Si w ap fè fas ak yon degèpisman, itilize enfòmasyon sa yo pou w pran aksyon pou pwoteje lòjman ou
Nan eta Massachusetts, ou pa gen dwa ak yon avoka si w ap fè fas ak yon degèpisman. Anpil moun oblije reprezante tèt pa yo.
Sa a se premye nan 15 livre ki fèt pou ede w reprezante tèt ou si w ap fè fas ak yon degèpisman nan eta Massachusetts. Livre sa yo gen ladan yo enfòmasyon pratik konsènan ki etap ou bezwen pran pou w pwoteje dwa w yo, tankou kisa ou bezwen fè anvan ou ale nan tribinal la. Livre sa yo pa kapab ranplase wòl yon avoka.
15 livre pou ede w reprezante tèt ou
Livre 1: Pwoteje Tèt ou nan Ka yon Degèpisman
Ki etap pou w pran anvan w ale nan tribinal la epi kisa pou w pòte avè w lè w al nan tribinal la
Livre 2: Lis Verifikasyon Kòd Lòjman an
Ki kondisyon ki vyole Kòd Sanitè Eta a
Livre 3: Repons lan
Kòman pou w defann tèt ou epi esplike bay tribinal la poukisa yo pa ta dwe mete w deyò nan kay la
Livre 3A: Repons ak Dekouvèt Anreta
Kòman pou w mande tribinal la pou l aksepte fòmilè Repons ak Dekouvèt ou yo anreta
Livre 4: Dekouvèt
Kòman pou w jwenn enfòmasyon pou ede w prepare pou pwosè nan tribinal la
Livre 4A: Dekouvèt pou lokatè ki nan kay ke labank pral sezi yo
Kòman pou w jwenn enfòmasyon pou ede w prepare pwosè la
Livre 5: Transfè
Kòman pou w transfere yon pwosè nan Tribinal Lòjman an
Livre 6: Siprime yon Defo
Kòman pou w jwenn yon nouvo dat pou parèt nan tribinal la si w te rate premye randevou a
Livre 7: Apèl
Kikote pou depoze yon apèl si w te pèdi pwosè w la
Booklet 7A: Apèl
Kòman pou w depoze yon apèl pou yon ka ki nan yon Tribinal Lòjman
Livre 7B: Apèl
Kòman pou w depoze yon apèl pou yon ka ki nan yon Tribinal Distri
Livre 8: Ranvwa
Kòman pou w rete lakay ou si w te pèdi ka w
Livre 9: Afidavi Endijans
Kòman pou w mande tribinal la pou peye pou depans tribinal yo
Livre 10: Negosye yon Règleman pou Pwosè w
Kòman pou panse sou kisa ou vle kòm tèm ak kondisyon nan yon akò
Livre 11: Fòmilè Koreksyon Erè
Kòman pou w korije erè nan dokiman tribinal anliy ou yo.