You are here

Kote m kapab pran yon lòd pwotektè?

Pwodwi pa Attorney Jeff Wolf for MassLegalHelp
Revize October 2014

7. Ki kote m kapab jwenn yon lòd pwotektè 209A?

Ou kapab jwenn yon lòd pwotektè 209A nan Tribinal Distrik Pre kote w rete a (District Court near where you live) oswa nan Tribinal Fanmi avèk Omologasyon nan komin ou a (Probate and Family Court in your county).

Ou kapab ale nan Tribinal Siperyè nan Komin ou a tou (Superior Court in your county). Si ou rete nan Boston ou kapab ale nan Tribinal Minisipal Boston (Boston Municipal Court) prè kote ou rete a. Laplipa moun pran lòd pwotektè 209A nan Tribunal Distrik oswa nan Tribunal Fanmi avè Omologasyon.

Si ou ale rete nan yon lòt vil nan Massachusetts depwi lè abi a, ou kapab ale nan tribunal kote ou rete koulye a oswa kote abi a te fèt la. Se chwa pa ou.

Nan chapit sa a, tout sa nou di sou Tribunal Distrik la aplikab ak Tribinal Minisipal Boston nan avèk Tribinal Siperyè a.

8. Eske li preferab pou ale nan Tribinal Distrik oswa Tribinal Fanmi avèk Omologasyon?

Sa depann de ou menm. Kèk bagay pou w panse sou yo lè wap deside kisa ki pi bon pou ou se:

Voyaj avèk distans

  • Sil difisil pou w ale kote ki lwen, chèche konnen ki tribinal ki pli prè ou (which court is closer to you). Ou ta kapab vle chwazi tribunal ki pli prè w. Genyen plis Tribinal Distrik pase Tribinal Fanmi avèk Omologasyon, donk Tribinal Disrtik la kapab pli prè kay ou.
  • Chèche konnen kilè tribinal ki prè w yo louvri (when the courts near you are open). Nan sèten komin, Tribinal Fanmi avèk Omologasyon an louvri sèlman yon pati nan lajounen an. Si w ale nan yon Tribinal Fanmi avèk Omologasyon lè li pa louvri, yap voye w nan Tribinal Distrik la. Ou ta kapab vle rele yo toulède Tribinal Distrik prè ou a (District Court near you) avèk Tribinal Fanmi avèk Omologasyon an (Probate and Family Court in your county) pou konnen kilè yo louvri.

ÈD avèk papye y oak odyans la

Anpil tribunal yo genyen entèsesè kapab ede w aplike pou yon lòd pwotektè 209A. Entèsesè yo kapab soti nan:

  • SAFEPLAN, yon pwogram Biwo Asistans pou Viktim Nan Massachusetts (Massachusetts Office of Victim Assistance) (MOVA). Entèsesè SAFEPLAN yo travay avèk pwogram vyolans domestic local yo.
  • Pwogram Entèsesyon pou Viktim/Temwen Biwo Komisè Gouvènman an;
  • Yon pwogram pou fanm yo bat; oswa

Si ou bezwen yon moun pou ede ou, jwenn ki tribunal prè ou ki genyen yon entèsesè nan edifis la.

Si lòt paran an vle visite pitit ou a

Tribinal Distrik la pa sipoze deside sou visit ant lòt paran an avèk pitit oua kòm yon pati ka 209A a. Si Jij Tribinal Distrik la mande si w vle ranje orè visit, ou genyen dwa ou pou w di non.

  • Tribinal Fanmi avèk Omologasyon an kapab pase lòd pou vizit nan yon ka 209A, men se sèlman si ou mande sa (but only if you ask for it).   

Si ou vle rezoud kesyon visit la touswit, ou ta dwe ale nan Tribinal Fanmi avèk Omologasyon pou aplike pou lòd pwotektè 209A a. Si w pa vle tribunal deside sou vizit, ou kapab vle ale nan yon Tribinal Distrik pou lòd pwotektè 209A a. Si ou kòmanse nan Tribinal Distrik la e lòt paran an vle vizite pitit ou a, lap genyen pou l ale nan Tribinal Famiy avèk Omologasyon e louvri yon nouvo ka.

Si ou ale nan Tribinal Fanmi Avèk Omologasyon, ou dwe prepare pou w pale sou vizit. Si pa genyen sekirite pou lòt paran an vizite pitit ou a, ou kapab mande pou pa genyen vizit. Si gen sirte pou lòt paran an vizite, ou dwe panse sou ki kalite orè vizit ou vle. Ekri li e prepare pou bay tribinal la li. Konsa, lòd pwotektè 209A a kapab ranje yon orè vizit kap travay pou ou.

Si ou genyen yon lòd pou titel oswa obligasyon alimantè Tribinal Famiy avèk Omologasyon an

Tribinal Distrik pa sipoze enkli anyen sou titèl oswa obligasyon alimantè nan yon lòd pwotektè 209A si Tribinal Fanmi avèk Omologasyon déjà deside sou pwen sa yo. Ou ankò kapab genyen yon lòd pwotektè 209A nan yon Tribinal Distrik, men li pap di anyen sou titèl oswa obligasyon alimantè. Si ou bezwen pou lòd la ba ou titèl oswa obligasyon alimantè, ou dwe aplike pou lòd pwotektè 209A a nan Tribinal Fanmi avèk Omologasyon an ki te pase lòd pou titèl avèk obligasyon alimantè a.

Si ou ale nan Tribinal Distrik la, grefye a kapab eseye voye w nan yon Tribinal Famiy avèk Omologasyon. Ou gengen dwa w pou ou aplike pou yon lòd pwotektè nan tribunal Distrik Court menmsi Tribinal Fanmi avèk Omologasyon an te pase lòd pou titèl avèk obligasyon alimantè. Tribinal Distrik la ankò kapab pase yon lòd pwotektè pou kenbe w an sirte menmsi jij la pa kapab pran yon desizyon sou titèl oswa obligasyon alimantè. Di grefye a ou vle ale devan jij la nan Tribinal Distrik la.

Si abizè a ap fè fas ak chaj kriminel

Si abizè a ap fè fas ak akizasyon kriminel pou vyolans domestik, ou kapab vle aplike pou lòd pwotektè 209A w la nan Tribinal Distrik kote ka sa a ye a. Konsa, wap petèt kapab travay avèk menm reprezantan victim/Temwen nan toulède ka yo.

9. E si tribunal yo fèmen lè m bezwen jwenn lòd la?

Toujou genyen yon jij desèvis, nan “Sistèm Repons Jidisyè Ijan an” (Emergency Judicial Response System). Si ou bezwen yon lòd pwotektè 209A nan lanwit, fensemèn, oswa jou fèt rele lapolis. Ya ede w jwenn yon lòd pwotektè 209A ijan nan men jij desèvis la.

Yon lòd yon jij desèvis ap bon jiskaske tribunal la louvri nan pwochen jou travay la. Polis la ap di w kilè e ki kote pou ale pou w fè pwolonje lòd ijan an.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).