Pwogram entèvansyon pou batè se pwogram konsèy pou moun ki abize patnè yo.
Tribinal la kapab sèlman òdone yon abizè pou l ale nan yon pwogram leta "sètifye."
Majorite pwogram entèvansyon sètifye pou batè yo fonksyone konsa:
- Abizè a dwe ale nan kèk sesyon oryantasyon.
- Pwogram nan la kapab pa aksepte li. Se pa tout abizè ki konvenab pou pwogram sa yo.
- Sil rantre nan pwogram nan, li dwe siyen yon akò ki di lap fini pwogram nan, li pap vyolan, eke li pap itilize dwòg oswa alkòl pandan li nan pwogran nan.
- Lap genyen pou li peye pou pwogram nan. Tout pwogram yo pa koute menm bagay. Kèk pwogram kapab genyen yon barèm pou pèman (sliding fee). Si revni li ba, li kapab jwenn èd pou peye pwogram nan.
- Lap petèt genyen pou li fè 8o èdtan sesyon. Dòdinè sesyon yo dire 2 zèdtan pou 40 semèn. Majorite sesyon yo fèt an goup, men li kapab genyen pou l pale avèk yon konseye pou limenm tou.
- Sa pa kankou yon pwogram konsèy prive. Pwogram nan kapab pataje bagay li di e li fè avèk tribunal la e avèk kèk lòt ajans. Pwogram nan ap di tribinal la nan konbyen sesyon li vini antou.
- Si w vle l, pwogram ap di ou kilè abizè a fini pwogram nan. Pwogram nan kapab avèti ou sou tout bagay li di, kankou menas oswa tout bagay vyolan li di sou ou.
- Pwogram nan ap refere abizè a nan lòt sèvis li bezwen, kankou pwogram dwòg/alkòl, trening pou travay, klas pou devlope kapasite parental li, etc.
Yon moun pa bezwen tann pou se yon tribunal ki òdone li pou l ale nan yonn nan pwogram sa yo. Li kapab ale pou kont li.
Pwogram sa yo dòdinè itilize sesyon konsèy an goup pou anseye abizè a ki sa ki mal nan jan li tap aji a. Pwogram eseye fè de bagay:
- Estope moun nan aksyon abizè ak kontwolè, epwi
- Gade victim abizè a an sirte.