Tout moun ki bezwen yon entèprèt gen dwa pou yo jwenn youn. Si ou bezwen yon entèprèt pou w:
- konprann sa kap di a, oswa
- Fè konprann sa wap di a
tribinal yo avèk laplipa pwogram piblik yo dwe ba ou yon entèprèt gratis.
Kèlkeswa lang matènèl ou, oswa kèlkeswa estati imigrasyon ou.
Sil difisil pou w pale o konprann Anglè, ou gen dwa pou ou genyen yon entèprèt gratis nan tribinal yo oswa biwo leta yo. Ou gen dwa tou pou ou resevwa enfòmasyon enpòtan yo ekri nan lang ou.
E si mwen kapab pale yon tibout Anglè?
Ou ankò gen dwa pou w genyen yon entèprèt. Si ou plis alèz nan lang ou pase anglè, ou gen dwa pou w genyen yon entèprèt. Ou bezwen konprann tousa anplwaye a di ou, e anplawe a bezwen konprann tousa ou di.