You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

E si yon lòt moun apade yon bank achte yon kay sezi?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize Jiyè 2015

Si yon moun prive oswa yon envestisè – nonpa yon bank-achte yon bilding sezi, Lalwa pou Degèpisman pou Kòz Jis (Just Cause Eviction Law) pa pwoteje ou. Men ou ankò genyen dwa ou.

Si sezi te fèt an 2014 oswa avan, e ou te yon lokatè avan pwopriyetè a te  resevwa “avètisman sou sezi a” yo dwe ba ou omwen yon 90 jou notis oswa jis nan finisman kontra lwaye w la avan yo aplike nan tribunal pou degèpi ou.

Si sezi a te fèt an 2015 oswa aprè, dòdinè yo sèlman genyen pou ba ou yon 14 oubyen 30 jou notis. 

Si nouvo pwopriyetè a pa yon bank li pa bezwen koz jis pou mete ou deyò. Men ou ankò genyen dwa w pou yon odyans nan tribunal pou defann ou kont yon ekspilsyon.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).