You are here

Kijan mwen kapab jwenn yon entèprèt?

Pwodwi pa Koalisyon pou Aksè ak Langaj Massachusetts
Revize Jiyè 2023

Si ou bezwen yon entèprèt, mande pou youn.  Ou kapab di,

“Mwen pale ­­­­­Kreyòl. Mwen bezwen yon entèprèt.”  Oswa, ou kapab montre anplwaye pwogram lan yon feyè / flier pou mande èd.  Oswa, itilize pankad / poster sa a pou montre anplwaye a lang ou pale a. Yo dwe ba ou yon entèprèt gratis.

Yo pa dwe:

  • Fè ou peye pou yon entèprèt,
  • Mande ou pou w mennen pwòp entèprèt pa ou, oswa
  • Voye ou ale paske ou pa pale Anglè. Yo dwe ede ou nan menm jou a.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).