Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Maladi anemi falsifòm ak lojman

Pwodwi pa New England Pediatric Sickle Cell Consortium, an kolaborasyon avèk, Rajan Sonik, Equal Justice Fellow, Massachusetts Law Reform Institute 
Kreye Dawou 2014

Moun ki soufri maladi anemi falsifòm MAF (SCD) dwe reflechi byen sou afè kay yo. Lè li w twò frèt nan kay la sa se pwoblèm pou nenpòt moun, men pou moun ki MAF(SCD) li kapab koze yon kriz doulè.

Gid sa a gen enfòmasyon sou de sijè:

  • Kondisyon Lojman kòman pou w fè mèt kay ou a rezoud pwoblèm tankou rat ak radyatè kraze.
  • Akomodasyon Rezonab kòman pou w fè mèt kay la chanje yon règleman oswa  fason li dòdinè fè bagay yo. Si yon règleman oubyen “biznis kòm alòdinè”  ap nwi sante akòz MAF(SCD) li a, mèt kay ou a kapab genyen pou fè kèk chanjman.

Kondisyon lojman

Problèm avèk “kondisyon lojman” se pwoblèm tankou tiyo kase, chofaj kraze, limon, ak ronjè. Si apatman ou a gen pwoblèm serye konsa, mèt kay ou a dwe ranje yo.

Kisa m kapab fè si apatman mwen an nan movè kondisyon

  • Ekri mèt kay ou a sou pwoblèm nan. Drese yon lis tout pwoblèm yo.  Siyen li e date li.
  • Kenbe yon kopi lèt la. Lap ede w pwouve ou te pale mèt kay la sou pwoblèm nan. Si mèt kay ou a pa rezoud pwoblèm nan, ekri lòt lèt ankò pou fè li konnen  pwoblèm yo toujou la. Pran foto pwoblèm yo si w kapab.
  • Si mèt kay la eseye rezoud pwoblèm yo, kenbe yon dosye. Ekri dat chak reparasyon ak travay ki te fèt nan dat sa a. Ekri si reparasyon an te rezoud pwoblèm nan, o non.
  • Kenbe yon kopi lèt la ak dosye reparasyon yo yon kote.

E kisa mwen kapab fè si mèt kay la pap rezoud pwoblèm nan?

  • Nan laplipa eta yo, lameri gen responsablite pou fòse mèt kay yo respekte lalwa. Si mèt kay la pa repare pwoblèm yo, rele biwo prensipal lameri a. Mande pou  konekte w ak depatman ki enspekte kay yo. Sa dòdinè fè pati depatman sante oswa enspeksyon.
  • Eksplike pwoblèm yo. Di depi konbyen tan ou gen pwoblèm yo ak kilè ou te rapòte yo bay mèt kay la.
  • Mande yon enspeksyon. Wap kapab jwenn èd pi vit si ou di yo pitit ou a gen maladi kronik eke pwoblèm yo poze risk serye pou sante li.
  • Ou dwe pou w lakay ou lè yo vin pou fè enspeksyon an. Li kapab pran plizyè semèn pou w jwenn yon lòt enspeksyon si ou rate premye a.
  • Enspektè a dwe bay mèt kay ou a sitasyon si pwoblèm yo serye.
  • Mande enspektè a pou voye yon kopi rapò sètifye ba ou pou w kenbe nan dosye ou. Si enspektè a pa ba ou yon kopi sètifye, ale nan biwo enspeksyon an epi mande yon kopi sètifye.

E si mèt kay mwen an toujou pa rezoud pwoblèm yo oubyen li ta eseye pran revanj kont mwen?

AKomodasyon Rezonab

Mèt kay yo genyen anpil règleman lokatè yo dwe respekte. Pa egzanp, yon mèt kay kapab gen yon règleman ki di ou pa kapab ajoute yon ba pou kenbe pou sirte nan douch la.

Mèt kay yo gen fason abityèl yo fè bagay yo tou. Pa ekzanp, mèt kay la kapab llimen oswa fèmen chofaj la pou tout bilding lan nan sèten dat chak ane.

Si yon règleman oswa “biznis alòdinè ” poze yon pwoblèm pou yon lokatè ki genyen yon andikap, pafwa mèt kay la oblije chanje règleman an oswa jan li fè bagay yo. Kalite chanjman sa a rele “akomodasyon.” Men mèt kay la sèlman oblije fè  chanjman “rezonab”. Pa ekzanp, ajoute yon ba pou kenbe pou sekirite nan douch la pwobableman rezonab, men pou chanje twalèt la konplètman kapab pa sa.

Ou kab kapab mande akomodasyon rezonab pou pitit ou sil genyen maladi anemi falsifòm.

Genyen diferan pwosesis pou diferan kalite lojman pou w mande akomodasyon rezonab.

Si nw rete nan kay leta e ou genyen yon sibvansyon, oswa ou rete an yon gwo bilding, mande biwo manajman an oswa asistan sosyal la pou fòm pou fè demand pou akomodasyon rezonab yo. Si ou pa kapab jwenn fòm yo, ekri yon lèt. 

Si mèt kay la sèlman lwe kèk grenn apatman, ou kapab jis ekri yon lèt. Pou tout mèt kay:

  • Ekri demand ou pou akomandasyon rezonab,
  • Jwen yon lèt medikal pou sipòte demand ou a,
  • Fè swivi, epi
  • Kenbe kopi tout fòm, dokiman ak lèt ou voye a ak sa w resevwa nan men mèt kay ou a.

Ekri demand la

Genyen anpil akomodasyon timoun ki gen maladi anemi falsifòm kapab bezwen pou yo rete ansante.  Si pitit ou a gen lòt bezwen tou, ou kapab mande akomodasyon pou lòt bezwen sa yo nan menm lèt la.

