You are here

Separasyon avèk Sipò ak Gadyen (Titèl)

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Dènye Mizajou 2010

Eske M kapab aplike pou sipò oswa gadyen (titèl) san m pa divòse?

Wi. Ou kapab vle rete marye, men ou bezwen sipò avèk asirans sante. Ou kapab bezwen gadyen timoun ou yo tou, pandanke ou marye, epwi ou kapab bezwen sipò avèk asirans sante pou yo.

Pou jwenn sipò pandanke ou rete marye, ou kapab depoze:

  • yon Plent pou Sipò (Complaint for Support) si ou pa bezwen yon lòd pou gadyen men ou bezwen sipò oswa asirans sante pou oumenm oswa pitit ou epwi ou rete marye; oswa
  • yon Plent pou Sipò Separe (Complaint for Separate Support) si ou rete marye e ou bezwen
    • yon lòd pou gadyen avèk
    • sipò oswa asirans sante pou pitit ou avèk/oswa
    • sipò oswa asirans sante pou oumenm.
Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Dènye Mizajou 2010

Depoze yon Plent pou Sipò Separe si ou bezwen yon lòd pou gadyen menm jan tou ak sipò pou woumenm ak piti ou.

Nan ki tribinal Mwen dwe aplike?

Genyen yon Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan chak komin nan Massachusetts.

Si mari/madanm ou ankò rete nan dènye kominote kote nou te rete ansanm nan, ou dwe aplike pou sipò separe nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan kominote sa a (Probate and Family Court in that county). Si mari/madanm ou pa rete nan menm kominote kote nou te dènye rete ansanm, ou kapab depoze yon plent pou Sipò Separe nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon nan kominote kote w rete a oswa nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon kote mari/madanm ou rete a.

Konbyen tan lap pran?

Tribinal la genyen yon sistèm rezo pou tout kalite ka. Nan sistèm rezo a plent pou sipò separe yo klase nan rezo 8 mwa yo. Sa vle di plent pou sipò separe yo dwe ale nan jijman, rezoud, oswa rejte nan 8 mwa.

Konbyen sa koute pou depoze yon plent?

Tribinal Lafanmi ak Omologasyon an fè peye pou depoze ak òganize sèten dokiman. Tcheke Echel Pèman Inifòm Depatman Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon an (Probate and Family Court Department Uniform Fee Schedule) pou konnen konbyen lap koute. Depwi nan 1mye Jiyè 2009 frè pou Plent pou Sipò Separe a te $120 e genyen yon frè $5 pou yon sitasyon. Asistan cherif avèk ajan polis yo dòdinè fè peye $35-45 pou delivre papye yo bay mari/madanm ou.

Ka
Frè pou soumèt
Taks
Sitasyon
Frè Asistan Cherif
oswa Ajan Polis
Sipò Separe $100

$15

$5

apeprè $35-$45

E si mwen pa genyen mwayen pou m peye frè tribunal yo?

Ou pa bezwen peye frè sa yo si:

  • ou resevwa okenn asistans piblik (èd sosyal, koupon pou manje, etc. oswa
  • revni ou mwenske 125% nivo povrete federal la (federal poverty level oswa
  • ou kapab montre si pou w peye frè sa yo lap difisil pou w peye lwaye w oswa hipotèk kay ou oswa achte manje avèk rad.

Si w pa kapab peye frè sa yo, itilize Fòm Afidavi pou Endijans lan (Affidavit of Indigency form) pou mande tribunal la pou l kite w aplike san w pa peye frè yo. Yo rele sa “ekzansyon frè” (“fee waiver”). Fòm sa a mande tribunal la tou pou bay leta lòd pou peye asistan cherif la oswa ajan polis la pou delivre papye tribunal yo.

Wap bezwen ekri revni ou (konbyen lajan ou resevwa chak mwa) nan Afidavi a. Ekri tout frè yo ou bezwen èd avèk yo a: frè pou aplikasyon, frè asistan cherif oswa ajan polis pou delivre papye yo, ak tout lòt frè w bezwen yo kouvri. Fòm afidavi a genyen espas kote ou kapab ekri enfòmasyon sa a. Tribinal la kapab mande w dokiman pou montre poukisa ou bezwen yo peye frè yo pou ou.

