31. Eske map vyole lòd pwotektè 209A a si mwen kite li retounen nan kay la, oswa mwen rele li oswa ale wè li?
Non. Se abizè a ki desiye kòm “akize” ("defendant") nan lòd pwotektè 209A a se li sèl moun ki kapab vyole li. Ou pa kapab vyole lòd sa a kont li. Si ou rele li oswa ou ale wè li paske ou bezwen pale avèk li sou pitit la oswa lòt bagay, ou pap vyole lòd la. Men si lòd la di li pa kapab kontakte ou e li fè li kanmenm, konsa lap vyole lwa a.
Enpòtan
Si ou vrèman rele li oswa ou ale wè li oswa envite li vin lakay ou, lapolis ak tribunal la kapab reflechi sou sa si w bezwen èd yo alavni. Si ou kontakte li, lapolis kab pa vle arête li oswa chaje li ak yon krim alavni jis paske li ta rele ou.
32. Kisa pou m ta fè si nou ap retounen ansanm?
Si wap retounen ansanm, oswa menm pale avèk li oswa wè li, ou kapab:
- mande tribunal la pou chanje lòd la. Tribinal la kapab rejte pati “non kontak” la nan lòd e kite pati “ pa abize” (keep the "no abuse"). Ou kapab ankò genyen yon lòd kap di li pa kapab abize ou, men li pap genyen pwoblèm pou l kontakte ou oswa pou l avèk ou. Ou kapab ankò mande tribunal la pou l rejte lòt pati nan lòd la. Asire ou pou w li lòd la e panse sou pati yo vle gade yo oswa pati yo ou vle retire yo. Konsa ale nan tribinal la e di grefye a ou vle soumèt yon mosyon pou chanje lòd ou a. Mande yon Plaintiff's Motion to Modify or Terminate Abuse Prevention Order epwi ekri ladan l kòman ou vle chanje lòd la. Asire pou w di kòman ou vle chanje lòd la. Asire w pou w di ki pati nan lòd la ou vle rejte e ki pati ou vle kenbe, e poukisa. OSWA
- Fè “rejte” ("dismissed") lòd pwotektè 209A a. Sa ap anile lòd la konplètman.
33. Kòman mwen kapab fè rejte lòd pwotektè 209A a?
Si ou vle rejte lòd pwotektè 209A a, ou kapab mande tribunal la pou l mete fen nan sa. Sa vle di “rejte” ("dismissed") oswa “retire” (“vacated") lòd la. Ou kapab fè sa si ou vle retounen avèk lòt moun nan. Pafwa moun fè yo rejete lòd paske yo santi li mete yo plis an danje.
Ou kapab fè rejte lòd la nenpòt jou pandan lè tribunal regilye. Ale nan tribunal la ki te ba ou lòd la. Di grefye a ou vle mande jij la pou rejte 209A a. Mande yon Plaintiff's Motion to Modify or Terminate Abuse Prevention Order Ekri nan fòm sa a ou vle rejte lòd pwotektè 209A a, epwi ekri poukisa ou vle rejte li.
Ou kapab vle gade lòd men mande pou rejte sèten pati ladan. Ou kapab mande pou pati “gade distans” avèk “non kontak” yo rejte, men pou ankò kenbe pati lòd la ki di li pa kapab abize w la. Konsa, menmsi nou retounen ansanm oswa ou vle pou w kapab pale avèk li, lap ankò konnen yo kapab arête li e mete li nan prison sil fè w yon bagay oswa menase ou.