Eske mwen gen dwa pou m genyen yon entèprèt lè m ale nan DTA (biwo wèlfè a)
Wi. Si ou pa finn pale Anglè kouramman, ou gen dwa pou w genyen yon entèprèt chak fwa ou ale nan biwo wèlfè a. Kèlkeswa lang matènèl ou a, Biwo wèlfè a sipoze ba ou yon entèprèt.
Si ou bezwen yon entèprèt pou Langaj an Siy Ameriken, biwo wèlfè a dwe ba ou yonn.
E si mwen kapab pale yon tibout Anglè?
Ou ankò gen dwa pou w genyen yon entèprèt. Si ou pi konfòtab nan lang matènèl ou pase Anglè, ou gen dwa pou w genyen yon entèprèt. Ou bezwen pou w konprann tou sa asistan sosyal la ap di, e li dwe konprann tou sa wap di. Otreman, kapab genyen pwoblèm avèk ka w la.
Kòman mwen ka mande pou yon entèprèt?
Di resepsyonis la oswa asistan sosyal ou a ou bezwen yo entèprèt.
Si yo pa kapab konprann ou, yo dwe montre ou yon kat “Mwen Pale” (I Speak" card). Se yon kat ki gen lis plizyè lang. Si ou wè lang pa w la, pwente sou li pou resepsyonis la oswa travayè sosyal la kab konnen ki lang ou bezwen pou entèprèt la pale. Si yo pa konprann ou toujou, yo dwe itilize "Liy Langaj la (the Language Line)" pou jwenn èd nan telefòn pou dechifre ki lang ou bezwen.
Eske mwen pa dwe peye anyen pou entèprèt la?
Non. Biwo wèlfè a dwe peye pou entèprèt la.
E si biwo wèlfè a fè mwen tann paske m bezwen yon intèprèt?
Biwo wèlfè a pa dwe fè ou rete tann lontan pou yon entèprèt.
Si ou la pou w aplike pou benefis, yo sipoze kite w aplike nan menm jou ou vini an, menmsi ou bezwen yon entèprèt.
Si ou tou jis bezwen pale ak travayè w la, travayè w la dwe jwenn yon entèprèt. Si travayè w la pa kakab jwenn yon entèprèt, li dwe rele "Liy Langaj (Language Line)" pou jwenn yon entèprèt pou pale avèk ou nan telefòn.
E lè m rele travayè sosyal mwen an nan telefòn?
Travayè sosyal ou a dwe fè yonn nan twa bagay: jwenn yon entèprèt nan biwo a, itilize Liy Langaj la (the Language Line) pou fè yon kominikasyon telefonik atwa avèk ou ak èd entèprèt la, oswa fikse yon lè pou retounen rele w avèk yon entèprèt. Si w dakò ou pa gen ijans, travayè a dwe retounen apèl ou a nan yonn o de jou. Si se yon ijans, travayè a dwe jwenn yon jan pou l gen yon entèprèt pou pale avèk ou nan menm jou a.
Eske m kapab jwenn dokiman ekri, kankou aplikasyon ak notis, nan lang mwen?
Si ou pale Panyòl, biwo wèlfè a gen fòm avèk notis ki ekri nan lang ou. Fè travayè a konnen ou bezwen fòm avèk notis an Panyòl.
Si ou pale yon lòt lang anpil moun nan kominote la pale, biwo welfè a sipoze tradwui fòm ak notis yo nan lang ou men yo kapab pa ankò fè sa. Si se sa, ou ta vle rele Biwo Sèvis Legal lokal ou a (local Legal Services office) e mande èd pou fè biwo wèlfè lokal ou a tradwi fòm sa yo pou ou.
Si pa genyen anpil moun ki pale lang ou a nan zòn ou rete a, biwo wèlfè a pa oblije ba ou fòm ak notis nan lang ou. Men biwo wèlfè a sipoze di ou kisa fòm yo ak notis yo di.
Eske m gen dwa pou m genyen yon entèprèt nan Sant Pwofesyonèl la?
Wi. Mande yon entèprèt si ou pa kapab konprann sa travayè a ap di nan Sant Pwofesyonèl la oswa nan yon klas trening nan. Si Sant Pwofesyonèl la pa ba ou yon entèprèt, di travayè wèlfè w la sa epi rele yon biwo Èd Legal pou asistans.
Si m nan yon chèltè, eske mwen gen dwa pou m jwenn yon entèprèt nan chèltè a?
Wi. Ou ou gen dwa pou w jwenn yon entèprèt nan chèltè a nenpòt lè ou bezwen pale ak pèsonèl chèltè a.
Mwen resevwa notis ki di yo refize, oubyen koupe oswa stope benefis mwen. Eske m kapab jwenn èd pou m fè yon apèl, e eske map genyen yon entèprèt nan odyans la?
Si ou genyen yon notis wèlfè ki di benefis ou pral koupe oswa estope, ou kapab ranpli fòm nan do notis la pou w mande yon apèl.
Si ou bezwen èd pou konprann fòm nan, rele travayè w la pou mande yon entèprèt pou tradwi li pou ou. Ou kapab ranpli fòm apèl la nan pwòp lang ou, oswa mande entèprèt la pou tradwi repons ou yo.
Ou gen dwa pou w genyen yon entèprèt tou nan odyans apèl la, pou ou kapab esplike poukisa yo pa dwe refize ou, koupe, oswa estope benefis ou. Rele Depatman Odyans la (the Division of Hearings) pou fè yo konnen ou bezwen yon entèprèt. Nimewo telefòn pou Depatman Odyans la (Division of Hearings) se 1-800-882-2017, e TTY la se 1-800-532-6238 or 617-348-5337.
E si biwo wèlfè a pa ban mwen yon entèprèt?
Mande travayè a oswa sipèvizè travayè a pou wè "Field Operations Memo 2005-34," la ofisyèl biwo wèlfè yo te ekri. Memo sa a esplike biwo wèlfè yo fèt pou bay moun entèprèt lè moun bezwen yo.
Si biwo wèlfè a, sant pwofesyonèl la, oswa chèltè a ankò pa ba ou yon entèprèt:
- Rapòte sa bay Kowalisyon pou Aksè ak Langaj nan Massachusetts (Massachusetts Language Access Coalition), epi
- rele Biwo Èd Legal Lokal ou a pou èd (your local Legal Aid).