Lè wap ekri demand la:

  • eksplike poukisa pitit ou a bezwen akomodasyon yo, epi
  • eksplike ki akomodasyon pitit ou a bezwen.
  • kenbe yon kopi demand ou a. Gen echantiyon enkli anba a.

Nòt

Se pa tout demand anba yo kap aplikab nan tout sityasyon  lojman.

Echantiyon rezon poukisa amenajman an nesesè

Jane, pitit fi 10 zan m nan genyen maladi anemi falsifòm. Li kronikman nan gwo risk pou li develope epizòd doulè afeblisan, enfeksyon akablan, konjesyon serebral, sendwòm torasik egi ak konplikasyon pilmonè.  Gen anpil faktè ki kapab ekzasèbe  malady l la e koze konplikasyon trè grav. Faktè sa yo enkli, deplis, ekspoze ak  iritan ki afekte  vwa respiratwa (kankou, limon, pousyè, van frèt, kourandè, ronjè,ensèk, ak lafimen segondè), expoze ak plis ke kèlke moun (chak moun pote pousyè deplis, alèjèn, ak expoze ak lòt ki gen enfeksyon),  reta nan jwenn atansyon medikal lè sentòm yo kòmanse, ekspoze ak fredi, chalè, dezydratasyon,  nitrisyon pòv, simenaj. Anplis, Jane te genyen konplikasyon anrapò anrapò ak maladi anemi falsifòm nan, espesyalman  nekroz avaskilè  nan hanch , ki ran eskalye difisil anpil  pou li. 

Echantiyon lis pou mande akomodasyon

Daprè kondisyon medikal li, li esansyèl pou sante Jane pou li rete nan yon kay ki:

  • Pa gen toksin (enkli lafimen segondè), limon, pousyè, salte, ak enfestasyon: silvouplè fè atansyon ak pwoblèm enfestasyon ak limon mwen te pale w de yo a.
  • Bay kontwòl tanperati a: silvouplè pèmèt nou kontwole tèmosta ki nan apatman  an olye pou n genyen chofaj nou sèlman louvri o fèmen avèk chofaj bilding lan.
  • Ki pre nan sant medikal Jane, Lopital Inivèsite a.
  • Pèmèt Jane gen pwòp chanm li ( pou minimize risk pou l ekspoze ak enfeksyon ak iritan  pou vwa resppiratwa): tanpri apwouve demand nan pou transfere nou nan yon apatman ki gen yon chanm anplis pou Jane kab genyen pwòp chanm li.
  • Gen yon kwizin ki fonksyone  poou m kapab prepare manje nitritif pou Jane ki kapab ede soutni sistèm iminitè li: tanpri rezoud pwoblèm frigidè a mwen te pale w de li a.
  • Ki pa oblije pou monte plizyè etaj eskalye pou rive: tanpri apwouve demand nou an pou transfèn nan yon apatman nan premye eetaj oswa nan yon bilding ak elevate ki travay.

Echantiyon sa yo pale sou lojman ki nan move kondisyon.  Si lojman nan movè kondisyon espesyalman movè pou sante pitit ou akoz maladi anemi falsifòm, enben sa kapab alafwa yon pwoblèm kondisyon ak yon pwoblèm akomodasyon  rezonab.

Lèt Medikal la

Si mèt kay ou a vle doktè pitit ou ranpli yon fòm espesifik, mande doktè a pou fè tou de konplete fòm nan ak ekri yon lèt medikal. Si pa genyen yon fòm ekzak, mande doktè ou a pou ekri yon lèt medikal. Si met kay ou a vle pou ou ekri demand lan dabò e jwenn lèt medikal la plita, li ankò OK pou w ba li tout bagay alafwa pou economize tan.

Itilize  2 echantiyon lèt medikal yo ak yon fèy sijesyon pou doktè pitit ou a. Lè w mande doktè a pou yon lèt, montre li echantiyon sa yo ak fèy sijesyon an. Yap rann fasil pou doktè a pou li ekri lèt medikal pou akomodasyon rezonab nan lojman.

Lè w genyen lèt la ak kèlkeswa fòm doktè pitit la ba ou, kenbe kopi ekstra pou ou anvan ou bay mèt kay la yo.

Swivi

Aprè ou fin bay mèt kay ou a lèt demand pou akomodasyon rezonab la ak lèt medikal lla, fè swivi chak yonn o de semèn. Ekri mande met kay la pou mizajou sou demand ou a. Siyen e date lèt yo, e kenbe kopi nan dosye ou. Si mèt kay la inyore demand ou a:

  • Biwo èd legal lokal ou a kapab ede. Montre  avoka èd legal la tout dokiman ak dosye ou te kolekte yo. Ou kapab jwenn biwo èd legal yo anliy:
  • nan Masachosèt: Massachusetts Legal Resource Finder
  • andeyò  Masachosèt: Pine Tree asistans jiridik Links to Legal Services Programs
  • Ou kapab tou kontakte biwo dwa sivil vil la oswa eta a. Eksplike ke ou ta renmen depoze  “yon plènt pou dwa sivil ou poutèt diskriminasyon baze akoz ou andikape.” Eksplike sitiyasyon an epwi montre yo tout dokiman yo  ou te kenbe a. Mande èd pou depoze plènt la.

Pou plis enfòmasyon

  • Pou kondisyon lojman, al wè Move kondisyon Bad Conditions
  • Pou amenajman rezonab, al wè amenajman rezonab Reasonable Accomodations
  • Lòt pwoblèm lojman kapab nwi pitit ou a tou. Al wè seksyon lojman Housing section an pou ede avèk pwoblèm fakti gaz ak elektrisite, diskriminasyon, degèpisman, ak konfiskasyon.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Zouti ou kap itilize