj Vyolans Domestik National la nan 1-800-799-SAFE pou wè si yo kapab ba ou enfòmasyon.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).