34. Kisa pou m fè si moun nan ki abize m nan eseye pran yon lòd pwotektè kont mwen?
Abizè eseye anpil fwa pou yo pran lòd pwotektè 209A kont victim yo pou pran revanj kont yo. Jij yo konnen sa. Jij la kapab pa bay abizè a yon lòd pwotektè kont ou menm sil mande yonn. Men pafwa abizè yo konn rive jwenn lòd pwotektè kont victim yo.
Si ou eseye pran yon lòd pwotektè epwi moun ki abize w la mande yonn kont ou tou, tribunal kapab ekri “enjonksyon mityel”. Sa vle chak nan nou genyen yon lòd pwotektè kont lòt la. Si jij la òdone enjonksyon mityel, lalwa di jij la dwe ekri rezon ki fè lap ekri enjonksyon yo kont nou toulède. Li dwe ekri kilès ki “agresè prensipal” la. Sa vle di jij la dwe deside kilès ki pliska abize lòt la. Li dwe ekri sa pou lapolis la kapab konnen sa pou l fè si genyen yon pwoblèm.
Si yo sèvi w yon lòd pwotektè 209A kont ou menm, pran sa oserye. Ale nan odyans la, kèlkeswa sa moun di ou. Si ou pa ale nan odyans, jij la kapab bay moun ki abize w la yon lòd kontreyan kont ou menm. Ou pa vle pou sa fèt, pou anpil rezon:
- Abizè a kapab fè manti sou ou oswa fabrike bagay ou fè pou l kapab depoze yon plent krininel kont ou.
- Si abizè a jwenn yon lòd kont ou, lap defokalize atansyon sou pwòp konpòtman abizè li a. Lap fè l parèt kankou vyolans domestik la tonbe sou fòt pa ou menm jan avèk fòt pa li tou.
- Li danjre pou ou. Si nou chak genyen lòd pwotektè kont nou chak, lapolis kapab pa konnen kisa pou yo fè lè genyen yon pwoblem. Ou kapab genyen pwoblèm pou fè polis arête l pou vyole lòd la. Sa fè ou mwens an sirte.
- Li pèmèt abizè a tòpiye ou nan system menm ki te monte a pou pwote w la.
Ale nan tribunal la nan dat odyans la e di jij la sak te vrèman pase. Si ou kapab, pale avèk yon entèsesè oswa yon avoka avan ou ale nan tribinal la. Eseye jwenn yon entèsesè oswa avoka (find legal aid) pou ede w nan odyans sa a. Si w pa kapab jwenn yon entèsesè oswa avoka pou ede ou, genyen kèk bagay ou dwe asire ou pou w di jij la nan odyans la. Si nenpòt nan bagay sa yo vrè nan ka w la, sonje pou w di jij la :
- Ou se viktim vyolans domestik la. Si w kapab pale jij la istwa a jan lòt moun nan abize w la, ansyen frakti, rapò medical, kout telefòn bay polis, etc. Pote rapò polis ak doktè, foto oswa temwen si w kapab. Si w pa genyen okenn nan bagay sa yo, asire w pou w bay jij la detay sou sak pase yo.
- Si ou panse abizè a ap eseye pran yon lòd kont ou paske ou kite li, oswa paske ou genyen yon lòd kont li, oswa paske lap eseye genyen titèl, oswa paske ou genyen yon nouvo menaj, oswa paske zanmi li di li, etc. – di jij la sa.
- Si ou pa janm bay moun ki abize w la okenn fwakti fizikman, oswa eseye blese fizikman, di jij la sa.
- Si ou pa janm fè l pè ou pou w ta fè li yon bagay fizikman, di jij la li.
- Si w pa janm fè l fè seks avèk ou kont volonte li, di jij la.
Avan ou rantre nan sal tribinal la, li deklarasyon “afidavi" abizè a ekri a lè te pran lòd tanporè li a. Ou kapab jwenn afidavi sa a nan biwo grefye a. Si genyen deklarasyon nan afidavi a ki pa vrè, di jij la laverite.
Jij la dwe sèlman delivre yon lòd pwotektè mityèl 209A (yonn ki kont nou toulède) si li kwè nou chak vrèman an danje yonn kont lòt. Si jij la delivre yon lòd ki kont nou toulède, li dwe ekri fè yo ki fè li deside nou toulède an danje yonn kont lòt. Rapò li ekri sou fè sa yo rele “desizyon”. Si jij la bay abizè a yon lòd pwotektè kont ou, mande pou yo ba ou yon kopi ekri desizyon yo. Ou kapab vle montre yon avoka oswa yon entèsesè yo epwi panse pou w ale an apèl.
35. Kisa pou m fè si abizè a depoze yon plent kriminel kont mwen?
Pafwa, abizè yo depoze plent kriminel kont victim yo pou eseye “pran revanj.” Ou dwe pran sa trè seryèzman. Sil fè akizasyon kriminel kont ou, wap bezwen yon avoka. Si ou pa kapab peye yon avoka, tribunal la ap desiye yonn pou ou si genyen okenn posibilite prison ladan l.
Asire pou w pale avoka a sou tout istwa vyolans domestik la eke ou se vrè viktim nan. Chak biwo komisè gouvènman (pakè) gen diferan fason pou yo travay avèk ka represay sa yo (ka kote abizè a depoze plent kriminel kont victim li kankou yon jan pou l pran yon revanj kont li). Assistan komisè gouvènman kapab konnen istwa ka w la e li kapab pa kwè istwa abizè a. Asistan komisè gouvènman an kapab rejte chaj yo e li pa pouswiv yon chaj krimine kont ou. Se pi bon bagay ki ta kapab fèt. (Al wè Chapit 5 Plent Kriminel (Chapter 5 Criminal Complaints) pou plis enfòmasyon sou sak pase nan ka kriminel).