Konteni Atik la
- Sa “akomodasyon rezonab ye” (What are "reasonable accommodations")?
- Ki akomodasyon ki “rezonab”? Kisa mwen kapab mande? (What accommodations are "reasonable"? What can I ask for)?
- Kisa ki fè yon akomodasyon akademik irezonab? ( What makes an academic accommodation "unreasonable")?
- Eske kolèj mwen an oblije ban mwen akomodasyon rezonab (Does my college have to give reasonable accommodations)?
- Eske li genyen okenn diferans avèk lekòl segondè (Is this any different from high school)?
- Kijan pou m mande akomodasyon rezonab ( How do I ask for reasonable accommodations)?
- Dokimantasyon medikal (Medical documentation)
- Fè swivi (Follow up)
- Sijesyon enpòtan (Important tips)
Kisa “akomodasyon rezonab” ye ( "reasonable accommodations")?
Genyen regleman yo nan kolèj ki rann li difisil pou w reyisi si w genyen yon andikap. Akomodasyon rezonab se chanjman kolèj la fè nan règleman yo pou ede etidyan andikape yo reyisi.
Si ou genyen yon andikap, règleman sou kantite kou ou dwe pran chak semès, kantite klas ou kapab manke, oswa lè chofaj pase nan dòtwa kapab rann li difisil pou w reyisi.
Kolèj yo pran maladi anemi falfòm MAF(SCD) kòm yon andikap. Si MAF(SCD) rann li difisil pou w swiv yon règleman nan yon kolèj, kolèj la kab genyen pou li chanje règleman an. Men kolèj la genyen sèlman pou l fè chanjman ki rezonab. Si yon règleman rann li difisil pou w reyisi, ou gen obligasyon ak tèt ou pou w mande yon chanjman rezonab.
Ki akomodasyon ki “rezonab”? Kisa m kapab mande?
Nan kolèj, ou kapab mande 2 kalite akomodasyon: Non-akademik ak akademik.
Akomodasyon non-akademik dòdinè pi senp e pi fasil pou w jwenn pase akomodasyon akademik.
Akomodasyon non-akademik
Akomodasyon non-akademik ede etidyan rete ansante. Yo ede etidyan yo rann yo nan klas yo tou. Pa ekzanp, ou kab mande pou:
- Limen chofaj nan dòtwa w la pi bonè nan ane a ke dòdinè;
- Rete nan yon dòtwa ki pi prè klas ou sil difisil pou w rive nan klas la. Li kapab twò penib pou ou, twò cho, oswa twò frèt deyò a si w genyen pou w mache yon bon distans;
- Itilize yon asansè nan yon bilding si ou genyen yon klas nan yon etaj ki wo; oswa
- Pou w kapab rele bis kanpis la pou lage w nan klas ak mennen w tounen lè li difisil pou w mache nenpòt distans. Anpil kolèj genyen pwogram bis konsa yo.
Akomodasyon akademik
Akomodasyon akademik kapab pli konplike. Yo genyen bagay kankou pran tès ou te manke, oswa pran mwens klas.
Pa ekzanp, si ou lopital pandan yon ekzamen final, konsa li rezonab pou w mande yon ekzamen ratrapaj nan kèlke semen aprè ou santi w mye. Men, li petèt pa rezonab pou w mande pou w sote yon ekzamen e kite w pase klas la anmenm tan.
Lwa federal ki rele“45 CFR 84.44– Academic adjustments ("Ajisteman akademik”) eksplike kalite akomodasyon akademik yon kolèj ta dwe ba ou. Yo se:
- Chanje kantite tan kolèj la ba ou pou w konplete degre w la.
- Pran yon diferan klas olye sa yo ekzije w la. Li kapab difisil pou w jwenn akomodasyon sa a.
- Chanje fason yon pwofesè anseye yon kou espesifik. Akomodasyon sa a kapab difisil pou jwenn.
- Anrejistre klas yo. Mande sa alavans pou moun kapab genyen tan pou ranje ekipman yo.
- Chanje fason ou pran ekzamen yo, kankou pèmèt ou pou:
- pran yo nan yon lòt sal,
- genyen plis tan pou fè yo,
- fè yon moun li kesyon yo fò pou ou, oswa
- itilize yon konpitè oswa aparèy espesyal.
- Se pa tout etidyan ak anemi falsifòm ki bezwen akomodasyon sa yo pou fè ekzamen, men mande yo si w bezwen yo.
Ou kapab al wè règ 45 CFR 84.44 - AJISTEMAN AKADEMIK YO (45CFR 84.44 - ACADEMIC ADJUSTMENTS). Ou kapab montre kolèj ou a lwa federal la.
Kisa ki fè yon akomodasyon akademik “irezonab”?