Eske m kapab kenbe adrès mwen sekrè? 

Wi. Ou kapab gade adrès ou sekrè pou mari ou si ou bezwen fè sa pou w kenbe sirte ou. Soumèt yon rekèt (motion) pou mande tribunal la pou "kache"/sere ( "impound"/ hide) adrès ou. Ekri nan fòm rekèt (motion form) la poukisa ou pap genyen sirte si mari w dekouvri kote ou rete. Gade yon echantiyon Rekèt pou Kache Adrès ak Afidavi ki atache avèk li (Motion to Impound Address and attached Affidavit).

Depoze yon Plent pou Sipò Separe

    1. Jwenn yon fòm Plent pou Sipò Separe (Complaint for Separate Support form) avèk enstriksyon yo (instructions) nan sit entènèt Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon an (Probate and Family court website) oswa nan nenpòt tribunal Lafanmi avèk Omologasyon nan Massachusetts. Si w bezwen sipò pou timoun wap bezwen yon kopi Fèy Kalkil Gid Sipò pou Timoun nan (Child Support Guidelines Worksheet).
    2. Ranpli Plentpou Sipò Separe a:
      1. Chwazi yon "motif"/rezon legal (grounds/legal reason). Fòm sa a genyen yon lis kontwòl pou motif yo:
        1. Mari ou pa bay sipò;
        2. mari ou dezète ou;
        3. w ap viv separe avèk mari ou pou "kòz jistifyab" (pou bòn rezon). Ekri rezon yo nan espas yo bay yo;
      2. Si wap mande sipò timoun, ranpli fèy kalkil mach aswiv pou sipò timoun nan (Child Support Guidelines Worksheet).
    3. Tcheke Tablo Frè Inifòm Depatman Tribunal Lafanmi ak Omologasyon an (Probate and Family Court Department Uniform Fee Schedule) pou jwenn konbyen lap koute. Depwi nan dat 1mye Jiyè 2009, li koute $120 pou depoze yon plent pou Sipò Separe ($100 frè pou depoze li + $15 taks + $5 pou yon sitasyon). Genyen frè apeprè $35-45 tou pou fè yon asistan cherif oswa yon ajan polis delivre papye yo bay mari/madanm ou.
    4. Depoze Plent la. Ou kapab depoze yon plent pou Sipò Separe nan Tribinal Lafanmi ak Omologasyon nan kominote kote ou rete a oswa kominote kote mari/madanm ou rete a. Sepandan, si mari/madanm ou abite nan dènye kominote kote nou te rete ansanm, ou dwe aplike pou sipò separe nan Tribunal Lafanmi ak Omologasyon sa a (Probate and Family Court in that county).
      1. Ranpli yon fòm Afidavi pou Endijans (Affidavit of Indigency form) si ou pa kapab peye pou sitasyon oswa frè pou delivre papye yo. Si ou kapab tcheke nenpòt kare A oswa B nan fòm nan, tcheke li. grefye a ap apouve fòm lan, vize li, epi ba ou yon kopi. Sa vle di tribunal ap kouvri frè yo.
      2. Prezante yon rekèt (motion) pou kenbe adrès ou "kache" si ou bezwen kenbe adrès ou ansekrè pou mari ou pou w kab rete ansirte. Ekri nan fòm rekèt la (motion form) poukisa w pap gen sirte si mari w dekouvri kote ou abite. Swiv echantiyon Rekèt pou Kache Adrès ak Afidavi ki kole avèk li a (Motion to Impound Address and attached Affidavit).
      3. Soumèt yon rekèt pou lòd tanporè  (motion for temporary orders). si ou bezwen pou tribinal la pase lòd pou yon bagay imedyatman (kankou sipò timoun). Fè rekèt pou prezante plent la avèk afidavi endijans la. Mande grefye a pou ba ou yon dat pou yon odyans. Ekri dat la sou fòm rekèt la. Gen yon plas nan fòm lan pou sa. Ou kapab soumèt fòm lan plita tou anka bezwen.

