Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Kisa yon akò pou separasyon ye? Eske mwen bezwen yonn?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize janvye 2012

Nan yon ka divòs, ou avèk mari/madanm ou kapab siyen yon akò ki di kòman nou vle fè bagay yo. Akò a rele "akò pou separasyon" (separation agreement). Pafwa akò separasyon an vin yon kontra irevokab ant ou avèk mari/madanm w. Pafwa li pa kontra irevokab jiskalè jij la apouve li e antre jijman divòs la ladan li. Tou sa depann sou sa ou avèk mari w mete nan akò separasyon an. Li saj anpil pou w resevwa konsèy legal avan ou siyen yon akò.

Yon akò separasyon kouvri bagay kankou:

  • pansyon alimantè/sipò pou mari/madanm (alimony)
  • lajan sipò timoun,
  • gadyen timoun,
  • vizit,
  • sak pase pou byen pèsonel,
  • sak pase pou kay fanmi lan,
  • sak pase avèk taks yo,
  • kilès kap peye dèt yo,
  • chanje non, avèk
  • lòd pwotektè (pa ekzanp, yon lòd ki di mari/madanm ou pa kapab ale lakay ou oswa nan travay ou).

Yon akò separasyon valab sèlman si toulède mari/madanm siyen li. Pran konsèy yon avoka (Get advice from a lawyer) avan ou siyen yon akò separasyon mari/madanm ou oswa avoka li ekri. Mari/madanm ou pa kapab fòse ou siyen yon akò separasyon. Si mari/madanm ou ap fè w presyon pou w siyen yonn, rale kò w epwi pale ak pwòp avoka ou.

Pale avèk yon avoka si ou panse ou ta kab vle yon akò separasyon. Yon akò separasyon kapab afekte vi ou pou lontan, epwi sèten nan kesyon yo konplike (kankou taks). Li enpòtan pou w pran tan pou ou panse sou sitiyasyon patikilye w la, sou bezwen ou, bezwen pitit ou si ou se yon paran. Pa bliye nan lespri w, bagay chanje avèk letan. Li pibon pou w pale ak yon avoka o fè yon avoka ekri yon akò olye ou eseye ekri l oumenm.

Yon akò separasyon dodinè vin fè pati jijman divòs la. Men jij la kapab refize aksepte yon akò si li kwè li pa ekitab oswa li panse mari/madanm ou pouse oswa fòse w pou ou siyen li.

Epwitou, jij la pap apouve pati yo nan akò separasyon an ki afekte pitit ou yo (kankou gadyen) amwenke li kwè yo nan “meyè” enterè timoun nan.

    Ki moun pou rele pou ede w

    Jwenn èd legal

    Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

    Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).