You are here

Transfere dosye w nan Tribinal Lòjman an

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute avèk èd nan men biwo sèvis jiridik yo nan eta Massachusetts
Revize Janvye 2022

Fòmilè Demann pou Parèt ak Plent lan di w nan ki tribinal yo pral tande pwosè w.

Si pwosè w pral fèt nan Tribinal Distri a oswa nan BMC a, ou gen dwa transfere pwosè w la nan Tribinal Lòjman an. Tribinal Lòjman yo gen plis resous pou ede lokatè yo.

Si w transfere pwosè w nan Tribinal Lòjman an, depoze Repons ou avèk Tribinal Distri a oswa ak BMC kote pwosè a te depoze a. Itilize Livre 5 : Transfè.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).