3. Kont ki moun m kapab pran yon lòd pwotektè 209A?
Ou kapab pran yon lòd pwotektè 209A kont yon moun si:
- Ou marye avèk moun nan;
- Ou te marye avèk avèk moun;
- Li se menaj li;
- Li te menaj ou;
- Ou genyen yon pitit avèk li;
- Ou rete nan menm kay avèk li;
- Oswa te rete nan menm kay avèk li; oswa
- Ou fanmi san oswa pa alyans avèk li ( pa ekzanp, yon kouzen, bòfrè, frè).
Si ou bezwen pwoteksyon kont yon moun ki nan “fanmi ou” men ki pa nan lis sa a, ou kapab ankò pran yon lòd pwotektè 209A. Ou kapab depoze yon plent kriminel kont moun nan tou. (Al wè Chapit 5 “Chapter 5 Criminal Complaints - nan angle” pou plis enfòmasyon sou depoze yon plent kriminel.)
4. Eske m kapab genyen yon lòd pwotektè 209A si patnè m nan pa frappe m?
Ou kapab genyen yon lòd pwotektè 209A kont nenpòt moun nan lis nan Kesyon 3 ki:
- blese ou fizikman;
- eseye blese w fizikman;
- fè ou pè pou l ta blese w fizikman; oswa;
- fòse w fè sèks oswa antre nan kontak seksyel, oswa fè w fè sèks oswa antre nan kontak seksyèl sou menas oswa fè ou santi ou pa genyen lechwa.
5. Kisa yon lòd pwotektè 209A fè?
Yon lòd pwotektè 209A se yon lòd tribunal ki di moun abizè a pa dwe fè sèten bagay. Si moun nan fè bagay sa yo kanmenm, lap vyole lwa a. Sil vyole lwa sa a, li komèt yon krim e lapolis kapab arête l. Yon lòd pwotektè 209A kapab òdone abizè a pou l fè bagay kankou peye bòdro itilite oswa oblgasyon alimantè.
Ou kapab mande tribinal la nenpòt sa w bezwen pou sirte w. Kèk ekzanp sou sa tribinal kapab fè, ki fè pati lòd pwotektè 209A (209A Protective Order) se :
- Òdone moun nan pou sispann menase, blese, oswa abize ou menm oswa pitit ou;
- Òdone moun nan pou l pa kontakte w oswa pitit ou okenn fason;
- Òdone moun nan pou gade distans li avèk edifis apatman kote w rete, oswa kay ou, oswa plas kankou travay ou, lekòl ou, oswa lekòl pitit ou, oswa gadri li. Lòd kapab di moun nan dwe rete omwen 100 yad distans avèk ou ak plas sa yo
- Òdone moun nan pou kite kay la, sil abite avèk ou;
- Pa mete adrès ou nan fòm tribinal yo pou moun nan pa vin jwenn kote ou rete
- Met ou gadyen tanporè pitit ou;
- Òdone moun nan sipòte ou;
- Òdone moun nan sipòte pitit ou;
- Òdone lòt moun nan pou peye w pou tout depans abi yo koze w, kankou lajan jou travay ou pèdi, bòdwo medical, seri pòt kraze, chanje seri pòt, bagay ou ki kraze;
- Pou lòd la di moun nan pa kapab wè kanè lekòl pitit ou oswa ale nan reyinyon nan lekòl li;
- Òdone moun nan pou pa fè dekonekte itilite ou ki sou non li, oswa oswa òdone li pou rekonekte yo si yo te déjà dekonekte;
- Òdone moun nan pou l remèt la polis pèmi l pou l pote zamafe ak tout revolve osaw zam;
- Òdone moun nan pou l remèt tout kle kay la;
- Òdone moun nan pou l ba ou vwati fanmi lan ak kle de rezèv yo;
- Odone moun nan pou l pa depanse, oswa pran lajan nan kont bank la pou yon ti bout tan;
- Di lapolis pou ale avèk ou al pran bagay ou;
- Odone moun nan pou mennen lapolis avèk li si lap vin pran bagay li ;
- Voye li nan yon pwogram entèvansyon sètifye pou batè (certified batterer's intervention program).Yon jij Tribinal Famiy avèk Omologasyon (Probate and Family Court) kapab òdone li pou l ale nan yon pwogram avan li kapab vizite timoun yo. Yon jij nan Tribinal Distrik (District Court) kab sèlman rekòmande pou li ale nan yon pwogram kòm ekzijans lòd pwotektè 209A a. Sil vyole lòd pwotektè 209A a, Tribinal Distrik la dèlò kapab òdone li pou l ale nan yon pwogram batè sètifye;
- Òdone nenpòt lòt bagay rezonab ou bezwen pou w santi an sirte. Si w bezwen retire bèt ou nan kay la, mande jij la pou l pase lòt moun nan lòd pou kite pran bèt ou. Si ou bezwen lòt bagay, mande jij la pou l òdone li.
Al wè Lòd pou Prevansyon Abi/Abuse Prevention Order paj 1 ak paj 2
6. Eske yon lòd pwotektè 209A ede kenbe m an sirte?
Si ou genyen yon lòd pwotektè 209A, li kapab ede rete an sirte. Men li kab pa fèl tou. Pafwa, eseye pran lòd pwotektè kapab agrave bagay yo.
Yon lòd pwotektè 209A se yon lòd ofisyel tribunal la. Li di moun nan ke ou serye pou w estope abi yo. Li pèmet polis arête moun nan tou lè li fè bagay ki kont lòd la.
Example
Ou genyen yon lòd ki di moun dwe rete omwen 100 yad distans ak kay ou. Sil vin nan pòt ou e li sonnen sonèt la, ou kapab rele polis e mande pou arête li.
Men yon lòd pwotektè 209A pa yon vès parbal. Se yon fèy papye li ye. Li kapab bay moun nan yon laperèz pou fè l kanpe lwen ou. Si ou genyen yon Lòd pwotektè 209A lapolis ap kapab fè plis pou ede ou. Men lòd la kapab pa ase pou estope li nan fè ou yon bagay. Pafwa yon lòd tribunal rann abizè a pi fache e li plis pwobab pou l ta fè w yon bagay.
Ou konnen moun kap abize w la. Ou konnen sil se yon moun ki pral respekte yon lòd tribuna. Ou konnen sil se yon moun sa pap di li anyen menmsi genyen yon lòd tribunal eke lap fè sal vle nan nenpòt fason. Ou konnen si lè w pran yon lòd tribunal sa pap petèt fè l pli fou pou l ta vle fè w yon bagay.
Si w pran yon lòd pwotektè 209A, li dwe sèlman reprezante yon pati nan plan pou sirte pèsonèl ou (personal safety plan - nan angle). Ou dwe genyen yon plan konplè pou sirte ou ki pou di ki sa pou w fè pou w sove oswa pou pwoteje tèt ou si lòt moun nan abize ou malgre ou genyen yon lòd. Ou kapab jwenn èd pou w fè yon plan pou sirte ou. Laplipa pwogram pou batè fanm yo gen konseye ki kab pale avèk ou e ede w fè yon plan. Rele Safelink pou ou jwenn yon pwogram ki prè ou.