You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Sak pase aprè m soumèt papye papye yo?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize May 2012

14. Kisa pou mwen fè aprè m fin ranpli fòm yo?

Aprè ou ranpli fòm yo, remèt yo bay grefye.

Depatman Pwobasyon an ap “verifye” dosye kriminel abizè a. Ya dekouvri si t e genyen lòt lòd pwotektè yo te pran kont li. Aprè Depatman Pwobasyon an fè “verifikasyon” sa yo, grefye a ap pòte fòm ou yo avèk enfòmasyon Depatman Pwobasyon an nan sal tribunal la.

Answit ou prale nan sal tribunal la pou yon “odyans.” Sal tribunal la se kote ou pale avèk jij la.

15. Kisa ki pral pase nan sal tribunal la?

Nan sal tribunal la wap genyen yon odyans "apa" ( "ex-parte"). “Ex parte” vle di wap pale avèk jij la san moun abizè a pa la. Jij la ap gade fòm ou ranpli yo epwi lap li deklarasyon w nan.

Jij la kapab mande w poukisa ou bezwen yon lòd pwotektè 209A. Di jij la sak te pase. Pale sou fè yo ou ekri nan papye a. Si w pote rapò polis, dokiman medikal, oswa foto abi yo montre jij la yo.

Si genyen yon entèsesè avèk ou, jij la kapab kite entèsesè a pale pou ou. Jij la kapab mande li kesyon sou ka w la. Oswa jij la kapab kite entèsesè a kanpe avèk ou, men li kapab vle se ou ki pale.

Jij la kapab di w la menm si lap ba ou lòd pwotektè a.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).