You are here

Kòman pou m aplike pou yon lòd pwotektè 209A?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize February, 2012

Itilize lis kontwòl yo pou jwenn ki fòm ou bezwen

forms graphic

Si wap itilize fòm ki an Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole), wap bezwen fòm Anglè a tou.

Pou jwenn fòm yo

Ou kapab jwenn fòm yo an Anglè avèk 8 lòt lang:

Ranpli Fòm yo

Enpòtan

Tann pou w siyen ak date fòm yo jiskaske ou bay grefye tribinal la yo.

Nan tribinal la

Ou kapab ranpli fòm yo nan tribinal la oubyen ou pran yo avèk ou pou ranpli yo e pote yo vini plita. Rete tann pou w siyen ak date fòm yo jiskaske ou bay grefye tribinal la yo.

Anliy

Lè ou ale nan tribinal pou ou depoze yon fòm ou telechaje, grefye a kapab mande ou pou rekopye Paj 1 avèk 2 Plent la sou fòm yo ki genyen 3 paj avèk kabòn nan mitan yo.

Fòm an Kreyòl Ayisyen

Si wap itilize fòm ki an Kreyòl Ayisyen,

  1. Ranpli tout fòm an Kreyòl Ayisyen eksepte DEKLARASYON SOU SÈMAN an.
  2. Ekri afidavi w la an Kreyòl Ayisyen nan English Form nan (Affidavit). Fòm Afidavi an Kreyòl Ayisyen an eksplike sa Afidavi an Anglè mande pou w fè.
  3. Itilize fòm Kreyòl Ayisyen w lan pou ou ranpli fòm Anglè a lemye ou kapab. Si ou bezwen èd pou w tradwi enfòmasyon w yo pou fòm Anglè yo, grefye a ap ba ou yon entèprèt lè ou ale depoze fòm yo.

Enpòtan

Si genye yon asistan nan vyolans domestik kap travay avèk ou, mande pou li rele alavans pou fè aranjman pou yon entèprèt tribinal la.

Si ou pou kont ou pote afich pou Sèvis Entèprèt” la avèk ou nan tribinal la. Montre grefye a li, epwi pwente sou lang ou a.

Depoze fòm yo

Ale nan tribinal zòn ou rete a. Si ou te demenaje paske yo tap abize ou, ou ankò kapab ale nan tribinal kote ou te rete a. Ou kabap ale nan tribinal kote ou rete koulye a.

Si ou genyen rapò polis, dosye medikal, oswa foto ki montre mak abi yo, pote yo avèk ou. Men ou pa oblije genyen okenn nan bagay sa yo.

Bay grefye tribinal la fòm yo ou ranpli yo.

Grefye a kapab mande ou pou w rekopye paj 1 ak 2 plènt la nan fòm ki genyen 3 paj avèk papye kabòn nan mitan yo.

Grefye pa gen dwa bay konsèy legal. Yo pa dwe di ou sa pou di nan fòm yo.

Konbyen sa koute?

Tousa gratis. Pa genyen frè

  • Pou jwenn fòm yo,
  • Pou ranpli fòm yo, oswa
  • Pou itilize yon entèprèt.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).