Se travay entèprèt la pou l ede ou kominike avèk pwogram nan. Entèprèt yo se pwofesyonèl yo ye. Yo pale lang ou a avèk Anglè kouramman.
Travay yon entèprèt se pou li:
- di ou sa pèsonèl pwogram nan di ou;
- di pèsonèl pwogram nan sa wap di;
- di ou kesyon yo fòm pwogran lan mande yo;
- tradwi mo ou di yo an Anglè nan fòm yo;
Yon entèprèt pa kapab:
- ajoute anyen, chanje anyen oswa kite anyen nan sa oumenm oswa anplwaye a di;
- aksepte okenn lajan oswa kado nan men ou;
- fè konvèsasyon pèsonèl avèk ou;
- pataje enfòmasyon avèk okenn lòt moun sou ka w la;
- pran pati oswa ba ou opinion li sou ka w la.