Tout enfòmasyon debaz yo ki gen nan pwosè a tankou non yo ak adrès yo ale nan premye paj Repons lan.
Tout defans ak demann rekonvansyonèl ou yo konstitye gran majorite Repons ou an. Livre sa a gen ladan l kèk defans ak demann rekonvansyonèl debaz.
- Defans yo se jistifikasyon jiridik ki di poukisa pwopriyetè ou pa dwe mete w deyò. Pa egzanp, pwopriyetè a ap mete w deyò paske w pa t peye lwaye a, men ou te peye l anreyalite.
- Demann rekonvansyonèl yo se rekalamsyon ou genyen kont pwopriyetè ou a. Pa egzanp, ou gen dwa reklame ke pwopriyetè a dwe w yon lajan paske yo te vyole lalwa a. Oubyen, ou gen dwa mande tribinal la pou egzije pwopriyetè ou pou l ranje chofaj la oswa pou sispann fèmen pòt la akle sou espas komen yo pou anpeche w aksede yo.
Fòmilè Repons lan ede w detèminen si w ka depoze demann rekonvansyonèl yo pandan w ap ranpli fòmilè a. Gade, Defans Jiridik ak Demann Rekonvansyonèl.
Ou gen dwa gen reklamasyon ki pa ekri sou fòmilè sa a. Fòmilè a gen yon espas vid pou w ka mete plis reklamasyon.
Ou ka itilize Repons lan an menm tan tou pou w di jij la ak pwopriyetè a kisa ou bezwen.
Nan dènye paj fòmilè Repons lan, bay tribinal la omwen yon fason pou kontakte w. Mete adrès ou yo ak nenpòt nimewo telefòn ak adrès imèl ou itilize yo.
Ranpli fòmilè Repons lan osi vit ke posib
Lèt ak chif yo nan direksyon sa a akòde ak sa ki sou fòmilè a.
Ranpli pati anlè fòmilè Repons lan
a. Kopye konte a ki nan kwen siperyè agòch la nan fòmilè Demann pou Parèt ak Plent lan.
b. Ou pa bezwen mete anyen nan pati b a. Se tribinal la ki deside kilè ou pral gen pou parèt nan tribinal la pou lapremyè fwa epi l ap voye yon avi ba w ki endike dat sa a.
c. Kopye non pwopriyetè ou a ki nan fòmilè Demann pou Parèt ak Plent lan.
d. Ekri non ou jan li ekri sou fòmilè Demann pou Parèt ak Plent lan. Si non w afiche enkorèkteman, ou ka mande tribinal la pou ranje l pi devan. Men si w pa ekri non ou egzakteman jan li ekri nan fòmilè Demann pou Parèt ak Plent lan, biwo grefye a gen dwa pa depoze fòmilè Repons ou an kòmsadwa.
e. Kopye non tribinal la ki nan kwen dwat siperyè fòmilè Demann pou Parèt ak Plent lan.
f. Ekri Nimewo Dosye a si w konnen li. Nimewo Dosye a se nimewo a ke tribinal la bay pwosè w la. Fòmilè Demann pou Parèt ak Plent lan gen dwa genyen nimewo dosye a ki afiche nan kwen dwat siperyè a, oubyen ou ka mande tribinal la pou ba w nimewo a. Men li pa yon pwoblèm pou kite espas sa a vid tou.
Apre w fin ranpli fòmilè Repons lan, retounen alatèt Repons lan pou w verifye "Demann Rekonvansyonèl" si w te kwoche nenpòt bwat ant 32 ak 67 nan fòmilè Repons lan.
Ou dwe reklame dwa w pou w gen yon pwosè ak yon jiri nan dat limit pou remèt Repons ou oswa anvan sa a oubyen ou pral pèdi dwa sa a. Si w reklame yon pwosè ak yon jiri men ou chanje avi pi deva, lòt pati a dwe dakò avè w pou w chanje pwosè a pou w fè yon pwosè ak yon jij. Panse sou si w ta renmen pou yon jiri tande pwosè w olye yon jij. Pou ede w panse sou si w ta renmen mande pou yon pwosè ak yon jiri, gade Nòtanba ribrik Depoze Repons ou nan pati Lite Kont yon Degèpisman nan tribinal. Si w vle yon Pwosè ak Jiri :
- Nan premyè paj Repons lan, tyeke bwat ki di "Ak yon Demann pou Pwosè ak Jiri" epi
- Nan dènye paj fòmilè a tyeke "Mwen reklame dwa mwen pou m gen yon pwosè ak jiri" tou.
Ranpli enfòmasyon, defans ak demann rekonvansyonèl yo pou pwosè w la
Enfòmasyon yo
Ekri tout enfòmasyon yo epi kwoche bwat nan 1-8 yo ki vre pou w nan seksyon enfòmasyon an.
Kwoche bwat ki nan seksyon Defans ak Demann Rekonvansyonèl yo
Paragraf 9 nan fòmilè Repons sa a kòmanse ak yon lis defans ak demann rekonvansyonèl ki komen pou lokatè yo itilize pou kanpe yon pwosesis degèpisman. Kwoche bwat ki bòkote defans ak demann rekonvansyonèl yo ki vre selon sityasyon pa w la. Si w pa kwoche yon bwat kounyeya, ou pral oblije mande jij la pou l ajoute yon defans oswa yon demann rekonvansyonèl pi devan.
