You are here

Timoun ki soufri maladi anemi falsifòm kapab rete an sante epitou reyisi nan lekòl yo

Pwodwi pa New England Pediatric Sickle Cell Consortium, an kolaborasyon avèk, Rajan Sonik, Equal Justice Fellow, Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Dawou 2014

Sa kapab difisil pou timoun ki soufri maladi anemi falsifòm pou l rete ansante nan lekòl e fè bòn nòt, men sa pa oblije fèt.

  • Si tout pwofesè yo konnen pitit ou a dwe bwè anpil dlo e pòte manto li lè fè frèt, li kapab petèt rete ansante.
  • Si tout pwofesè yo swiv yon plan pou pitit ou a kapab ratrape l pou travay li  pèdi lè l malad, li kapab pwobableman fè bòn nòt.

Lalwa di lekòl pitit ou a dwe fè epi tou swiv yon plan pou ede pitit ou a rete an sante epi reyisi nan lekòl li. Kalite plan sa rele “Plan 504” (“504 Plan.”) Li eksplike tout bagay pitit ou bezwen pou l rete ansante  nan lekòl li. Li kapab di  lekòl la tou kòman pou l ede pitit ou ratrape li aprè l pèdi lekòl pou maladi.

Kijan mwen kapab fè yon Plan 504 pou pitit mwen?

  • Mande doktè pitit ou pou itilize fòm sa yo nan seksyon sa forms in this section pou pitit ou a kapab rete an sante epi reyisi nan lekòl la. Li kapab gade nan echantiyon lèt doktè a, “tablo amenajman yo,” ak fòm medikaman yo. Li kapab chanje echantiyon yo pou pale de bezwen espesifik  pitit ou a. Al gade Enstriksyon pou doktè pitit ou aInstructions for your child’s doctor
  • Mande lekòl la yon reyinyon pou kreye yon plan 504 pou pitit ou a.
  • Anvan reyinyon an, bay lekòl la yon kopi lèt doktè a, tablo a, ak fòm medikaman yo pou pitit ou. Kenbe yon kopi pou ou, epi pote kopi nan reyinyon an.
  • Lekòl la dwe reyini avèk ou. Fè lekòl la konnen ou konnen dwa ou yo. Kontinye mande reyinyon an jiskaske yo banw yon dat.

Eske “Plan 504 la”  se menm ak edikasyon espesyal?

Non. Elèv yo ki bezwen edikasyon espesyal genyen Program Edikasyon Endividyalize(PEI). Yon PEI jeneralman se pou elèv ke aprantisaj difisil pou yo, menm lè yo kapab vinn lekòl la. Yon plan 504 se plis pou elèv ki ka echwe poutèt yon andikap kap fè yo malad kidonk yo pap kapab swiv klass. 

Al gade yon tablo ki montre diferans antPEI yo ak plan 504 yo chart that shows the differences between IEP’s and 504 plans.

Pou aprann plis sou PEI yo, al gade Yon Gid Paran pou Edikasyon Espesyal A Parent’s Guide to Special Education

Kreye Me 2015

We are updating this page. 

Please check back later.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).