Èske ou te rate dat odyans ou nan tribinal ?
Si w te rate dat odyans lan nan tribinal la pou pwosè degèpisman ou a, tribinal la pral pèmèt pwopriyetè a pou l mete w deyò nan kay la. Men ou ka mande tribinal la pou yon lòt dat odyans. Osito li posib, ranpli fòmilè Mosyon pou Retire Defo ki nan livre sa a epi depoze li.
Kisa ki rive si m pa vin nan tribinal la pou pwosè a ?
Si w pa asiste odyans pwosè w nan tribinal la oubyen si w rive aprè yo fin rele pwosè a, tribinal la fè yon "jijman defo." Tribinal la pral deside ke se pwopriyetè ou a ki genyen pwosè a paske w pa t asiste odyans pwosè w nan tribinal la. Pwopriyetè ou a ka mete w deyò anviwon 2 semèn aprè dat ou te sipoze parèt nan tribinal la.
Mande tribinal la pou ba w yon nouvo dat odyans nan tribinal
Ou ka mande yon jij pou retire jijman defo a epi pou l fikse yon lòt dat pou odyans pwosè a nan tribinal la. Ou dwe bay jij la yon bon jistifikasyon pou esplike poukisa w te rate dat odyans lan. Ou dwe gen yon "defans legal" tou ki pou rann li posib pou anpeche degèpisman ou.
Si w pa t depoze yon Repons jiskaprezan, li Livre 3 : Repons pou aprann plis konsènan defans jiridik ou gen dwa genyen yo. Aprè sa a, ranpli epi atache fòmilè Repons ou a ansanm ak mosyon sa a.
Eseye depoze Mosyon pou Retire Jijman Defo ou a ansanm ak Repons ou a nan mwens ke 10 jou apati dat odyans tribinal ou te rate a.