- Si y ap fè degèpisman an kont ou paske ou pa t peye kòb lwaye a, ou ka kwoche bwat 32-67 nan pati defans ak demann rekonvansyonèl la ki vre selon sityasyon w lan.
- Si y ap fè degèpisman kont ou pou yon rezon ki pa fòt ou, ou ka kwoche bwat 32-67 nan pati defans ak demann rekonvansyonèl la ki vre selon sityasyon w lan.
- Si y ap fè degèpisman kont ou poutèt yon bagay ke pwopriyetè a di ke w te fè mal, tankou li di ou te detwi yon byen imèb oswa ou te pètibe yon vwazen (sa ki rele yon "degèpisman pou yon fòt") li gen dwa pa posib pou w vini ak demann rekonvansyonèl.
- Si w se ansyen pwopriyetè a epi plenyan an pa t sezi pwopriyete a kòmsadwa, ou ka kwoche bwat 47-67 nan pati demann rekonvansyonèl la ki vre selon sityasyon pa w la pou w ka konteste degèpisman an.
Kisa m vle tribinal la fè
Nan fen fòmilè Repons lan, kwoche bwat yo epi di tribinal la sa w bezwen.
Èske w bezwen nenpòt enfòmasyon oswa prèv nan men pwopriyetè a pou ede w konstitye pwosè w la ?
Lè w ap prepare pwosè w la, ou ka gen bezwen kèk enfòmasyon ke sèlman pwopriyetè w la genyen. Dekouvèt se yon pwosedi nan tribinal la ki ede w jwenn enfòmasyon w bezwen nan men pwopriyetè w la. Lè w depoze Repons ou an, ou ka depoze fòmilè Dekouvèt an menm tan tou. Ou gen dwa pou mande pou yon Dekouvèt .
Pou mande yon Dekouvèt pou pwosè w la, gade Livre 4 : Dekouvèt .
Livre fòmilè Repons ou ak Dekouvèt ou
Si w ap mande pou yon Dekouvèt, depoze fòmilè Dekouvèt yo pandan w ap depoze Repons ou avèk tribinal la.
- Separe enstriksyon yo ak fòmilè Repons lan nan livre sa a.
- Fè 2 kòpi fòmilè Repons lan. Si w ap depoze yon fòmilè Dekouvèt, fè 2 kòpi fòmilè sa a tou.
- Depoze fòmilè Repons orijinèl ki siyen an ak fòmilè Dekouvèt la avèk tribinal la anvan dat limit Repons lan. Rele grefye a anvan w depoze fòmilè a epi mande yo ki pi bon fason pou fè depo a. Ou kapab :
- Livre l nan biwo grefye a fizikman. Si w livre l alamen nan tribinal la, mande tribinal la pou mete tenb dat la sou kòpi pa w la pou w ka gen prèv ke w te depoze l alè.
- Voye l bay tribinal la elektwonikman. Itilize sistèm depo vityèl tribinal la oswa rele yo epi mande tribinal la si w ka voye yon imèl ba yo. Sa a se pi bon fason an si w ka fè l !
- Voye l pa lapòs, men sèlman si se omwen yon semèn anvan dat limit la pou w ka asire w ke l rive anvan dat limit la. Lapòs la pran tan epi l pa fyab.
- Livre yon kòpiRepons ou an ak Dekouvèt ou a bay avoka pwopriyetè oswa pwopriyetè ou anvan dat limit Repons lan. Gade bò dwat fòmilè Demann pou Parèt ak Plent lan. Si gen yon nimewo sou liy "BBO#" ou a, pwopriyetè ou a gen yon avoka. Pou livre yon kòpi, ou ka :
- Livre l alamen bay avoka pwopriyetè ou oswa pwopriyetè ou.
- Voye l pa imèl. Avoka pwopriyetè ou a dwe aksepte kòpi ke w voye bay yo pa imèl la. Ou ka jwenn imèl yo a anba nan fòmilè Demann pou Parèt ak Plent nan. Si pwopriyetè ou pa gen yon avoka, mande avoka w si yo ka aksepte pou yo resevwa fòmilè Repons ak Dekouvèt ou a pa imèl. Si yo aksepte alekri oswa pa imèl oubyen SMS, ou ka voye l pa imèl. Si pwopriyetè ou la pa dakò, fòk ou voye l ba yo nan yon lòt fason.
- Voye l pa telekòpi oswa faks. Ou ka voye l pa telekòpi oswa faks bay avoka pwopriyetè ou oswa pwopriyetè ou, men sèlman si yo aksepte alekri pou yo resevwa li pa telekòpi oubyen faks. Si yo pa aksepte, fòk ou ta voye l ba yo pa yon lòt fason.
- Voye l pa lapòs, men SÈLMAN si se omwen yon semèn anvan dat limit la pou w ka asire w ke li rive anvan dat limit la. Lapòs la pran tan epi l pa fyab.
Prepare w pou w ale nan tribinal la
Felisitasyon dèske w te fin ranpli epi depoze papye tribinal ou yo. Kounyeya asire w ke w prepare pou ale nan tribinal la. Li Livre 1 : Reprezante Tèt ou nan Tribinal. Li pral ba w yon lis verifikasyon itil konsènan sa pou w pòte avè w lè w ale nan tribinal la.