You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Sa pou w pote bay moun kap prepare taks la

Revize Janvye 2015

Pote pyès sa yo nan biwo taks la nan vwazinaj la, si ou genyen yo

  • Pyès idantite oumenm avèk madanm/mari ou,
  • kopi tax 2013 ou te ranpli,
  • Kat Sosyal Sekirite, lèt verifikasyon Nimewo Sosyal Sekirite ou, oswa Nimewo  ID Peyè Taks Endividyèl (Individual Taxpayer ID Numbers /ITIN) oumenm, pitit ou, ak mari/madanm ou.

Dokimantasyon sou revni. Sa genyen ladan li:

  • Tout fòm W-2 (relve lajan w fè) pou travay ou te fè an 2014,
  • Tout fòm 1099 ak tout fòm 1099G (Pèman Gouvènman). Sa montre lòt revni ou te resevwa an 2014,
  • Tout fòm 1098 (pèman ekolaj).

Pote dokimantasyon pou bagay sa yo, si ou genyen yo

  • Total depans pou swen timoun an 2014 - plis non, adrès, ak Nimewo Idantite Anployè ou (Employer Identification Number /EIN) oswa Nimewo Sekirite Sosyal moun ki okipe pitit ou,
  • Lajan Sipò timoun oswa pansyon alimantè ou resevwa oswa peye,
  • Depans pou adopsyon,
  • Relve enterè sou prè etidyan (enterè total etidyan peye sou lajan prete),
  • Lajan lwaye peye antotal an 2014 - mètkay/non ak adrès ajan lokatè,
  • Relve konpayi ipotèk oswa fakti taks sou kay ou,
  • Tout lèt oswa fòm ou resevwa nan men IRS.

Tout lòt revni, kankou:

  • Bous lekòl avèk bous pou rechèch,
  • Konpansasyon o bonis,
  • Lajan w genyen nan lotri o jwèt.

Nòt     

  • Si ou ranpli taks ou elektronikman e ou marye wap ranpli ansanm, ou dwe  mennen mari/madanm ou. Nou toulède dwe siyen fòm yo.
  • Si ou vle ekonomize enpe nan lajan yo ranbouse w la, ou kapab di IRS pou mete enpe o tout lajan an labank oswa nan IRA pou ou. Pote nimewo kont ak idantite  bank ou pou jiska 3 kont. Sa kapab kont kouran, epay, oswa IRA.  Deside sou konbyen nan ranbousman w lan ou vle depoze nan chak kont. Si ou vle depoze ranbousman w lan nan yon kont kouran, pote yon chèk vyèj (anblan).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).