You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Kredi pou Taks sou Revni

Revize Janvye 2015

Kisa Kredi pou Taks sou Revni an ye?

Kredi pou Taks sou Revni an (The Earned Income Tax Credit /EITC) se yon fason pou moun revni-ba kap travay jwenn gouvènman federal la retounen lajan ba yo.  Menmsi ou pat fè ase lajan pou w dwe taks sou salè w ou kapab resevwa EITC a!  Pou w resevwa li, ou dwe ranpli taks federal ou epwi voye li bay IRS.

Massachusetts genyen Kredi sou Revni an tou (EIC), pou ede moun ki gen revni ba kap travay jwenn gouvènman eta a retounen lajan ba yo. Pou w jwen kredi a ou dwe ranpli taks eta a e voye li bay Depatman Revni Massachusetts la (Massachusetts Department of Revenue).

Ou kapab anmezi pou w genyen gouvènman federal la ak eta a yo toulede retounen lajan ba ou lè ou ranpli taks ou e reklame kredi sa yo.  

Konbyen lajan m kapab jwenn?

Kredi federal

Si ou pat genyen timoun abite avèk ou an 2014, ou kapab jwenn jiska $496.

Si w te genyen yon timoun abite avèk ou an 2014, ou kapab jwenn jiska $3,305.

Si w te genyen de timoun abite avèk ou an 2014, ou kapab jwenn jiska $5,460.

Si w te genyen twa o plis timoun abite avèk ou an 2014, ou kapab jwenn jiska $6,143.

Kredi Eta a

Si ou jwenn kredi federal la, eta Massachusetts la ap voye yon kredi ba ou tou.  Lap 15% sa w resevwa nan men gouvènman federal la.

Pa ekzanp, si gouvènman federal la ranbouse ou $496, eta a ap ba ou yon lòt $74.40.  

Eske mwen kapab jwenn kredi pou taks sa yo?

Ou dwe kapab jwenn Kredi pou Taks sou Revni ou si ou te travay plentan oswa tan pasyèl an 2014, e ou genyen yon Nimewo Sekirite Sosyal epwi:

  • An 2014, ou te ant laj 25 an ak 64 an, ou pat genyen okenn timoun abite avèk ou, e ou te fè mwenske $14,590.

oswa

  • An 2014, ou te gen yon timoun abite avèk ou e w te fè mwenske $36,511.

oswa

  • An 2014, ou te gen de timoun abite avèk ou e w te fè mwenske $43,756.

oswa

  • An 2014, ou te gen twa o plis timoun abite avèk ou e ou te fè mwenske $46,997.

Sa se valè lajan yo pou adilt ki selibatè. Si ou marye epwi wap ranpli ansanm, ajoute $5,340 sou chak chif yo anwo a.

Pou mwen jwenn plis kredi paske yon timoun abite avèk mwen, ki laj timoun dwe genyen?

Jeneralman, an 2014 timoun lan ta dwe genyen mwenske 19 an.

men yon etidyan aplentan konte si an 2014 li te genyen mwenske 24 an.

epitou, timoun ki genyen dizabilite total e pèmanan konte kelkeswa laj yo--menmsi yo  adilt.

E si mwen pa sitwayen Ameriken? Eske m kapab ankò jwenn kredi sa yo?

Si w kalifye pou kredi yo eke ou pa sitwayen Ameriken, ou kapab ankò jwenn kredi sa yo si ou se yon rezidan pèmanan legal. Ou ka kapab jwenn kredi sa yo si ou marye avèk yon sitwayen Ameriken oswa yon rezidan pèmanan legal.

Konbyen tan lap pran pou m jwenn lajan sa a?

Ou kapab resevwa lajan sa a ositoke 7- 10 jou aprè w ranpli.

Eske lajan sa a konte kont èd piblik mwen, kankou asistans sosyal oswa SNAP/KouponAlimantè? 

Non.  Li pap konte kont asistans sosyal(welfare), SNAP/Koupon Alimantè, SSI, Asistans Medikal (Medicaid), oswa lojman piblik. Men sèten pwogram asistans yo kapab genyen regleman sou kantite tan ou kapab gade lajan an labank san depanse li. Wè Ranbousman Lajan Taks ak Benefis (Tax Refunds and Benefits).

Eske m kapab jwenn èd gratis pou ranpli taks mwen ak jwenn lajan pou kredi sa yo?

Wi. Gen yon pwogram yo rele Asistans Volontè Nan Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance /VITA) ki kapab ede wou ranpli tout papye yo gratis.

Chèche sou kod postal oswa non vil ou a yon biwo sèvis tax gratis ki prè ou (Search by zip code or the name of your town for a free tax clinic near you), oswa rele 1-800-829-1040.

E si mwen ranpli tax mwen anreta?

Ou dwe kapab jwenn kredi yo menmsi ou ranpli anreta, men nan sèten ka ou kapab genyen pou w peye yon penalite si w ranpli anreta.  Si w pa kapab ranpli taks ou vè 15 Avril, 2015, pale ak yon moun ki fè taks pou konnen sa pou w fè. Ou kapab pale ak yonn gratis nan yon biwo sèvis taks gratis prè ou (a free tax clinic near you).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).