Si yon akomodasyon ta chanje yon pati “esansyèl” nan yon pwogram akademik, li pa “rezonab” e kolèj la pa oblije ba ou li. Kolèj la deside kisa ki “esansyèl.” Kolèj la gen anpil pouvwa pou l deside ki akomodasyon ki rezonab. Si ou pa dakò avèk kolèj la, ou kapab itilize pwosedi kolèj yo pou w fè reklamasyon an, oswa mennen kolèj la nan tribinal.
Donk, li trè enpòtan pou w genyen pwofesè yo, biwo pou andikape a, ak mentò yo bò kote ou. Ou bezwen moun ki vle ede ou. Al wè Sijesyon enpòtan.
Nòt
Yon akomodasyon kapab rezonab pou yon etidyan men pa pou yon lòt. Kolèj ou a kapab ba ou yon akomodasyon, menmsi yo pat bay yon lòt moun li. Chak etidyan inik anlimenm konsa kolèj la dwe gade demand pou akomodasyon an baze sèlman sou sikonstans avèk sou bezwen ou.
Eske kolèj mwen an oblije bay akomodasyon rezonab?
Wi. Tout kolèj ki resevwa fon federal dwe bay etidyan ak andikap akomodasyon.
Pweske tout kolèj piblik ak prive resevwa yon kalite fon federal. Donk, yo dwe bay akomodasyon rezonab.*
Eske sa genyen okenn diferans avèk lekòl segondè?
Wi. Jwenn akomodasyon rezonab nan kolèj diferan avèk jwenn yo nan lekòl.
Lekòl K-12
Nan jadendanfan al nan 12yèm grad, lekòl yo dwe chèche timoun ak andikap ki kab afekte edikasyon yo. Depi lekòl la idantifye timoun andikape yo, li dwe obsève anpil lwa pou asire l timoun yo genyen tout chans yo pou jwenn èd yo bezwen yo.
Kolèj
Kolèj pa oblije chèche konnen etidyan ak andikap. Menmsi yon kolèj konnen ou genyen yon andikap, lap sèlman genyen pou ede w si w mande pou èd.
Pou w jwenn akomodasyon rezonab nan kolèj, ou bezwen:
- Konnen sa pou w mande,
- Konnen kòman pou w mande,
- Mande ositoke w kapab, e
- Pouswiv sa plizyè fwa pou asire w ou jwenn akomodasyon ou bezwen yo.
Kijan pou m mande akomodasyon rezonab?
- Fè rechèch sou pwosesis pou mande akomodasyon rezonab nan kolèj ou a ositoke posib.
- Itilize pwosesis kolèj ou a pou w fè demand ou yo avèk 10 etap gid sa a.
- Fè swivi.
Fè rechèch sou pwosesis la
Verifye règleman kolèj ou a pou akomodasyon rezonab ositoke ou konnen kote ou prale.
Tout kolèj gen règleman sou andikap avèk akomodasyon rezonab, men règ yo difereran sot nan yon kolèj al nan yon lòt:
- Sèten kolèj genyen yon biwo antye pou okipe afè demand pou akomodasyon rezonab sèlman. Lòt kolèj genyen sèlman yon “ofisye pou afè andikap” ki fè plizyè lòt djòb tou.
- Nan sèten kolèj, ou kapab kòmanse semès la avèk yon miting anpèsòn. Nan lòt, ou kapab genyen pou w ranpli papye yo anliy oswa anpèsòn.
- Sèten kolèj kapab genyen menm pwosesis la pou tout akomodasyon. Lòt kolèj kapab genyen pwosesis pou akomodasyon pou lojman e diferan pwosesis pou akademik yo.
Nòt
Anpil kolèj mande pou fè demand pou akomodasyon pou lojman plizyè mwa alavans.
Swiv pwosesis la: 10 Etap
Ositoke ou konnen nan ki kolèj ou prale:
- Chèche konnen kòman lekòl la vle pou w mande akomodasyon ou bezwen yo. Ale anliy, rele biwo pou andikape yo, epwi li materyèl yo kolèj la voye ba ou yo.
- Kontakte biwo pou andikape yo oswa ofisye a. Kolèj ou a kapab itilize yon diferan non pou biwo sa a.
- Fè ofisye pou andikape a konnen ou se yon etidyan ak andikap. Ou kapab genyen pou w ranpli yon fòm anliy oswa jwenn yo anpèsòn.
- Yo kapab pwobableman gen fòm pou mande akomodasyon rezonab pou lojman. Anpil lekòl ekzije pou w fè demand pou akomodasyon rezonab mwa alavans.
- Jwenn fòm yo oswa ekri yon lèt pou eksplike akomodasyon rezonab yo wap mande yo
- Mande akomodasyon espesifik ou bezwen an nan fòm konvenab la. Si pa genyen fòm, mande l nan yon lèt.