Lè ou depoze Plent la:

  1. Delivre papye yo. Grefye a ap ba ou yon “Sitasyon pou Divòs/Sipò Separe”. Se yon papye ofisyel ki di mari w kilè pou li soumèt Repons li nan ka w la. Tribinal la kapab deside sou ka w la sèlman aprè sitasyon an delivre bay mari ou.. Pote oswa voye sitasyon an ak yon kopi tout papye ou soumèt yo bay cherif la (sheriff), oswa ajan polis (constable) la pou delivre yo bay mari w. Si tribinal la apouve Afidavi Endijans la (Affidavit of Indigency), asire w pou ou bay cherif la oswa ajan polis la yon kopi pou leta kapab peye frè yo. Lè cherif la oswa ajan polis la bay mari w papye yo, sa rele “delivre manda konparisyon” ("service of process)".
  2. Tann pou cherif la oswa ajan polis la retounen sitasyon avèk ‘’Pwèv li Delivre’’ yo ba ou. Aprè cherif la oswa ajan polis la delivre papye yo, lap retounen sitasyon orijinal yo ba ou. Nan sitasyon an, cherif la oswa ajan polis la ap ranpli, siyen e date seksyon ki rele ‘’Pwèv delivrezon’’. Asire w pou w di cherif oswa ajan polis la pou voye sitasyon an avèk “pwèv delivrezon’’an retounen ba ou.
  3. Fè yon ‘’delivrezon anretou”. Retounen Sitasyon Divòs/Sipò Separe original la bay tribunal la. Sa vle di ”delivrezon anretou”. Sonje pou w fè yon kopi sitasyon orijinal siyen an pou achiv ou.

Sa kap pase aprè mwen retounen sitasyon an bay Tribinal la?

Lè ou retounen sitasyon an bay tribunal la, grefye a ap tcheke ka w la pou wè si ou te te deja genyen yon dat pou konparèt. Si ou te soumèt yon rekèt pou Lòd Tanporè, wap deja genyen yon dat. Si mari ou soumèt yon repons pou plent ou a avan w te retounen sitasyon an bay tribinal la, wap deja genyen yon dat pou konparèt.

Si w pat gen dat pou konparèt, grefye a ap ba ou yon dat pou ‘’Odyans pou Jesyon Ka’’ (Case Management Conference). Odyans pou Jesyon ka a ap fèt omwen nan 30 jou aprè ou soumèt pwèv pou delivrezon sitasyon an.

Sak pase nan yon Odyans pou Jesyon Ka?

Nan yon Odyans pou Jesyon ka jij la ap pale avèk ou sou ka w la. Jij la kapab tande ka a e rann yon desizyon pou sipòte li si:

  • mari ou pat soumèt yon Repons, oswa
  • Ou ak mari w te "rezoud" ka a epwi jij la apouve li. "Rezoud" vle di nou toulède dakò alekri sou bagay yo ki dwe deside yo ansipò ka a, kankou kantite sipò pou ou, sipò pou timoun yo, ak ki kalite asirans sante oumenm oswa timoun yo ta dwe genyen e kilès ki dwe peye pou li.

Si tribunal la pa rann yon Jijman Ansipò nan Odyans pou Jesyon ka a, lap ba ou yon nouvo dat pou konparèt. Pwochen dat la kapab pou odyans avan jijman oswa jijman.

Ale nan jijman – Jwenn yon jijman sipò

Ap genyen yon odyans final, yo rele jijman tou. Nan jijman sa a jij ap deside sou ka sipò separe w la. Ou avèk mari ou kapab rezoud ka a avèk yon akò ekri ou siyen epwi w mande jij la pou apouve li, menm nan jijman an. Jij la ap rann yon Jijman Ansipò ka w la. Si jijman an pran yon jou omwen, jij la dwe rann desizyon an nan 30 jou aprè jijman an.

Yon "Jijman’’, se yon desizyon final. Sa vle di li pa kapab chanje plita amwenke gen yon chanjman konsiderab nan sitiyasyon ou oswa mari ou. Si gen yon chanjman konsiderab, e ou bezwen yon chanjman nan jijman an, ou kapab soumèt yon Plent pou Modifikasyon (chanjman).

    Ki moun pou rele pou ede w