You are here

Koalisyon pou Aksè ak Langaj Massachusetts

Pwodwi pa Attorney Kendra Sena, Massachusetts Language Access Coalition
Revize Avril 2023

Koalisyon pou Aksè ak Langaj Massachusetts (KAL) la / the Massachusetts Language Access Coalition (LAC) se yon gwoup defansè legal. Nou sipòte dwa tout moun nan kominote nou an pou yo genyen aksè ak jistis ak sèvis piblik yo nan lang prefere yo.

Ou gen dwa pou w jwenn entèprèt gratis ak enfòmasyon ekri nan pwòp lang ou nan tribinal ak laplipa pwogram piblik yo. Kal/ LAC travay pou asire yo tribinal, ajans leta, ak lòt pwogram piblik yo obsève lalwa ak respekte dwa ou.

Si yon pwogram refize ba ou entèprèt gratis oswa enfòmasyon enpòtan nan pwòp lang ou, rapòte sa bay KAL/LAC. Nap envestige sa.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).