- Rankontre avèk ofisye pou afè andikape yo si kolèj la pèmèt ou sa, menmsi ou deja ranpli fòm yo. Ede yo pou yo konnen ou. Fè yo konnen ou bezwen reyisi.
- Kolekte prèv yo ki endike ou genyen yon andikap – jwenn yon lèt nan men doktè ou.
- Al wè Dokimantasyon Medikal.
- Pwouve ou bezwen akomodasyon wap mande yo akoz andikap ou a. Bay ofisye pou afè andikape yo la lèt doktè ou yo.
- Sil nesesè, negosye avèk kolèj la sou kalite akomodasyon yap ba ou yo. Li dwe oubyen tout oswa anyen menm. Si yo pa vle ba ou akomodasyon ou te mande a, gade si genyen diferan akomodasyon ya ba wou ki kab ede ou nan menm sans lan.
- Si ou bezwen akomodasyon rezonab pou yon kou patikilye, biwo pou andikape a dòdinè di ou pou w pale avèk pwofesè a an premye. Si pwofesè a di non oswa ap ba ou difikilte, mande biwo andikap la poul ede ou. Yo kapab ede w pale ak pwofesè a pou rezoud pwoblèm nan. Sa kapab efreye ou. Men sonje: objektif biwo andikape a se pou ede etidyan jwenn akomodasyon yo bezwen. Si ou fè tout sa ou kapab pou w jwenn akomodasyon yo ou bezwen koulyea, wap gen mwens chans pou w genyen pwoblèm plita.
Dokimantasyon medikal
Kolèj ou a ap pwobableman vle prèv ak eksplikasyon sou andikap ou a. Yon lèt doktè a oswa dosye medikal yo ta dwe sifi pou sa. Al gade echantiyon lèt doktè a (sample doctor’s letter). Bay doktè w la echantiyon sa epwi mande yon lèt apwopo de sitiyasyon patikilyè w la. Kolèj la kapab bezwen kopi dosye medikal ou tou oswa lèt espesifik sou lè ou te èntène lopital.
Fè swivi
Fè kèlkeswa sa w dwe fè pou asire ou aktyèlman jwenn akomodasyon ou bezwen an lè klas ou kòmanse. Ekri imèl, fè apèl telefònik, e vizite biwo pou afè andikape yo. Pa janm met nan tèt ou wap jwenn akomodasyon yo amwenke ou genyen yon bagay ki di w sa ofisyèlman. Pa chita tann si w pa jwenn repons: tcheke ak biwo pou afè andikape yo e chèche konnen sa kap pase avèk demand ou a.
Sijesyon enpòtan
- Jwenn yon dwayen ou admire oswa ki enterese nan menm bagay yo avèk ou. Renkontre avèk li. Pale li sou eksperyans ou ak sa ou vle akonpli. Fè yo wè ke reyisit ou se reyisit pa yo. Lè w gen yon mentò nan kampis la, yon moun ki gen pouvwa bò kote ou kapab trè enpòtan. Yo kapab anmezi pou yo ede ou si vin bewzen yon akomodasyon rezonab yon pwofesè pa vle ba ou.
- Ou vle pou pwofesè w la ta dakò pou l ba ou yon akomodasyon rezonab nan premye fwa ou mande l la. Sèten pwofesè kapab pa dakò imedyatman menmsi demand ou a rezonab. Nankonsa, apa pou w asire demand ou an rezonab, ou dwe panse sou kòman pou w mande li. Panse sou estil pwofesè. Eske sa se yon bagay li ta prefere pale sou li:
- nan imèl?
- pandan lè biwo?
- an pèsòn, touswit aprè klas?
- Lè w pale ak pwofesè w la, esplike kòman akomodasyon an entegre nan objektif ou pou lon tèm.
- Ou dwe di: “Klas sa a enpòtan pou objektif mwen pou karyè mwen. Mwen pa ta vle manke okenn nan materyèl la. E mwen pa vle pou maladi ta kenbe mwen.”
- Pa di: “Mwen te malad ankonsekans ou dwe pèmèt ratrape klas sa a.”
- Ale nan biwo pou afè andikape yo, dwayen yo, avèk pwfesè yo bonè. Si ou kapab jwenn ofisye pou afè andikape yo, dwayen, ak pwofesè envesti nan oumenm e vle pou w reyisi, la pli fasil pou w jwenn akomodasyon ou bezwen yo.
- Planifye klas yo avèk aktivite yo avèk gran swen, nan fason ki fè sans pou ou. Sa pa vle di ou dwe limite tèt ou, men lè w rekonèt MAF/SCD se yon kondisyon ki serye sa kapab ede w planifye otou konplikasyon yo li kapab koze yo.
Gen anpil etidyan ki soufri MAF/SCD ki reyisi nan kolèj! Lè w mande akomodasyon rezonab sa kapab ede w reyisi tou. Ou dwe tèt ou sa pou w mande akomodasyon ou bezwen yo.