You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Eske m kapab kenbe adrès mwen sekrè?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize February, 2012

11. Eske mwen kapab gade adrès mwen sekrè pou abizè a si m ranpli fòm sa yo?

Wi! Lè ou aplike pou yon lòd pou prevansyon kont abi, wap ekri non ou, adrès kay, nimewo telefòn kay, adrès travay, nimewo telefòn travay ou nan yon Fòm pou Enfòmasyon Konfidansyel (Confidential Information form). Yap gade fòm sa a nan yon diferan dosye yon kote nan tribunal la pou abizè a pa kapab wè li.

Ou ankò fèt pou w veyatif menmsi ou fè tribunal la gade adrès ou sekrè. Genyen anpil lòt fason abizè a kapab jwenn kote ou rete.

12. Eske Fòm Enfòmasyon konfidansyel la se menm bagay avèk Pwogram Konfidansyalite pou Adrès la?

Non. Pwogram Konfidansyalite pou Adrès (Address Confidentiality Program) la yon jan diferan. Li di ajans leta yo pou kenbe adrès ou sekrè. Li deziye yon lòt adrès postal pou ou. Ajans leta yo voye lèt ba ou nan lòt adrès. Ou kapab itilize nouvo adrès la nan nenpòt fòm ki mande pou adrès kay, travay oswa adrès lekòl. Staf nan Pwogram Konfidansyalite pou Adrès la ap voye lèt ba ou nan vrè adrès ou. Nan fason sa a pèsòn pa konnen vrè adrès ou eksepte Pwogram Konfidansyalite Adrès la avèk lapòs la.

Pou ou itilize pwogram sa a, ou dwe :

  • Abite nan yon nouvo adrès abizè a pa konnen e
  • Montre lavi ou avèk lavi pitit ou ap andanje si abizè a konn adrès ou

Si ou itilize pwogram sa a ou dwe pa janm di abizè a oswa okenn ajans leta kisa adrès la ye.

Si ou vle aplike pou pwogram sa a, mande grefye tribunal la enfòmasyon sou li. Grefye nan Tribinal Distrik oswa nan Tribinal Omologasyon ak Fanmi nan kapab petèt ede ou. Ajans vyolans domestik local ou a kapab ede w tou. Ou kapab rele Pwogram Konfidansyalite Adrès (Address Confidentiality Program) pou w aplike nan 1-866-SAFE-ADD.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).