Eske m bezwen genyen yon rezon pou m divòse?
Ou bezwen chwazi yon “motif” (rezon legal) pou divòs ou. Yon rezon pou divòs kapab paske w sèlman pa antann ou ak madanm/mari w ankò e ou pa vle rete marye. Ou kab toujou jwenn yon divòs si w vle yonn, kelkeswa jan sitiyasyon ou ye.
Ki diferan motif/rezon ki genyen pou divòs?
Genyen de rezon sou baz “no fot” avèk sèt rezon sou baz “fot”. Rezon sou baz “no fot” yo vle di maryaj la bezwen fini men yo pa kapab blame pèsonn. Rezon sou baz “fot” la vle di yon moun fè yon bagay tèlman mal ki fè maryaj la bezwen fini.
Rezon sou baz "No fot"
Nan Massachusetts, rezon “no fot” pou divòs la rele “Maryaj Kraze Ireparab.” Genyen de kalite divòs pou maryaj kraze ireparab. Yo rele "1A’’ avèk "1B," paske se seksyon sa yo nan lwa divòs Massachusetts ki aplikab.
- 1A–Kraze Ireparab (Irretrievable Breakdown), mari/madanm toulède aplike ansanm:Ou avèk mari/madanm ou aplike pou divòs ansanm. Nou dakò sou tout desizyon yo nou pran nan divòs la, kankou gadyen ak sipò timoun, lajan, avèk byen.
- Nou toulède ekri e siyen yon deklarasyon ki di nou sèmante maryaj la fini. Deklarasyon sa a rele yon “Afidavi Maryaj la Kraze Ireparab”
- Ou ak madanm/mari w fè yon akò separasyon e siyen li devan yon Notè. (Ou kapab jwenn yon Notè nan yon bank).
- Ou soumèt
- yon aplikasyon Konjwen pou Divòs (Joint Petition for Divorce),
- yon affidavi Maryaj kraze ireparab, avèk
- akò separasyon notarye a nan Tribinal Lafanmi ak Omologasyon an.
- Ou kapab mande yon dat pou odyans lè w soumèt papye yo. Ou pa oblije tann.
- Toulède mari/madanm dwe konparèt nan tribunal la pou odyans la. Nan odyans la, jij asire li nou dakò eke tout bagay ekitab.
- 1B–Kraze Ireparab, yon sèl epou(mari/madanm) aplike: Si oumenm avèk madanm/mari w pa kapab dakò sou tout bagay, ou kapab soumèt plent la oumenm. Sa pap fè anyen si mari/madanm ou vle divòs oupa. Si ou vle li, ou kapab depoze plent la.
Ou dwe imedyatman ou aplike delivre Sitasyon Relasyon Domestik la. Wap bezwen tann si(6) mwa aprè w soumèt papye yo avan w kapab mande yon dat pou jijman. Sepandan ou kapab fè rekèt pou lòd tanporè avèk plent ou a epwi fè deside sou yo nan di (10) jou.
Ou kapab divòse menmsi mari/madanm ou pa konparèt pou odyans la. Si nou pa genyen yon akò, jij la ap deside limenm sou bagay kankou sipò, gadyen timoun, vizit, avèk sak pou fèt ak byen w yo.
Rezon sou baz ”Fot” / ‘’Fault’’-grounds
Genyen 7 rezon sou baz “fot” pou divòs. Nan yon divòs sou baz ‘’fot’’, yon pati aplike pou divòs la epwi blame lòt la pou kraze maryaj la. Byenke gen plizyè rezon sou baz fot pou divòs, se motif "tretman kriyèl ak abizif ( cruel and abusive treatment ") la victim vyolans domestic itilize plis.
Ou kab mande yon odyans 21 jou aprè cherif la oswa ajan polis la delivre mari/madanm ou Sitasyon Relasyon Domestik la avèk plent pou divòs la. Ou kapab divòse menmsi mari/madanm ou pa konparèt pou odyans la. Aprè jij la tande ka w la, tribunal la ap rann yon jijman pou Divos Tanporè (Judgment of Divorce Nisi). Divòs la ap final 90 jou aprè Desizyon Divòs Tanporè a (Judgment of Divorce Nisi).
Rezon pou divòs sou baz “fot” yo se:
- Tretman Kriyèl avèk Abizif (Cruel and Abusive Treatment) se rezon divòs ki plis popilè a. Ou dwe montre mari/madanm ou fè yon bagay eksprè ki blese oswa deranje ou. Abi kòporèl (fizik) se tretman kriyel e abizif. Abi emosyonel se tretman kriyel e abizif sil koze ou domaj fizik (fè ou malad). Pa ekzanp, jan li bwè, rete deyò tout lannwit ki lakòz ou gen maltèt ak pwoblèm lestomak.
- Rezon kòm Abandonman/DesèsyonOu dwe montre mari/madanm ou:
- kite ou,
- Li genyen omwen yon ane depwi li ale, e
- Li pa konte retounen.
- Wap genyen pou w montre li kite poutèt li, ou pat dakò e li pat genyen yon bòn rezon pou li te ale.
Nan sèten ka, genyen abandonman menmsi mari/madanm ou pa janm kite kay la fizikman. Nan ka sa yo, jij dwe santre sou fè yo nan ka a pou wè si sa konstitye abandonman.
- Rezon kòm Abitid gwosye ak tafyatè envetere vle di mari/madanm ou gen yon mòd li pran anpil dwòg o bwè anpil tafya. Ou dwe pouve mari/madanm ou pran dwòg oswa bwè tafya aleksè (twòp), e li fè sa pou kont li san yo pa fòse li. Ou dwe pouve li fè li regilyèman pa jis yon lè konsa.
- Rezon kòm Gwosye oswa devègwonde avèk kriyèlman refize oswa neglije bay sipò konvenab vle di mari/madanm ou refize ba ou ase lajan pou w kab viv. Pou itilize rezon sa, ou dwe montre mari/madanm ou kapab sipòte ou men li refize oswa li pa fè sa. Ou dwe montre sa afekte w fizikman (ou tonbe malad) o sa mete ou fizikman andanje.
- Rezon kòm Adiltè pa itilize trè souvan. Sa vle di mari/madanm ou fè sèks ak yon lòt moun. Wap genyen pou w pouve mari/madanm ou fè sèks ak yon lòt moun. Sa difisil pou pouve. Majorite moun pa itilize rezon sa a menmsi yo panse mari/madanm yo fè sèks avèk yon lòt moun.
- Rezon kòm Enpotans: Sa vle di mari/madanm ou pa kapab fè sèks. Sa pa fasil pou yo itlize rezon sa a.
- Rezon kòm Santans Kondanasyon Fèmen nan Prizon: Sa vle di mari/madanm ou kondane pou senkan prison oswa plis. Rezon sa a baze sou longè santans la, pa kantite tan li aktyelman pase nan prizon.