Sezi kay pa vle di bank kapab mete ou deyò
Lwa Koz Jis Pou Ekspilsyon Massachusetts la (Massachusetts Just Cause Eviction Law) te pase an Out 2010. Li pwoteje lokatè nan pwopriyete yo bank sezi. Nan laplipa ka yo, yon bank pa kapab ekspilse ou oswa fè presyon sou ou pou ou kite amwenke li genyen yon “koz jis.”
Lwa Kos Jis sou Ekspilsyon:
- Si ou se "bona fide tenant" yon lokatè ki genyen bònfwa ou kapab rete nan bilding ou a pandan bank la genyen li, amwenke bank la genyen yon kos jis pou li ekspilse ou;
- Bank la kapab ekspilse ou selman si ou vyole règ estanda yo pou lokatè, oswa si bank
la te siyen yon kontra pou vann kay la avèk nenpòt lòt achtè; - Bank la pa kapab fè presyon sou ou pou ou soti oswa fè ou okenn lòt bagay pou fòse ou soti;
- Bank la dwe notifye ou sou dwa w pou ou genyen yon odyans tribunal avan ekspilsyon ou;
- Bank la dwe poste e voye yon notis ba ou pou di ou kòman pou ou kontakte bank la avèk moun ki anchaj reparasyon avèk administrasyon bilding ou a.